BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 12 kesyon 1-5
  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Kouman pou w pwoche kote Bondye
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 12 kesyon 1-5

LESON 12

Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

1. Èske Bondye koute tout priyè?

Yon moun k ap priye Bondye.

Bondye envite tout kalite moun pwoche bò kote l nan lapriyè (Sòm 65:2). Men, li pa koute tout priyè, sa vle di li pa aksepte tout priyè. Pa egzanp, si yon gason ap maltrete madanm li, priyè l kapab bloke (1 Pyè 3:7). Epitou, lè Izrayelit yo te pèsiste nan fè sa k pa bon, Bondye te refize koute priyè yo. Li klè, lapriyè se yon onè Bondye fè nou. Epoutan, Bondye ap aksepte priyè menm moun ki konn fè gwo peche si yo repanti. — Li Ezayi 1:15; 55:7.

Gade videyo Èske Bondye koute tout priyè?

2. Ki jan nou ta dwe priye?

Lapriyè se yon pati nan adorasyon n ap bay Bondye, se sa k fè se Jewova, Kreyatè nou an, sèlman nou dwe priye (Matye 4:10; 6:9). Epitou, kòm nou enpafè e nou pa ka pwoche bò kote Bondye poukont nou, nou ta dwe priye nan non Jezi paske li te mouri pou peche nou (Jan 14:6). Jewova pa vle pou n ap repete priyè pakè oswa pou n ap repete priyè moun ekri, men li vle pou priyè nou yo sot nan kè nou. — Li Matye 6:7; Filipyen 4:6, 7.

Kreyatè nou an ka menm koute priyè moun fè an silans (1 Samyèl 1:12, 13). Li envite nou priye l nenpòt ki lè, tankou nan kòmansman jounen an, nan aswè, lè n pral manje ak lè n gen pwoblèm. — Li Sòm 55:22; Matye 15:36.

3. Poukisa kretyen yo reyini?

Moun k ap li nan Bib la pandan yon reyinyon.

Li pa fasil pou nou pwoche bò kote Bondye, paske n ap viv nan mitan moun ki pa gen lafwa nan Bondye e k ap pase pwomès li fè pou gen lapè sou tè a nan rizib (2 Timote 3:1, 4; 2 Pyè 3:3, 13). Se sa k fè nou bezwen reyini ak kwayan parèy nou yo k ap ankouraje nou, e yo menm tou yo bezwen ankourajman nan men nou. — Li Ebre 10:24, 25.

Si w fè zanmi ak moun ki renmen Bondye, sa ap ede w pwoche bò kote l. Reyinyon Temwen Jewova yo fè yo ban nou okazyon pou nou jwenn ankourajman nan lafwa lòt moun. — Li Women 1:11, 12.

4. Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

Yon moun k ap li Bib la pandan l nan poz.

Ou ka pwoche bò kote Jewova lè w medite sou sa w aprann nan Pawòl li a. Reflechi pou w wè ki sa w ka aprann nan sa l fè, nan direksyon li bay ak nan pwomès li fè. Lapriyè ak meditasyon ap fè w gen rekonesans pou lanmou Bondye ak sajès li genyen. — Li Jozye 1:8; Sòm 1:1-3.

Ou ka pwoche bò kote Bondye sèlman si w kwè nan li, si w gen lafwa nan li. Lafwa menm jan ak yon bagay ki vivan ki bezwen yo nouri l. Ou dwe nouri lafwa w toutan lè w kontinye medite sou rezon ki fè w kwè. — Li Matye 4:4; Ebre 11:1, 6.

5. Ki byenfè w ap jwenn lè w pwoche bò kote Bondye?

Jewova pran swen moun ki renmen l yo. Li kapab pwoteje yo pou anyen mal pa mete ni lafwa yo ni esperans yo genyen pou yo viv pou toutan an an danje (Sòm 91:1, 2, 7-10). Li fè nou konnen tout sa pou nou pa fè pou n pa met sante nou an danje e pou n pa pèdi jwa nou. Jewova anseye nou pi bon fason pou nou viv. — Li Sòm 73:27, 28; Jak 4:4, 8.

Kèk zanmi k ap pran plezi yo ansanm.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje