BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 11 kesyon 1-4
  • Ki jan prensip ki nan Bib la itil nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan prensip ki nan Bib la itil nou?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan lwa Bondye yo pwofitab pou nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Kite Bondye gide w nan tout bagay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ann kontinye fòme konsyans nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 11 kesyon 1-4

LESON 11

Ki jan prensip ki nan Bib la itil nou?

1. Poukisa nou bezwen konsèy?

Yo suiv prensip ki nan Bib la: Manman ap pase senti sekirite pou pitit la; papa ak pitit la mete kas pou pwoteje tèt yo; yon fi ki ansent; yon moun ki pran prekosyon nan travay.

Ki jan prensip ki nan Bib la ka ede n pran prekosyon pou n pwoteje tèt nou? — SÒM 36:9.

Kreyatè nou an gen plis sajès pase n. Antanke yon Papa ki gen lanmou, li gen sousi pou nou. Epitou, li pa t kreye nou pou n viv endepandan parapò ak li (Jeremi 10:23). Kidonk, menm jan yon timoun bezwen konsèy nan men paran l, se konsa tou nou tout bezwen konsèy nan men Bondye (Ezayi 48:17, 18). Prensip ki nan Bib la se konsèy yo ye, e konsèy sa yo se kado Bondye ban nou. — Li 2 Timote 3:16.

Lwa ak prensip Jewova ban nou yo fè n konnen ki pi bon fason pou n viv depi kounye a e yo montre n kòman nou ka jwenn byenfè k ap dire pou toutan alavni. Etandone se Bondye ki kreye nou, se toutafè nòmal pou n koute konsèy li ban nou e nou ta dwe genyen l rekonesans pou sa. — Li Sòm 19:7, 11; Revelasyon 4:11.

2. Ki sa prensip ki nan Bib la ye?

Prensip ki nan Bib la se yon seri verite jeneral, alòske lwa yo kapab itil nan sitiyasyon espesyal (Detewonòm 22:8). Nou dwe sèvi ak kapasite nou genyen pou n reflechi a yon fason pou n konprann ki jan nou ka aplike yon prensip nan yon sitiyasyon (Pwovèb 2:10-12). Pa egzanp, Labib fè n konnen lavi se yon kado Bondye ban nou. Prensip sa a ka gide n nan travay nou, lakay nou e lè n ap vwayaje. L ap ede n pran prekosyon pou n pwoteje tèt nou. — Li Travay 17:28.

3. Ki de prensip ki pi enpòtan?

Jezi te pale konsènan de prensip, e se yo ki pi enpòtan. Premye prensip la fè n konnen objektif lavi nou antanke moun, sa vle di aprann konn Bondye, renmen l epi sèvi l fidèlman. Nou ta dwe konsidere premye prensip sa a nan tout desizyon n ap pran (Pwovèb 3:6). Moun ki viv ann amoni ak prensip sa a vin zanmi Bondye, yo jwenn vrè kè kontan an e y ap gen lavi nètale. — Li Matye 22:36-38.

Dezyèm prensip la ka ede nou viv anpè avèk lòt moun (1 Korentyen 13:4-7). Pou n rive suiv li nan lavi nou, sa mande pou n imite Bondye nan fason l boule ak moun. — Li Matye 7:12; 22:39, 40.

4. Ki jan prensip ki nan Bib la ede nou?

Yon fanmi ki kontan.

Prensip ki nan Bib la montre fanmi yo ki jan yo ka ini grasa lanmou yo demontre youn pou lòt (Kolosyen 3:12-14). Pawòl Bondye a pwoteje fanmi yo tou lè l anseye yo yon lòt prensip, prensip ki fè konnen maryaj la ta dwe dire toutan. — Li Jenèz 2:24.

Lè n suiv prensip ki nan Bib la, sa ka pwoteje n ni nan domèn materyèl ni nan domèn afektif. Pa egzanp, souvan patwon yo pi renmen anplwaye k ap viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la ki mande pou moun onèt e pou yo travay ak dilijans (Pwovèb 10:4, 26; Ebre 13:18). Pawòl Bondye a anseye nou tou pou n aprann kontante n ak bagay ki nesesè pou n viv e pou n bay amitye n ak Bondye plis valè pase bagay materyèl. — Li Matye 6:24, 25, 33; 1 Timote 6:8-10.

Lè n viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, sa ka pwoteje sante nou (Pwovèb 14:30; 22:24, 25). Pa egzanp, lè n suiv lwa Bondye bay pou moun pa bwè pou yo sou, sa pwoteje n kont yon seri maladi ki ka touye nou e kont yon seri aksidan (Pwovèb 23:20). Jewova aksepte nou bwè bwason ki gen alkòl, men se sèlman si n fè sa ak kontwòl (Sòm 104:15; 1 Korentyen 6:10). Prensip Bondye yo ede n paske yo fè n konnen nonsèlman nou dwe fè atansyon ak sa n ap fè, men tou nou dwe fè atansyon ak sa n ap panse (Sòm 119:97-100). Men, vrè kretyen yo pa suiv prensip Bondye yo sèlman paske yo pwofitab pou yo. Yo fè sa tou pou yo onore Jewova. — Li Matye 5:14-16.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 12 ak 13 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje