BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 16 p. 42-p. 43 par. 8
  • Jezi montre l chofe pou vrè adorasyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi montre l chofe pou vrè adorasyon an
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li zele pou adorasyon Jewova
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li fè yon dezyèm mirak nan vil Kana
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi fè premye mirak li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 16 p. 42-p. 43 par. 8
Jezi jete pyès monnen ki nan tanp lan.

CHAPIT 16

Jezi montre l chofe pou vrè adorasyon an

JAN 2:12-22

  • JEZI NETWAYE TANP LAN

Apre maryaj ki te fèt nan vil Kana a, Jezi al Kapènawòm. Manman Jezi ansanm ak frè bò kot manman l yo, anpalan de Jak, Jozèf, Simon ak Jida, ap vwayaje avèk li.

Men, poukisa Jezi al Kapènawòm? Vil sa a nan pi bon pozisyon pase Nazarèt oswa vil Kana e li pi gwo lontan pase yo. Anplis de sa, pifò nan nouvo disip Jezi yo abite Kapènawòm oswa toupre l. Konsa, Jezi kapab ba yo fòmasyon kote yo rete a menm.

Pandan tan Jezi pase Kapènawòm nan, petèt li fè gwo mirak tou. Se sa k fè, anpil moun nan vil la ak moun ozalantou vil la tande pale de sa l fè nan vil sa a. Men, Jezi ak konpayon l yo, ki se Juif ki zele, dwe al Jerizalèm nan yon ti tan ankò pou y al asiste fèt Pak la nan ane 30 epòk nou an.

Pandan disip Jezi yo nan tanp lan ki nan Jerizalèm, yo dekouvri yon bagay lakay Jezi ki fè yo sezi, sandout yo pa t janm remake anvan.

Selon Lwa Bondye a, Izrayelit yo te dwe ofri bèt kòm sakrifis nan tanp lan e vizitè yo te bezwen gen manje pandan tan yo t apral pase a. Se poutèt sa, Lwa a pèmèt moun ki vin Jerizalèm ki sot nan zòn ki lwen yo, pote kòb pou yo achte “bèf, mouton, kabrit” ak lòt bagay k ap itil yo pandan tan y ap pase nan vil la (Detewonòm 14:24-26). Se sa k fè, machann ki nan vil Jerizalèm yo vann bèt oswa zwazo nan yon gwo lakou ki nan tanp lan. E gen machann ki pwofite fè magouy pou yo vann bagay yo pi chè.

Jezi fache, li jete pyès monnen moun k ap chanje lajan yo atè, li chavire tab yo e li fè yon seri mesye soti deyò. Epi, Jezi di: “Retire bagay sa yo la a! Sispann fè kay Papa m nan tounen yon kay kote yo fè komès!” — Jan 2:16.

Lè disip Jezi yo wè sa, yo sonje pwofesi konsènan Pitit Bondye a ki di: “Lanmou m gen pou kay ou a ap tankou yon dife k ap boule anndan m.” Men, Juif yo mande l: “Ki siy ou ka ban nou pou w montre nou ou gen dwa fè bagay sa yo?” Jezi reponn yo: “Kraze tanp sa a, e nan twa jou m ap mete l kanpe.” — Jan 2:17-19; Sòm 69:9.

Juif yo panse Jezi ap pale de tanp kote yo ye a, se poutèt sa yo di l: “Yo te pran 46 an pou yo bati tanp sa a, epi ou menm, pou w ta mete l kanpe nan twa jou?” ​(Jan 2:20). Men, lè Jezi t ap pale de tanp lan, se de kò l li t ap pale. Twazan apre, lè Jezi leve sot nan lanmò, disip li yo sonje pawòl li te di yo.

  • Ki kote Jezi ale apre resepsyon maryaj ki te fèt nan vil Kana a?

  • Poukisa lè Jezi wè sa k ap pase nan tanp lan li fache, e ki sa l fè lè sa a?

  • De ki sa Jezi te pale lè l te di “tanp sa a”, e ki sa l te vle di?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje