BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 1 p. 4-5
  • Yon sekrè nou kontan konnen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon sekrè nou kontan konnen
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2018
  • “Sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Bondye pwomèt yon paradi
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 1 p. 4-5
Zanj yo k ap koute toutpandan Jezi ap pale ak moun yo konsènan Wayòm Bondye a.

LESON 1

Yon sekrè nou kontan konnen

Èske gen yon moun ki deja di w yon sekrè? —a Bib la pale de yon sekrè ki enpòtan anpil. Yo rele sekrè sa a “sekrè sakre” a. Sekrè sa a sakre paske se nan Bondye li soti. Li te yon sekrè paske pèsonn pa t konnen l. Menm zanj yo te vle konnen plis bagay sou sekrè sa a. Èske w ta renmen konn ki sekrè l ye? —

Ki sa w panse zanj yo t ap chèche konnen?

Sa gen anpil anpil ane, Bondye te kreye premye gason an ak premye fi a. Non yo se te Adan ak Èv. Bondye te ba yo yon bèl kote pou yo rete ki te rele jaden Edenn. Si Adan ak Èv te obeyi Bondye, yo menm ansanm ak pitit yo t ap vin fè tout tè a tounen yon paradi menm jan ak jaden Edenn nan. Epi, yo t ap ka viv nan Paradi a pou toutan. Men, èske w sonje ki sa Adan ak Èv te fè? —

Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, e se pou rezon sa a ki fè nou pap viv nan yon paradi jodi a. Men, Bondye te di li t ap fè tout tè a vin bèl, epi tout moun t ap viv pou toutan ak kè kontan. Ki jan li t apral fè sa? Pandan lontan, pèsonn pa t konnen. Se te yon sekrè!

Lè Jezi te vin sou tè a, li te anseye moun yo plis bagay sou sekrè sa a. Li te di sekrè sa a te konsène Wayòm Bondye a. Jezi te mande moun yo pou yo priye pou Wayòm sa a vini. Wayòm nan pral fè tè a tounen yon bèl paradi.

Èske w anvi konn sekrè sa a? — Pa bliye, se sèlman moun ki obeyi Jewova yo ki pral viv nan Paradi a. Bib la rakonte istwa lavi anpil gason ak fi ki te obeyi Jewova. Èske w ta renmen aprann kèk bagay sou moun sa yo? — Annou wè ki kalite moun kèk nan yo te ye e ki jan nou ka imite yo.

LI NAN BIB OU

  • Mak 4:11

  • 1 Pyè 1:12

  • Jenèz 1:26-28; 2:8, 9; 3:6, 23

  • Matye 6:9, 10

  • Sòm 37:11, 29

a Toutpandan w ap analize istwa ki nan bwochi sa a, w ap jwenn kèk kesyon ki gen yon seri trè tankou trè sa a (—) ki vin apre yo. Lè sa a, l ap bon pou w fè yon poz epi pou w kite pitit ou reponn.

KESYON:

  • Ki sa k fè tè a pa yon paradi jodi a?

  • Ki sekrè ki enpòtan anpil Bib la pale de li?

  • Ki sa Jezi te anseye moun yo konsènan sekrè sa a?

  • Ki sa w dwe fè pou w ka viv nan Paradi a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje