BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 8 kesyon 1-3
  • Lè yon malè rive

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè yon malè rive
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 KONTE SOU JEWOVA
  • 2 PRAN SWEN TÈT OU AK FANMI W
  • 3 CHÈCHE JWENN ÈD OU BEZWEN AN
  • Fason w ka fè fas ak yon pwoblèm sante ki vin sanzatann
    Kèk lòt sijè
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Jewova ap voye je sou pèp li a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 8 kesyon 1-3
Yon mari ak madanm li ki nan gwo lapenn akoz yon pitit yo ki mouri.

SEKSYON 8

Lè yon malè rive

“Sa fè nou kontan anpil, byenke kounye a, li nesesè pou nou gen lapenn pou yon ti tan, akoz divès eprèv nou jwenn.” — 1 Pyè 1:6.

Menm lè w fè tout sa w kapab pou w gen kè kontan nan maryaj ou ak nan fanmi w, gen yon seri bagay ou pa t atann ki ka fè l difisil pou w kenbe jwa w (Eklezyas 9:11). Avèk lanmou, Bondye ban nou bonjan èd ki ka ede n fè fas ak difikilte sa yo. Si w suiv prensip ki vin annapre yo ki soti nan Ekriti yo, ou menm ak fanmi w ap ka fè fas ak pwoblèm yo menmsi n ta nan sitiyasyon ki pi terib la.

1 KONTE SOU JEWOVA

MEN SA BIB LA DI: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” ​(1 Pyè 5:7). Toujou sonje se pa Bondye ki lakòz pwoblèm ou yo (Jak 1:13). Toutpandan w ap pwoche kote l, l ap ede w fason ki pi bon an (Izayi 41:10). Bib la di: “Ouvri kè nou ba li.” — Sòm 62:8.

W ap jwenn rekonfò tou lè w li Bib la epi w etidye l chak jou. Konsa, w ap ka wè jan Jewova “konsole nou nan tout tribilasyon”. (2 Korentyen 1:3, 4; Women 15:4.) Li pwomèt pou l ba w “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan. — Filipyen 4:6, 7, 13.

Yon mesye ki sou kabann lopital k ap priye ansanm ak fanmi l.

SA W KA FÈ:

  • Priye Jewova pou l ede w rete kalm epi pou w byen reflechi.

  • Egzamine tout posiblite w genyen yo ankò, epi chwazi mwayen ki pi bon an.

2 PRAN SWEN TÈT OU AK FANMI W

MEN SA BIB LA DI: “Kè moun ki entèlijan an chèche gen konesans, e zòrèy moun ki gen sajès la ap chèche jwenn konesans.” ​(Pwovèb 18:15). Chèche konn tout detay yo. Chèche konnen ki sa chak moun nan fanmi an bezwen. Pale avè yo epi koute yo. — Pwovèb 20:5.

Men, e si lanmò pase pran yon moun ou renmen? Ou pa bezwen pè di sa w santi. Pa bliye menm Jezi “dlo [te] koule nan je” l (Jan 11:35; Eklezyas 3:4). Li enpòtan tou pou w pran bonjan repo epi pou w dòmi ase (Eklezyas 4:6). Sa ap fè l pi fasil pou w fè fas ak yon sitiyasyon difisil.

SA W KA FÈ:

  • Pran abitid pale ak fanmi w anvan yon malè rive. Konsa, y ap santi yo alèz pou yo pale avè w lè gen pwoblèm.

  • Pale ak lòt moun ki te fè fas ak yon sitiyasyon menm jan an.

3 CHÈCHE JWENN ÈD OU BEZWEN AN

MEN SA BIB LA DI: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” ​(Pwovèb 17:17). Zanmi w yo vle ede w, men, yo gendwa pa konn sa pou yo fè. Pa ezite fè yo konnen sa w bezwen toutbon (Pwovèb 12:25). Mete sou sa, chèche èd nan domèn espirityèl nan men moun ki konprann Bib la. Konsèy ki baze sou Bib la moun sa yo ka ba w yo ap ede w. — Jak 5:14.

W ap jwenn èd ou bezwen an lè w reyini regilyèman ak moun ki gen bonjan lafwa nan Bondye e ki fè pwomès li yo konfyans. W ap jwenn anpil rekonfò tou lè w ede lòt moun ki bezwen ankourajman. Fè moun sa yo konnen lafwa w gen nan Jewova ak nan pwomès li yo. Kontinye rete okipe nan ede lòt moun ki nan bezwen, epi, pa chèche izole tèt ou yon fason pou w evite moun ki renmen w e ki gen sousi pou ou yo. — Pwovèb 18:1; 1 Korentyen 15:58.

SA W KA FÈ:

  • Pale ak yon bon zanmi epi kite l ede w.

  • Di egzakteman sa w bezwen epi montre w onèt.

SONJE SA K PI ENPÒTAN AN

Menmsi w ta santi w ap pote yon chay, kontinye fikse lespri w sou Bondye. Men sa Jòb te di pandan l t ap sibi eprèv li yo: “Se pou yo kontinye beni non Jewova.” ​(Jòb 1:21, 22). Menm jan ak Jòb, bay non Jewova ak volonte Jewova plis enpòtans pase pwoblèm ou yo. Lè bagay yo pa rive fèt jan w te swete a, pa pèdi espwa. Mete tout konfyans ou nan Bondye. Bib la di: “‘Se mwen ki konnen panse mwen gen nan tèt mwen pou nou’, sa a se deklarasyon Jewova, ‘se panse lapè, se pa panse malè, pou m ban nou yon avni ansanm ak yon espwa.’” — Jeremi 29:11.

MANDE TÈT OU...

  • Èske m met tout konfyans mwen nan Jewova menm nan bagay ki toupiti yo?

  • Ki rezon m genyen pou m di Jewova mèsi chak jou pou jan l aji byen anvè m?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje