BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • T-35 p. 1-4
  • Èske moun mouri ka leve vre?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske moun mouri ka leve vre?
  • Èske moun mouri ka leve vre?
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa demen sere pou ou?
    Ki sa demen sere pou ou?
  • Èske soufrans ap janm fini?
    Èske soufrans ap janm fini?
  • Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?
    Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Wayòm Bondye a ye?
Gade plis
Èske moun mouri ka leve vre?
T-35 p. 1-4
De paran k ap gade foto yon pitit gason yo ki mouri

Èske moun mouri ka leve vre?

Èske w t ap di...

  • wi?

  • non?

  • petèt?

MEN SA BIB LA DI

“Pral gen yon rezirèksyon.” — Travay 24:15, Tradiksyon monn nouvo a.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap jwenn konsolasyon lè yon moun pa w mouri. — 2 Korentyen 1:3, 4.

Ou pap pè lanmò ankò. — Ebre 2:15.

W ap gen bonjan espwa pou w rewè moun pa w ki mouri yo. — Jan 5:28, 29.

Yon fanmi ak yon vèv ki jwenn rekonfò grasa esperans rezirèksyon an

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen twa rezon:

  • Se Bondye ki bay lavi. Labib di Jewova Dye se “sous lavi a”. (Sòm 36:9; Travay 17:24, 25.) Se sèten Moun ki bay lavi a kapab rebay moun ki mouri yo lavi.

  • Bondye te leve moun mouri nan tan lontan. Labib pale de uit moun mouri ki te leve e ki te kontinye viv sou tè a. Pami yo, te gen timoun, granmoun, gason ak fi. Kèk nan yo pa t gen lontan depi yo mouri, men gen youn nan yo ki te gentan antere depi kat jou. — Jan 11:39-44.

  • Bondye vrèman anvi fè sa ankò. Jewova rayi lanmò. Pou li menm, lanmò se yon ènmi (1 Korentyen 15:26). Se pa ti anvi li anvi elimine ènmi sa a. L ap fè sa pa mwayen rezirèksyon an. Li vrèman anvi leve moun mouri ki nan memwa l yo pou l wè y ap viv ankò sou tè a. — Jòb 14:14, 15.

FÈ YON TI REFLECHI

Yon tibebe ki grandi jis li vin granmoun

Sa k fè moun vyeyi e sa k fè yo mouri?

Bib la reponn kesyon sa a nan JENÈZ 3:17-19 ak nan WOMEN 5:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje