BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 13 p. 28-29
  • Timote te vle ede lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Timote te vle ede lòt moun
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Timote te prè e li te dispoze sèvi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pòl ak Timote
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Jèn : chèche atenn objektif ki onore Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 13 p. 28-29
Timote ki jèn k ap aprann nan men manman l Enis ak granmè l Loyis.

LESON 13

Timote te vle ede lòt moun

Timote se te yon jèn gason ki te renmen ede moun. Li te vwayaje al anpil kote pou l ede lòt moun. Piske l te fè sa, li te viv yon fason ki te vrèman enteresan. Èske w ta renmen konn kèk bagay sou Timote? —

Manman Timote ak granmè Timote te aprann li konnen Jewova.

Timote te grandi nan yon vil ki rele Lis. Depi lè l te timoun, granmè l Loyis ak manman l Enis te kòmanse aprann li konnen Jewova. Toutpandan Timote t ap grandi, li te vle ede lòt moun aprann konnen Jewova.

Pandan Timote te yon jèn gason toujou, Pòl te mande l si l vle al preche kèk lòt kote avè l. Timote te reponn: ‘Wi!’ Timote te pare pou l al ede lòt moun.

Timote te vwayaje ak Pòl pou y al nan yon vil nan Masedwàn ki rele Tesalonik. Pou yo t al nan vil sa a, yo te dwe fè anpil tan ap mache, epi yo te dwe pran yon bato. Lè yo te resi rive, yo te ede anpil moun aprann konnen Jewova. Men, gen kèk moun ki te fache anpil kont yo e ki te eseye touye yo. Se sa k fè, Pòl ak Timote te oblije kite vil sa a pou y al preche yon lòt kote.

Timote k ap vwayaje ansanm ak apot Pòl sou yon bato.

Timote te viv yon fason ki bay kè kontan.

Kèk mwa annapre, Pòl te mande Timote pou l retounen Tesalonik pou l te ka konnen kòman frè yo ye. Sa te mande anpil kouraj pou l te retounen nan vil sa a ki te gen anpil danje! Men, Timote te ale paske l te gen sousi pou frè ki t ap viv nan vil sa a. Lè l te tounen, li te pote bon nouvèl pou Pòl. Frè Tesalonik yo te trè byen!

Timote te travay ansanm ak Pòl pandan plizyè ane. Yon lè, Pòl te fè konnen Timote se te pi bon moun li te ka voye pou ede kongregasyon yo. Timote te renmen Jewova e l te renmen lòt moun tou.

Èske w renmen lòt moun, e èske w vle ede yo aprann konnen Jewova? — Si w fè sa, menm jan ak Timote, ou kapab viv yon fason ki bay kè kontan e ki vrèman enteresan!

LI NAN BIB OU

  • 2 Timote 1:5; 3:15.

  • Travay 16:1-5; 17:1-10

  • 1 Tesalonisyen 3:2-7

  • Filipyen 2:19-22

KESYON:

  • Nan ki vil Timote te grandi?

  • Èske Timote te vle vwayaje ak Pòl? Poukisa?

  • Pou ki rezon Timote te retounen nan vil Tesalonik?

  • Menm jan ak Timote, ki jan w ka viv yon fason ki bay kè kontan?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje