BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • kr chap. 12 p. 118-131
  • Nou òganize pou nou sèvi “Bondye lapè a”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou òganize pou nou sèvi “Bondye lapè a”
  • Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “M ap tabli lapè kòm siveyan w”
  • Fason Kris ap dirije kongregasyon an
  • “Se pou nou tounen egzanp pou twoupo a”
  • Fason ansyen yo pran swen twoupo Bondye a
  • Lefètke frè yo pi byen konprann fason pou yo pran swen pèp Bondye a sa fè pèp Bondye a gen plis inite
  • Siveyan ki la pou pran swen twoupo a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ki jan kongregasyon an òganize
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Wayòm Bondye a ap dirije!
kr chap. 12 p. 118-131

CHAPIT 12

Nou òganize pou nou sèvi “Bondye lapè a”

IDE KLE CHAPIT LA

Jewova òganize pèp li a tikras pa tikras.

1, 2. Ki chanjman ki te fèt nan Toudegad Siyon an janvye 1895 lan, e ki jan frè yo te reyaji?

LÈ John A. Bohnet, yon Etidyan Labib ki zele, te resevwa Toudegad Siyon an (anglè) janvye 1895 lan, sa l te wè a te fè l kontan anpil. Jounal la te gen yon nouvo kouvèti. Sou paj kouvèti a te gen desen yon fa, ki toupre yon lanmè ajite, k ap voye reyon limyè nan mitan yon syèl tou nwa. Atik ki te anonse nouvo kouvèti peryodik la te gen tit: “Nouvo rad nou an.”

2 Frè Bohnet te tèlman kontan, li te ekri yon lèt voye bay frè Russell. Men sa l te di: ‘Mwen kontan pou m wè jan Toudegad la atiran. Li vrèman bèl.’ Men sa John H. Brown, yon lòt Etidyan Labib ki fidèl, te ekri konsènan paj kouvèti a: “Li vrèman atiran. Se pa ti solid fondasyon sa a kote fa a ye a solid, malgre tout vag ak tanpèt sa yo k ap frape l.” Nouvo paj kouvèti sa a, se te premye chanjman frè yo te fè nan ane sa a, men, se pa t dènye chanjman an. Nan mwa novanm, yo te vin aprann yon lòt gwo chanjman. Chanjman sa a te gen rapò ak yon seri pwoblèm ki te tankou yon lanmè ajite.

3, 4. Konsènan ki pwoblèm yo te pale nan Toudegad 15 novanm 1895 lan, e ki gwo chanjman yo te anonse?

3 Gen yon atik ki te parèt nan Toudegad 15 novanm 1895 lan ki te pale byen klè konsènan yon pwoblèm: Te gen yon seri pwoblèm ki tankou gwo vag lanmè ki t ap sakaje lapè asosyasyon, oswa òganizasyon Etidyan Labib yo. Te vin gen plis diskisyon pami frè yo pou konnen ki moun ki ta dwe pran latèt nan kongregasyon yo. Pou ede frè yo wè sa yo te bezwen fè pou yo korije move etadespri sa a ki t ap divize kongregasyon an, atik la te konpare òganizasyon an ak yon bato. Apre sa, yon fason klè, atik la te fè konnen moun ki pran latèt yo pa t rive prepare òganizasyon an, ki tankou yon bato, pou fè fas ak van tanpèt. Ki sa yo te dwe fè?

4 Atik la te fè konnen yon bon kapitèn ap chèche asire l gen jilè sovtaj sou bato l ye a, epi l ap asire l moun ki sou bato a ap pare pou pwoteje bato a lè gen tanpèt. Menm jan an tou, moun ki te pran latèt nan òganizasyon an te dwe chèche asire yo tout kongregasyon yo te pare pou fè fas ak pwoblèm yo ki tankou gwo tanpèt. Pou rive fè sa, atik la te pale konsènan yon gwo chanjman. Atik la te fè konnen san pèdi tan ‘nan chak kongregasyon, yo dwe chwazi ansyen’ pou ‘siveye’ twoupo a. — Tra. 20:28.

5. a) Ki sa k fè premye dispozisyon yo te pran pou etabli ansyen nan kongregasyon yo te jwe yon wòl enpòtan? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

5 Premye dispozisyon sa a yo te pran pou etabli ansyen nan kongregasyon yo te jwe yon wòl enpòtan nan efò ki t ap fèt pou rive gen yon kongregasyon ki byen òganize e ki stab. Sa te ede frè nou yo fè fas ak gwo pwoblèm Premye Gè mondyal la te pote yo ki te tankou vag lanmè. Nan plizyè dizèn ane ki te vin apre yo, gen anpil lòt amelyorasyon ki te fèt nan fason pèp Jewova a òganize, e sa te ede yo vin pi byen ekipe pou yo sèvi Jewova. Ki pwofesi biblik ki te anonse amelyorasyon sa yo? Ki chanjman w wè yo te fè nan fason nou òganize? Ki byenfè chanjman sa yo fè w jwenn?

“M ap tabli lapè kòm siveyan w”

6, 7. a) Ki sa pawòl ki nan Izayi 60:17 la vle di? b) Lefètke yo pale de “siveyan” ak “chèf ki sou tèt” nan vèsè a, ki sa sa montre?

6 Jan nou te wè sa nan chapit 9 la, Izayi te fè konnen Jewova t ap gen pou l vide benediksyon l sou pèp li a pou yo vin pi plis (Iza. 60:22). Sepandan, Jewova te pwomèt l ap fè plis toujou. Men sa l te di nan menm pwofesi sa a: “Nan plas kuiv, m ap pote lò, nan plas fè, m ap pote ajan, nan plas bwa, m ap pote kuiv e nan plas wòch, m ap pote fè. Wi, m ap tabli lapè kòm siveyan w, e kòm chèf ki sou tèt ou, m ap tabli jistis.” ​(Iza. 60:17). Ki sa pwofesi sa a vle di? Ki aplikasyon l gen pou nou jodi a?

Yo pa retire sa k pa bon pou met sa k bon, men, se sa k bon yo retire pou met sa k pi bon.

7 Pwofesi Izayi a fè konnen yon materyèl t ap gen pou l ranplase yon lòt materyèl. Sepandan, n ap remake yo pa retire sa k pa bon pou met sa k bon, men, se sa k bon yo retire pou met sa k pi bon. Lefètke yo retire kuiv pou met lò nan plas li, sa montre gen yon amelyorasyon, e se menm bagay la tou pou lòt materyo yo pale de yo nan vèsè a. Konsa, Jewova te sèvi ak pawòl sa yo pou l fè konnen li t apral amelyore kondisyon pèp li a tikras pa tikras. De ki kalite amelyorasyon pwofesi a ap pale? Lefètke Jewova pale de “siveyan” ak “chèf ki sou tèt”, sa montre amelyorasyon ki t ap gen pou fèt tikras pa tikras la t apral fèt nan fason yo t ap pran swen pèp li a ak fason yo t ap òganize pèp la.

8. a) Ki moun ki dèyè amelyorasyon yo pale nan pwofesi Izayi a? b) Ki byenfè nou jwenn grasa amelyorasyon ki fèt yo? (Gade kare ki gen tit “Avèk imilite, li te aksepte koreksyon” an tou.)

8 Ki moun ki dèyè amelyorasyon sa a? Jewova fè konnen: “M ap pote lò, [...] M ap pote ajan, [...] M ap tabli lapè”. Vrèmanvre, se Jewova li menm ki dèyè amelyorasyon ki fèt nan fason kongregasyon yo òganize a, se pa lèzòm. Depi lè Jewova te fin tabli Jezi, Pitit Gason l lan, kòm Wa nan syèl la, l ap sèvi ak Jezi pou l pote amelyorasyon sa yo. Ki byenfè nou jwenn grasa amelyorasyon sa yo? Menm vèsè a fè konnen amelyorasyon sa yo t apral pote “lapè” ak “jistis”. Lè n suiv direksyon Bondye ban nou yo epi n fè chanjman ki nesesè yo, n ap gen lapè pami nou epi lanmou nou genyen pou sa ki jis la ap pouse n sèvi Jewova, li menm apot Pòl rele “Bondye lapè a”. — Fil. 4:9.

9. Ki sa ki alabaz lòd ak inite ki gen nan kongregasyon an, e sa k fè sa?

9 Men sa apot Pòl te ekri konsènan Jewova: “Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè.” ​(1 Kor. 14:33). N ap remake Pòl pa konpare dezòd ak lòd, men, li konpare l ak lapè. Sa k fè sa? Fè yon ti reflechi: Yon kote ki gen lòd pa toujou vle di gen lapè kote sa a. Pa egzanp, yon gwoup sòlda kapab ap mache yon fason ki byen òdone pandan yo pral nan lagè, men, lòd yo genyen se gè l ap pote, se pa lapè. Kidonk, antanke kretyen, nou dwe toujou kenbe pwen enpòtan sa a nan lespri nou: Nenpòt òganizasyon ki gen lòd men ki pa fonde sou baz lapè, ap kraze yon lè kanmenm. Yon lòt bò, lapè Bondye bay la pèmèt nou gen kalite lòd k ap dire a. Kidonk, se pa ti kontan nou kontan dèske se “Bondye ki bay lapè a” k ap dirije òganizasyon nou an e k ap rafine l (Wom. 15:33)! Se lapè Bondye bay la ki alabaz lòd ak inite ki gen nan tout kongregasyon nou yo ki sou tè a, e nou apresye bagay sa yo anpil. — Sòm 29:11.

10. a) Ki amelyorasyon ki te fèt nan òganizasyon nou an pandan ane ki sot pase yo? (Gade kare ki gen tit: “Fason yo te amelyore sèvis siveyan yo.”) b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

10 Kare ki gen tit “Fason yo te amelyore sèvis siveyan kretyen yo ap fè a” bay yon apèsi sou byenfè nou jwenn grasa chanjman ki te fèt nan òganizasyon nou an pandan ane ki pase yo ansanm ak lòd sa te pote. Sepandan, ki chanjman ki gen rapò ak ‘lò ki ranplase kuiv’ Jewova te sèvi ak Wa nou an pou l fè sa pa gen twò lontan? Ki jan chanjman sa yo ki gen rapò ak fason y ap pran swen kongregasyon yo te fè vin gen plis lapè ak inite nan tout kongregasyon ki sou tè a? Ki fason chanjman sa yo kontinye ede w sèvi “Bondye lapè a”?

Fason Kris ap dirije kongregasyon an

11. a) Apre yo te fin byen egzamine Ekriti yo, ki ajisteman yo te vin konprann pou yo fè? b) Ki sa frè yo nan kolèj santral la te detèmine pou yo fè?

11 Soti ane 1964 pou rive ane 1971, kolèj santral la te sipèvize yon gwo pwogram etid Labib. Pami anpil sijè yo te egzamine nan pwogram sa a, yo te egzamine fason kongregasyon kretyen nan premye syèk la te konn fonksyonea. Pou sa ki gen rapò ak fason kongregasyon kretyen nan premye syèk la te konn fonksyone a, yo te vin aprann se te yon gwoup ansyen ki te gen misyon pou pran swen kongregasyon yo olye de yon sèl ansyen oswa yon sèl siveyan. (Li Filipyen 1:1; 1 Timote 4:14.) Lè frè yo nan kolèj santral la te fin pi byen konprann pwen sa a, yo te rann yo kont Jezi, Wa yo a, t ap gide yo pou yo pote kèk amelyorasyon nan fason pèp Bondye a òganize. Konsa, frè yo nan kolèj santral la te detèmine pou yo suiv direksyon Wa a t ap ba yo a. San pèdi tan, yo te fè aranjman pou òganizasyon an suiv dispozisyon pou tabli ansyen nan kongregasyon yo yon fason ki pi ann amoni ak sa k nan Ekriti yo. Ki kèk ajisteman konsa yo te fè nan kòmansman ane 1970 yo?

AVÈK IMILITE, LI TE AKSEPTE KOREKSYON

EDISYON Toudegad 1ye avril 1916 nan lang finwa a te gen ladan l yon lèt frè Russell te voye bay kèk frè k ap viv nan peyi Eskandinavi yo. Pami frè sa yo te gen yon frè ki rele Kaarlo Harteva. Men sa frè Russell te ekri frè sa yo: “Nou ankouraje nou tout, frè nou yo nan lafwa, pou nou retounen nan laverite epi pou n konsantre n sou travay ki dwe fèt la.” Ki sa k te pouse frè Russell ekri pawòl sa yo?

Kaarlo Harteva

Kaarlo Harteva

Frè Harteva te fèt nan ane 1882, e li se youn pami premye Etidyan Labib ki te gen nan peyi Fenlann yo. Li te batize nan mwa avril 1910, epi, pandan sezon ete 1912 la, frè Russell te ba l otorizasyon pou l pibliye Toudegad nan lang finwa. Tout bagay t ap byen mache jiskaske Premye Gè mondyal la te eklate. Men sa frè Harteva te ekri nan Toudegad 1ye desanm 1914 la: “Akoz difikilte n ap rankontre nan domèn ekonomik la, [...] nou pa ka di si Toudegad la ap gen menm kantite paj li konn genyen yo oswa si n ap ka pibliye l plizyè fwa ane sa a jan nou konn fè sa.” Sepandan, pou yo te ka jwenn lajan, nan ane 1915, frè Harteva ansanm ak kèk lòt frè te fonde yon asosyasyon kowoperativ ki rele Ararat, epi yo te kòmanse pibliye yon jounal ki gen menm non an.

Etandone frè Harteva te vin plis konsantre l sou nouvo asosyasyon an ansanm ak nouvo peryodik la, se yon lòt frè ki te vin gen responsablite pou l pibliye Toudegad la nan lang finwa. Peryodik ki rele Ararat la te konn pibliye kèk atik ki baze sou Bib la, men tou, li te konn pibliye kèk atik ki baze sou sijè ki gen rapò ak remèd natirèl ansanm ak lang Esperanto a, yon lang ki te fèk fòme. Sa pa t pran tan pou nouvo peryodik sa a te detounen atansyon frè yo sou bonjan ansèyman ki nan Bib la. Konsa, lefètke frè Russell te enkyete l pou byennèt espirityèl yo, li te mande frè Harteva ansanm ak kèk lòt frè pou yo “retounen nan laverite”.

Ki jan frè Harteva te reyaji? Li te pibliye lèt frè Russell la ansanm ak repons li te bay frè Russell la nan peryodik Ararat la. Frè Harteva te mande padon pou sa l te fè a, epi l te di: “Si m ka korije sitiyasyon an, mwen ta renmen fè tout sa m kapab.” Yon tikras tan annapre, nan dènye peryodik Ararat ki te parèt la, yon lòt fwa ankò, frè Harteva te mande padon lefètke l te lage konfizyon nan mitan frè yo. Men sa l te ajoute: “Mwen pral eseye fè plis atansyon ak chak aspè ki gen rapò ak verite ki la kounye a.” Kontrèman ak kèk ansyen yo te vote nan epòk sa a, avèk imilite, frè Harteva te aksepte koreksyon.

Pi devan, frè Harteva te vin kòmanse pibliye Toudegad la nan lang finwa ankò, epi yo te vin nome l siveyan filyal. Li te kontinye ranpli responsablite sa yo rive jis nan ane 1950. Li te rete fidèl ak Jewova ansanm ak verite a jiskaske l fini lavi l sou tè a nan ane 1957. Konsa, moun ki aksepte koreksyon nan men Jezi, Wa yo a, kite Jezi rafine yo e sa ap fè yo jwenn benediksyon nan men Jewova.

12. a) Ki ajisteman yo te fè nan kolèj santral la? b) Fè yon ti pale sou fason Kolèj santral la òganize jodi a. (Gade kare ki gen tit “Fason Kolèj santral la òganize pou fè enterè Wayòm nan avanse” a.)

12 Premye ajisteman an te gen rapò ak kolèj santral la li menm. Anvan sa, se ti gwoup sèt frè sa yo, Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki te fòme konsèy administratif Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a. Sepandan, nan ane 1971, kolèj santral la te pase de 7 manm a 11 manm epi, li pa t fè pati konsèy administratif la ankò. Tout manm kolèj santral la konsidere tèt yo egalego, epi yo te kòmanse fè yon woulman pou youn nan yo prezide kolèj santral la chak ane, e yo te chwazi yo nan lòd alfabetik.

13. a) Ki dispozisyon yo te pran ki te dire 40 an? b) Ki dispozisyon Kolèj santral la te pran nan ane 1972?

13 Lòt ajisteman an te gen efè sou chak kongregasyon. Nan ki sans? Soti ane 1932 pou rive ane 1972, se sèlman yon frè ki te gen responsablite pou pran swen kongregasyon an. Rive jis nan ane 1936, yo te konn rele frè nome sa a direktè sèvis. Pi devan, yo te vin rele l sèvitè kongregasyon, epi, annapre, siveyan kongregasyon. Frè nome sa yo te zele pou yo pran swen twoupo a nan domèn espirityèl. An jeneral, siveyan kongregasyon an te konn pran desizyon pou kongregasyon an san l pa mande lòt sèvitè ki nan kongregasyon an konsèy. Sepandan, pandan ane 1972 la, Kolèj santral la te prepare chemen an pou yon gwo chanjman nan listwa pèp Jewova a. Ki bagay chanjman sa a te konsène?

14. a) Pale konsènan nouvo dispozisyon yo te kòmanse nan dat 1ye oktòb 1972 la. b) Ki fason kowòdonatè gwoup ansyen an aplike konsèy nou jwenn nan Filipyen 2:3 a?

14 Kounye a, olye pou se yon sèl frè k ap sèvi antanke siveyan nan chak kongregasyon, yo t apral nome lòt frè ki kalifye sou baz Ekriti yo pou yo sèvi antanke ansyen nan kongregasyon yo, e kounye a, yo t ap nome frè sa yo yon fason teyokratik. Frè sa yo met ansanm t apral fòme yon gwoup ansyen ki t ap gen pou pran swen kongregasyon an. Yo te kòmanse ak nouvo dispozisyon sa a nan dat 1ye oktòb 1972. Jodi a, yon frè k ap sèvi antanke kowòdonatè yon gwoup ansyen pa konsidere tèt li kòm yon moun ki pi enpòtan pase lòt ansyen yo, men, li konsidere tèt li “tankou [yon] moun ki gen mwens enpòtans”. (Lik 9:48.) Se pa ti benediksyon frè sa yo ki gen imilite pote pou tout kominote frè nou yo nan lemonnantye! — Fil. 2:3.

Vrèmanvre, Wa nou an ap aji avèk sajès, li bay disip li yo bèje yo bezwen yo nan bon moman an.

15. a) Ki byenfè dispozisyon pou gen yon gwoup ansyen nan kongregasyon yo te pote? b) Ki sa k montre Wa nou an ap aji avèk sajès?

15 Dispozisyon yo te pran pou se yon gwoup ansyen ki gen responsablite pou pran swen kongregasyon an bay prèv ki montre se te yon gwo amelyorasyon ki te fèt nan sans sa a. Ann konsidere twa byenfè li pote: Premye byenfè a, sa ki pi enpòtan an, sèke dispozisyon sa a ede tout ansyen yo, kèlkeswa kantite responsablite yo genyen nan kongregasyon an, pou yo toujou sonje se Jezi ki Chèf kongregasyon an (Efe. 5:23). Dezyèmman, “tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy”, jan Pwovèb 11:14 montre sa. Lefètke ansyen yo pale sou sijè ki kapab gen efè sou kongregasyon an nan domèn espirityèl epi yo koute sijesyon youn lòt bay, sa ede yo pran desizyon ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la (Pwo. 27:17). Jewova beni desizyon sa yo, e sa fè kongregasyon an pwogrese. Twazyèmman, lefètke gen plis frè kalifye k ap sèvi antanke ansyen, sa ede òganizasyon an rive fè fas ak gwo bezwen ki genyen pou yo jwenn siveyan ak bèje ki pou pran swen kongregasyon yo (Iza. 60:3-5). Fè yon ti reflechi sou sa: Kantite kongregasyon ki genyen nan lemonnantye yo vin ogmante soti plis pase 27 000 nan ane 1971 pou rive plis pase 113 000 nan ane 2013! Vrèmanvre, avèk sajès, Wa nou an bay disip li yo bèje yo bezwen yo nan bon moman an. — Mika 5:5.

FASON YO TE AMELYORE SÈVIS SIVEYAN YO

  • 1881 — Pou biwo sosyete Watch Tower a te ka kenbe kontak ak Etidyan Labib ki t ap viv nan menm zòn yo, frè Russell te mande frè ki konn reyini regilyèman yo pou yo fè biwo a konnen ki kote yo konn reyini.

  • 1895 — Yo te mande tout kongregasyon yo pou yo chwazi kèk frè pami yo ki kapab sèvi kòm ansyen.

  • 1919 — Yon fason teyokratik, biwo filyal la te nome yon direktè sèvis nan chak kongregasyon. Responsablite frè sa a te gen ladan l òganize travay predikasyon an epi ankouraje frè yo pou yo patisipe ladan l. Gen kèk ansyen nan kongregasyon yo ki pa t dakò ak dispozisyon pou gen yon direktè sèvis la.

  • 1932 — Yo te sispann fè eleksyon chak ane pou nome ansyen yo. Olye de sa, kongregasyon an te vote yon komite sèvis ki te gen ladan l frè ki zele nan travay predikasyon an e ki te konfòme vi yo ak nouvo non nou te adopte a: Temwen Jewova. Sosyete a oswa biwo filyal la te chwazi youn nan frè kongregasyon an te nome yo pou sèvi antanke direktè sèvis.

  • 1937 — Frè ki fè pati gwo foul la kapab sèvi nan komite sèvis yo ansanm ak frè Bondye chwazi pou al nan syèl yo.

  • 1938 — Kongregasyon yo pran yon rezolisyon pou yo nome tout moun k ap sèvi nan kongregasyon an yon fason teyokratik. Sa te fè yo sispann fè eleksyon pou nome frè yo nan kongregasyon yo.

Pou nou jwenn plis detay konsènan kèk evènman ki gen rapò ak fason kongregasyon yo te òganize, gade liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, paj 204-235.

Yon eleksyon yo fè chak ane pou nome ansyen nan kongregasyon an nan ane 1920 yo.

“Nou te konn leve men dwat nou anlè pou n vote pou ansyen yo. Apre sa, gen yon frè ki te konn pase pou l konte men ki anlè yo.” — Sè Rose Swingle, Chikago, Ilinwa, Etazini.

“Se pou nou tounen egzanp pou twoupo a”

16. a) Ki responsablite ansyen yo genyen? b) Ki jan Etidyan Labib yo konsidere konsèy Jezi bay pou yo ‘pran swen timouton yo’?

16 Lè n fè yon ti retounen nan kòmansman istwa Etidyan Labib yo, nou rann nou kont ansyen yo te toujou konprann responsablite yo se ede kwayan parèy yo kontinye sèvi Bondye. (Li Galat 6:10.) Nan ane 1908, gen yon atik Toudegad ki te egzamine yon konsèy Jezi te bay. Men sa Jezi te di: “Pran swen timouton m yo.” ​(Jan 21:15-17). Men sa atik la te di ansyen yo: “Li vrèman enpòtan pou lòd Mèt la te bay konsènan twoupo a gen yon gwo plas nan kè nou, epi, pou n konsidere l kòm yon gwo privilèj nou genyen pou n bay disip Seyè a manje epi pou n pran swen yo.” Nan ane 1925, yon lòt fwa ankò, Toudegad te fè ansyen yo sonje enpòtans travay yo genyen pou yo sèvi antanke bèje a. Men sa l te di: “Legliz Bondye a se pou Bondye li ye, [...] e chak moun ki gen privilèj sèvi frè yo gen kont pou yo rann devan l.”

17. Ki jan yo te ede siveyan yo pou yo vin bèje ki kalifye?

17 Ki fason òganizasyon Jewova a te ede ansyen yo pou yo fè kapasite yo genyen antanke moun k ap pran swen kongregasyon an soti nan ‘fè pou vin nan ajan’? Yo te fè sa grasa fòmasyon yo te jwenn. Nan ane 1959, yo te fè premye Lekòl ministè Wayòm pou ansyen yo. Nan youn nan sesyon yo, yo te analize yon sijè ki gen tit: “Bay chak moun nan kongregasyon an atansyon.” Yo te ankouraje frè ki gen responsablite yo pou yo “fè yon pwogram pou vizite pwoklamatè yo lakay yo.” Nan sesyon sa a, yo te montre bèje yo plizyè fason yo kapab fè vizit ankourajan sa yo. Nan ane 1966, yo te kòmanse fè yon Lekòl ministè Wayòm ki revize. Nan lekòl sa a, yo te egzamine sijè sa a: “Enpòtans travay bèje a genyen.” Ki objektif yo te genyen pou klas sa a? Moun k ap pran latèt yo “ta dwe pran swen pèp Bondye a, toutpandan yo pa neglije pwòp fanmi yo ak travay predikasyon an”. Nan dènye ane ki sot pase yo, yo te fè plis lekòl pou ansyen yo toujou. Ki rezilta fòmasyon sa yo, òganizasyon Jewova a kontinye ap bay la, pote? Jodi a, kongregasyon kretyen an gen plizyè milye frè kalifye k ap sèvi antanke bèje espirityèl.

Yon klas Lekòl ministè Wayòm nan peyi Filipin, 1966.

Lekòl ministè Wayòm nan peyi Filipin, ane 1966.

18. a) Ki gwo responsablite ansyen yo genyen? b) Ki sa k fè Jewova ak Jezi apresye ansyen yo k ap travay di?

18 Jewova sèvi ak Jezi, Wa nou an, pou l met ansyen yo nan pozisyon ansyen yo ye a pou yo ranpli yon gwo responsablite. Ki responsablite sa a? Se dirije mouton Bondye yo nan moman ki pi difisil ki genyen nan listwa limanite (Efe. 4:11, 12; 2 Tim. 3:1). Jewova ak Jezi apresye ansyen yo k ap travay di, paske ansyen sa yo obeyi konsèy sa a ki nan Ekriti yo: “Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an [...] ak tout kè nou [...] avèk anpresman [...], se pou nou tounen egzanp pou twoupo a.” ​(1 Pyè 5:2, 3). Ann egzamine de pami plizyè fason bèje yo ka tounen yon egzanp pou twoupo a ak fason yo ede twoupo a vin gen plis lapè ak lajwa nan kongregasyon an.

“NOU TE SEZI”

GEN yon koup misyonè ann Azi ki te jwenn asiyasyon pou y al sèvi nan yon kongregasyon ki te gen plizyè ane depi l pa t fè okenn pwogrè. Koup la te rann yo kont frè yo nan kongregasyon an te gen lanmou lakay yo, men, yo pa t suiv enstriksyon òganizasyon an bay yo. Apre misyonè yo te fin tabli yon bon relasyon ak pwoklamatè yo, tikras pa tikras, frè a te chèche òganize kongregasyon an menm jan yo òganize pèp Jewova a sou tout tè a. Ki rezilta sa te bay? Nan sèlman dezan, asistans reyinyon yo te double, gen nouvo pwoklamatè ki te kòmanse patisipe nan travay predikasyon an, epi gen plis pase 20 moun ki te batize. Men sa koup la fè konnen: “Nou te sezi wè jan Jewova te vide benediksyon l sou nou! Lè tout kongregasyon an wè bèl rezilta yo jwenn lefètke yo suiv enstriksyon òganizasyon Bondye a bay, sa fè yo kontan.”

Fason ansyen yo pran swen twoupo Bondye a

19. Ki jan w santi w lefètke ansyen yo ap travay ansanm avè nou nan travay predikasyon an?

19 Premyèman, ansyen yo travay ak moun nan kongregasyon an. Men sa Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te di sou Jezi: “Li vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt, sot nan yon bouk al nan yon lòt, l ap preche e l ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a. E douz disip yo te ansanm avèk li.” ​(Lik 8:1). Menm jan Jezi te preche ansanm ak apot li yo, se konsa tou jodi a, ansyen yo travay kòtakòt ak kwayan parèy yo nan travay predikasyon an. Yo rann yo kont lè yo fè sa, yo ede moun yo vin gen yon bèl etadespri nan kongregasyon an. Ki jan moun nan kongregasyon an santi yo lefètke ansyen yo ap travay avè yo? Men sa Jeannine, yon sè ki prèske gen 90 an fè konnen: “Lè m travay ansanm ak yon ansyen nan travay predikasyon an, sa ban m yon bèl okazyon pou m vin pi byen konnen frè sa a.” Men sa Steven, yon frè ki nan trantèn li fè konnen: “Lè yon ansyen preche avè m nan aktivite kay an kay la, mwen santi se ede li vle ede m. Mwen kontan lè m jwenn bonjan èd sa yo.”

Yon bèje ki jwenn yon mouton ki pèdi e ki poukont li nan yon gwo van nan lannuit.

Menm jan yon bèje al chèche yon mouton ki pèdi, se konsa tou, ansyen yo fè efò pou y al chèche moun ki pèdi kontak ak kongregasyon an.

20, 21. Ki fason ansyen yo ka imite egzanp bèje ki nan parabòl Jezi a? Bay yon egzanp. (Gade kare ki gen tit “Vizit lasemèn ki bay bon rezilta” a tou.)

20 Dezyèmman, òganizasyon Jewova a ap bay ansyen yo fòmasyon pou yo demontre yo gen sousi pou moun ki pèdi kontak ak kongregasyon an (Ebre 12:12). Poukisa ansyen yo dwe ede moun sa yo ki fèb nan domèn espirityèl, e kòman yo ta dwe fè sa? Parabòl Jezi te bay konsènan yon bèje ki te pèdi yon mouton an ban nou repons lan. (Li Lik 15:4-7.) Lè bèje ki nan parabòl la te rann li kont gen yon mouton ki pèdi, li te chèche mouton ki pèdi a tankou se te sèl mouton sa a li te genyen. Jodi a, ki jan ansyen yo ka imite egzanp bèje ki nan parabòl la? Menm jan mouton ki te pèdi a te toujou gen valè nan je bèje a, se konsa tou, moun ki pèdi kontak ak pèp Bondye a toujou gen valè nan je ansyen yo. Ansyen yo konsidere moun sa yo ki fèb nan domèn espirityèl tankou mouton ki pèdi, yo pa konsidere yo tankou yon ka pèdi. Anplis de sa, menm jan bèje a te deside ‘al chèche mouton ki pèdi a jiskaske li jwenn li’, se konsa tou, ansyen yo pran inisyativ pou y al chèche moun ki fèb yo epi pou yo ede yo.

21 Ki sa bèje ki nan parabòl la te fè lè l te jwenn mouton an? Li te pran mouton an avèk tandrès, li “mete l sou zepòl li” epi l mennen l tounen nan twoupo a. Menm jan an tou, yon ansyen ki gen tandrès kapab ede moun ki fèb nan domèn espirityèl la tounen nan kongregasyon an. Se sa k te pase nan ka Victor, yon frè ann Afrik ki te sispann asiste reyinyon nan kongregasyon an. Men sa Victor fè konnen: “Pandan uit ane mwen te inaktif nan kongregasyon an, ansyen yo te toujou lonje men ban mwen.” Ki sa sitou ki te plis touche l? Men sa l di: “Yon jou, John, yon ansyen mwen te asiste Lekòl pyonye ansanm avè l, te pran tan pou l vizite m e li te montre m kèk foto li te pran pandan nou te lekòl la. Lè m te wè foto sa yo sa te fè m sonje plizyè bèl ti moman, opwen mwen te anvi gen jwa mwen te genyen lè m t ap sèvi Jewova a.” Yon ti tan apre John te fin vizite Victor a, Victor te tounen nan kongregasyon an. Jodi a, Victor ap sèvi antanke pyonye ankò. Vrèmanvre, lè ansyen yo montre yo gen lanmou, sa fè nou gen anpil lajwa. — 2 Kor. 1:24b.

De kretyen k al bay yon kretyen aje ki inaktif yon vizit amikal.

VIZIT LASEMÈN KI BAY BON REZILTA

GEN kèk ansyen nan yon kongregasyon Ozetazini ki te vle ede mouton ki te pèdi yo. Donk, yo te chèche wè ki sa yo te ka fè pou ede moun sa yo ki te pèdi tout kontak ak twoupo a. Yo te rann yo kont gen anviwon 30 moun ki te sispann sèvi Jewova sa gen plizyè dizèn ane, e ki te toujou ap viv nan tèritwa kongregasyon an. Pifò nan moun sa yo te gentan gen bon ti laj.

Alfredo, youn nan ansyen sa yo, te fè yon lis non moun yo e l te kòmanse vizite yo. Men sa l te di: “Chak vandredi maten, mwen te frape pòt yon moun ki inaktif.” Lè moun sa a ouvri pòt la, Alfredo eseye gen yon bèl konvèsasyon avè l e li eseye fè moun yo santi jan li enterese nan yo. Alfredo fè frè oswa sè ki inaktif la konnen kongregasyon an pa bliye bèl travay li te fè pou soutni Wayòm Jewova a. Men sa Alfredo di: “Lè mwen te fè yon frè inaktif ki aje konnen konbyen èdtan li te pase nan predikasyon ak konbyen peryodik li te plase pandan dènye mwa li te preche nan ane 1976 la, dlo te koule nan je frè a.” Anplis de sa, Alfredo konn li Lik 15:4-7, 10 ak moun li te konn vizite yo, epi li mande yo: “Èske w konn sa k rive lè yon mouton ki te pèdi retounen nan kongregasyon an? Ni Jewova ni Jezi ni zanj yo kontan anpil, fè yon ti reflechi ak sa!”

Pandan de ane ki pase yo, Alfredo te kontinye chèche moun ki inaktif yo. Ki rezilta li te jwenn lefètke li te pasyan? Li te kontan wè de nan frè li te ede yo te rekòmanse asiste reyinyon nan kongregasyon an. Kounye a, frè sa yo asiste reyinyon dimanch yo regilyèman. Men sa Alfredo di toutpandan l ap souri: “Lè yo t ap antre nan Sal Wayòm nan, se te tou pa m pou dlo koule nan je m.” Men sa li te kontinye pou l di: “Byenke inaktif sa yo kòmanse asiste reyinyon, mwen toujou al wè yo lè vandredi paske yo fè m konnen y ap tann mwen vin vizite yo chak semèn. E mwen santi m konsa tou!”

Lefètke frè yo pi byen konprann fason pou yo pran swen pèp Bondye a sa fè pèp Bondye a gen plis inite

22. Ki jan jistis ak lapè fè nou vin gen plis inite nan kongregasyon an? (Gade kare ki gen tit “Nou te sezi” a tou.)

22 Jan nou te deja di sa, Jewova te predi t ap gen anpil jistis ak lapè nan mitan pèp Li a (Iza. 60:17). Toule de kalite sa yo pèmèt vin gen plis inite nan kongregasyon yo. Nan ki sans? Anrapò ak jistis, Bib la di: “Bondye [...] se yon sèl Jewova.” ​(Det. 6:4). Nan kèlkeswa peyi a, kongregasyon yo suiv menm prensip li yo ki jis. Se sèten, prensip li bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal yo se yon sèl, e prensip sa yo valab pou “tout kongregasyon moun ki sen yo”. (1 Kor. 14:33.) Kidonk, se sèlman si yon kongregasyon aplike prensip Bondye yo l ap kapab pwogrese. Anrapò ak lapè, nonsèlman Wa nou an vle pou nou viv anpè nan kongregasyon an, men tou, li vle pou nou se “moun ki renmen fè lapè”. (Mat. 5:9.) Se sa k fè, nou “kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè” ak tout moun. Nou pran inisyativ pou nou chèche rezoud tout pwoblèm ki kapab rive nan mitan nou pafwa (Wom. 14:19). Nan fason sa a, nou travay pou gen lapè ak inite nan kongregasyon nou an. — Iza. 60:18.

23. Antanke moun k ap sèvi Jewova, ki sa nou kontan wè jodi a?

23 Nan mwa novanm 1895, lè Toudegad te pale pou premye fwa konsènan dispozisyon òganizasyon an pran pou gen ansyen yo, frè ki responsab yo te fè konnen sa yo te swete. Ki sa yo te swete? Yo te swete pou nouvo dispozisyon sa a òganizasyon an pran an ede pèp Bondye a “vin ini nan lafwa byen vit” e yo te priye pou sa. Lè n ap reflechi ak plizyè dizèn ane ki pase yo, nou kontan pou n wè fason Jewova sèvi ak Wa nou an pou l ede frè yo vin pi byen konprann bagay yo tikras pa tikras te ede nou vin pi ini nan adorasyon n ap ba li a (Sòm 99:4). Kòm rezilta, jodi a, tout pèp Jewova ki sou tè a kontan pou yo gen “menm [...] panse”, pou yo suiv “menm chemen” an epi pou yo sèvi “Bondye lapè a” “kòtakòt”. — 2 Kor. 12:18; li Sefànya 3:9.

a Yo te pibliye rezilta gwo rechèch sa a nan liv Èd pou pi byen konprann Bib la (anglè).

b Gade atik ki gen tit “Ansyen yo ‘se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa’” ki te parèt nan Toudegad 15 janvye 2013 la.

Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

  • Ki amelyorasyon Wayòm nan te fè nan fason nou òganize?

  • Ki fason ajisteman yo fè nan fason frè yo ap pran swen kongregasyon an te ede w sèvi “Bondye lapè a”?

  • Ki pawòl yon ansyen te di e ki aksyon l te fè ki te ede w vin gen plis jwa?

  • Ki jan w ka travay pou w pèmèt vin gen plis lapè ak inite nan kongregasyon an?

Yon reyinyon Kolèj santral Temwen Jewova yo.

Soti sou bò goch pou rive sou bò dwat: Gerrit Lösch, Geoffrey Jackson, Samuel Herd, Guy Pierce, Mark Sanderson, David Splane, Anthony Morris III, Stephen Lett.

FASON KOLÈJ SANTRAL LA ÒGANIZE POU FÈ ENTERÈ WAYÒM NAN AVANSE

SE YON seri frè k ap sèvi Jewova Dye e ki gen esperans pou y al viv nan syèl la ki fòme Kolèj santral Temwen Jewova yo. Antanke gwoup, frè sa yo fòme “esklav fidèl ki prevwayan an”. Frè sa yo gen responsablite pou yo bay manje nan domèn espirityèl, pou yo dirije epi ankouraje travay predikasyon Wayòm k ap fèt sou tout tè a. — Mat. 24:14, 45-47.

Kolèj santral la reyini chak semèn, an jeneral chak mèkredi. Sa pèmèt frè ki ladan l yo travay ansanm nan inite (Sòm 133:1). Anplis de sa, frè ki nan Kolèj santral la ap sèvi nan plizyè komite. Chak komite ap sipèvize yon domèn an patikilye yon fason pou ede enterè Wayòm nan avanse. Men yon rezime sou responsablite yo genyen yo.

  • Kèk frè k ap travay ansanm pou pran swen frè ak sè yo sou tout tè a.

    Komite kowòdonatè yo

    Se frè k ap sèvi nan komite sa a ki okipe zafè legal yo, tankou itilizasyon medya yo, lè sa nesesè, pou ede moun yo pi byen konprann kwayans nou yo. Anplis de sa, se komite sa a ki okipe yon seri sitiyasyon, tankou lè gen katastwòf, pèsekisyon ak lòt ka ijan ki afekte frè nou yo kèlkeswa kote nan monn nan.

  • Kèk manm fanmi Betèl k ap fè plizyè kalite travay.

    Komite pou pèsonèl la

    Komite sa a gen responsablite pou l sipèvize dispozisyon ki pran pou byennèt fizik ak espirityèl tout moun ki fè pati fanmi Betèl ki sou tout tè a. Se komite sa a ki sipèvize chwa ak envitasyon nouvo manm fanmi Betèl yo ansanm ak kesyon ki gen rapò ak sèvis Betèl.

  • Yon Betelit k ap travay nan enprime piblikasyon ki baze sou Bib la epi voye yo ale lòt kote.

    Komite edisyon

    Frè k ap sèvi nan komite sa a sipèvize travay enprime ak distribye piblikasyon ki baze sou Bib la nan lemonnantye. Yo sipèvize enprimri yo ansanm ak byen divès asosyasyon Temwen Jewova yo ap itilize yo. Yo sipèvize tout konstriksyon k ap fèt nan lemonnantye san wete travay konstriksyon Sal Wayòm yo. Yo pran dispozisyon pou yo byen sèvi ak ofrann ki fèt pou travay Wayòm nan.

  • Yon frè ki nan yon biwo k ap prepare kèk sijè epi fè rechèch sou yo.

    Komite pou sèvis

    Frè k ap sèvi nan komite sa a gen responsablite pou sipèvize tout sa ki gen rapò ak travay predikasyon an ansanm ak sa ki konsène kongregasyon yo, pwoklamatè yo, pyonye yo, ansyen yo, siveyan itineran yo ansanm ak misyonè yo. Pami tout lòt bagay y ap sipèvize yo, yo sipèvize aktivite ki gen rapò ak Komite lyezon ospitalye yo.

  • Yon frè k ap bay yon diskou sou lestrad.

    Komite pou ansèyman

    Se komite sa a k ap sipèvize pwogram ansèyman y ap prezante nan asanble yo, kongrè yo ak nan reyinyon kongregasyon yo. Se li menm tou ki sipèvize Lekòl Galaad, Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, Lekòl pyonye ansanm ak lòt lekòl ankò. Anplis de sa, se komite sa a ki sipèvize preparasyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri a ansanm ak tout sa k ap parèt sou fòm odyo oswa videyo.

  • Plizyè fòma piblikasyon, san wete sit jw.org la.

    Komite redaksyon

    Frè k ap sèvi nan komite sa a gen responsablite pou sipèvize preparasyon manje espirityèl yo pral enprime yo oswa ki pral parèt sou fòm elektwonik pou kretyen parèy yo ansanm ak piblik la. Se komite sa a tou ki sipèvize sit wèb òganizasyon an ansanm ak travay tradiksyon k ap fèt toupatou sou tè a. Mete sou sa, se komite sa a ki reponn kesyon moun konn poze konsènan siyifikasyon kèk vèsè nan Ekriti yo ansanm ak kèk pwen ki konn parèt nan piblikasyon yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje