BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 8 p. 24-p. 25 par. 1
  • Yo chape anba men yon dirijan ki mechan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo chape anba men yon dirijan ki mechan
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yo chape anba men diktatè a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere
    Annou imite lafwa yo
  • Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 8 p. 24-p. 25 par. 1
Wa Ewòd bay lòd pou touye tout tigason k ap viv Betleyèm.

CHAPIT 8

Yo chape anba men yon dirijan ki mechan

MATYE 2:13-23

  • FANMI JEZI KOURI AL ANN EJIP

  • JOZÈF AL NAZARÈT AK FANMI L

Jozèf reveye Mari nan dòmi pou l di l yon bagay ki ijan. Zanj Jewova a fèk sot parèt devan Jozèf nan yon rèv. Men sa zanj lan di l: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.” — Matye 2:13.

San pèdi tan, Jozèf ak Mari ansanm ak tigason yo a chape poul yo nan nuit lan. Yo fè sa atan, paske Ewòd fèk aprann astwològ yo twonpe l. Li te mande pou astwològ yo retounen kote l pou yo vin ba l enfòmasyon. Men se pa t sa yo te fè, yo kite peyi a. Ewòd fache anpil! Konsa, kòm li toujou anvi touye Jezi, li bay lòd touye tout tigason ki gen dezan oswa ki pi piti k ap viv nan Betleyèm ak nan zòn ki ozalantou Betleyèm yo. Rezon ki fè li fè sa se paske selon enfòmasyon astwològ ki sot nan Lès yo te ba li yo, li konprann se nan laj sa a timoun nan ta dwe ye.

Yon sòlda k ap eseye pran yon tigason nan men manman l.

Masak wa Ewòd voye fè pou touye tout tigason sa yo terib anpil! Nou pa konnen konbyen tigason ki te mouri, men lè manman tibebe yo te kriye anpil e yo te pouse gwo rèl la, se te akonplisman yon pwofesi biblik Jeremi, yon pwofèt Bondye, te anonse. — Jeremi 31:15.

Pandan tan sa a, Jozèf ak fanmi l kouri al ann Ejip, e yo kontinye viv la. Men, yon jou swa, zanj Jewova a parèt nan yon rèv devan Jozèf yon lòt fwa ankò, li di l: “Leve, pran tipitit la ak manman l, epi al nan peyi Izrayèl, paske moun yo ki t ap chèche detwi lavi tipitit la mouri.” ​(Matye 2:20). Kounye a Jozèf konprann li ka retounen ak fanmi l nan peyi l. Aksyon sa a akonpli yon lòt pwofesi biblik ki te predi yo t apral rele Pitit Bondye a sot ann Ejip. — Oze 11:1.

Sanble Jozèf gen entansyon retounen al viv ak fanmi l nan Jide, petèt toupre vil Betleyèm, kote li t ap viv anvan l te kouri al ann Ejip la. Men, li aprann se Akelayis, yon pitit gason Ewòd ki mechan, ki vin wa Jide kounye a. Bondye avèti Jozèf nan yon lòt rèv konsènan danje a. Se konsa Jozèf ak fanmi l vwayaje al nan nò, y al abite Nazarèt, yon vil nan Galile. Se nan kominote sa a, ki lwen kote ki te sant aktivite relijye Juif yo, Jezi grandi. Sa akonpli yon lòt pwofesi ki di: “Y ap rele l moun Nazarèt.” — Matye 2:23.

  • Ki jan wa Ewòd te reyaji lè astwològ yo pa t tounen kote l, e ki jan Bondye te pwoteje Jezi?

  • Poukisa Jozèf ak fanmi l pa t tounen Betleyèm lè yo t ap kite peyi Ejip?

  • Ki pwofesi biblik ki te akonpli pandan peryòd sa a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje