BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 14 p. 30-31
  • Yon Wayòm ki pral dirije tout tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon Wayòm ki pral dirije tout tè a
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Zanmi Bondye yo pral viv nan Paradi a
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv?
    Koute gran Anseyan an
  • Yon Wayòm ki pral fè gwo chanjman sou tè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 14 p. 30-31
Jezi Kris k ap dirije antanke Wa sou tè a ki tounen yon Paradi.

LESON 14

Yon Wayòm ki pral dirije tout tè a

Èske w konn de ki Wayòm n ap pale la a? — Wi, se Wayòm Bondye a, Wayòm ki pral fè tè a vin yon paradi a. Èske w ta renmen konn plis bagay sou Wayòm sa a? —

Chak wayòm gen yon wa ladan l. Epi, se wa sa a k ap dirije moun ki nan peyi l ap gouvène a. Èske w konn ki moun ki Wa nan Wayòm Bondye a? — Se Jezi Kris. L ap viv nan syèl la. Antanke Wa, talè konsa, li pral dirije tout moun ki sou tè a! Èske w panse tout moun pral kontan lè Jezi ap dirije tout tè a antanke Wa? —

Ki sa w ap ret tann nan Paradi a?

Nou pral kontan anpil! Nan Paradi a, pap gen pèsonn ankò ki pral goumen youn ak lòt oswa ki pral fè lagè. Tout moun pral renmen youn lòt. Pap gen pèsonn k ap malad oswa k ap mouri. Moun ki avèg yo pral wè, moun ki soud yo pral tande, moun ki pa t ka mache yo pral kouri epi yo pral sote ponpe. Tout moun pral jwenn anpil manje pou yo manje. Bèt yo pral zanmi youn ak lòt epi y ap zanmi nou tou. Moun ki te mouri yo pral retounen viv ankò. Anpil nan gason ak fi ou te aprann konnen nan bwochi sa a tankou Rebeka, Rahab, David ak Eliya pral retounen viv ankò! Èske w ta renmen rankontre yo lè yo retounen viv ankò? —

Jewova renmen w, e l vle pou w gen kè kontan. Si w kontinye aprann konnen Jewova epi w obeyi l, w ap kapab viv pou toutan nan yon bèl paradi! Èske se sa w vle? —

LI NAN BIB OU

  • Izayi 2:4; 11:6-9; 25:8; 33:24; 35:5, 6

  • Jan 5:28, 29; 17:3

KESYON:

  • Kiyès ki Wa nan Wayòm Bondye a?

  • Sou ki moun Jezi pral dirije antanke Wa?

  • Ki jan bagay yo pral ye lè Jezi pral dirije tè a?

  • Ki sa w dwe fè si w vle viv nan Paradi a pou toutan?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje