BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 11 p. 24-25
  • Yo te ekri konsènan Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo te ekri konsènan Jezi
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Mèt la te aprann li sa padone vle di
    Annou imite lafwa yo
  • Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • “Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Li te rete fidèl devan eprèv
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 11 p. 24-25
Kèk gason ki te ekri konsènan Jezi: Matye, Mak, Lik, Jan, Pyè, Jak, Jid, ak Pòl.

LESON 11

Yo te ekri konsènan Jezi

Èske w wè mesye yo ki nan foto a? — Se Matye, Mak, Lik, Jan, Pyè, Jak, Jid ak Pòl. Tout mesye sa yo t ap viv nan menm epòk ak Jezi, e yo te ekri konsènan Jezi. Ann aprann plis bagay sou yo.

Ki sa w konnen konsènan mesye sa yo?

Gen twa nan yo ki te apot e ki te konn preche ak Jezi. Èske w konn non twa mesye sa yo? — Se Matye, Jan ak Pyè. Apot Matye ansanm ak apot Jan te konnen Jezi trè byen, e yo chak te ekri yon liv konsènan lavi Jezi. Apot Jan te ekri yon lòt liv ki rele Revelasyon ansanm ak twa lèt ki rele Premye lèt Jan, Dezyèm lèt Jan ak Twazyèm lèt Jan. Apot Pyè te ekri de lèt nou jwenn nan Bib la. Lèt sa yo rele Premye lèt Pyè ak Dezyèm lèt Pyè. Nan dezyèm lèt Pyè te ekri a, li te pale konsènan moman Jewova te pale depi nan syèl la. Lè sa a, men sa Jewova te di konsènan Jezi: ‘Se pitit gason m. Mwen renmen l e m fyè de li.’

Lòt mesye yo ki nan foto a ban nou enfòmasyon sou Jezi tou nan liv yo te ekri yo. Mak se youn nan mesye sa yo. Petèt li te la nan moman yo te arete Jezi a epi l te wè tout sa k te rive yo. Lòt la se Lik. Li te yon doktè, e petèt li te vin kretyen apre lanmò Jezi.

De lòt moun ki te ekri nan Bib la ou wè nan foto a se ti frè Jezi yo te ye. Èske w konn non yo? — Non yo se Jak ak Jid. Okòmansman, yo pa t kwè nan Jezi. Yo te menm panse Jezi te yon ti jan fou. Men, annapre, yo te vin kwè nan Jezi epi yo te vin kretyen.

Dènye moun ki te ekri nan Bib la ou wè nan foto a se Pòl. Anvan l te vin kretyen, li te rele Sòl. Li te rayi kretyen yo epi l te konn maltrete yo anpil. Èske w konn ki sa k te fè Pòl vle vin kretyen? — Yon jou, pandan l t ap vwayaje sou yon wout, sanzatann, li te tande vwa yon moun k ap pale avè l depi nan syèl la. Se te Jezi! Jezi te mande Pòl: ‘Poukisa w ap maltrete moun ki kwè nan mwen yo?’ Apre sa, Pòl te vin chanje epi l te vin kretyen. Pòl te ekri 14 liv nan Bib la soti nan liv Women an pou rive nan liv Ebre a.

Nou li Bib la chak jou, pa vre? — Lè nou li Bib la, nou aprann anpil bagay konsènan Jezi. Èske w ta renmen konn plis bagay konsènan Jezi? —

LI NAN BIB OU

  • 2 Pyè 1:16-18

  • Mak 3:21; 14:51

  • Jid 1

  • Travay 9:1-18

KESYON:

  • Kiyès nan apot Jezi yo ki te ekri konsènan Jezi?

  • Bay non de moun ki te ekri nan Bib la ki se frè Jezi.

  • Ki jan Pòl te fè vin kretyen?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje