BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 27 p. 68-p. 69 par. 6
  • Li envite Matye vin suiv li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li envite Matye vin suiv li
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li envite Matye vin suiv li
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Yon leson enpòtan sou imilite
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 27 p. 68-p. 69 par. 6
Farizyen yo ap gade Jezi ki lakay Matye k ap manje ak pèseptè yo ansanm ak moun ki konn pratike peche yo.

CHAPIT 27

Li envite Matye vin suiv li

MATYE 9:9-13 MAK 2:13-17 LIK 5:27-32

  • JEZI ENVITE MATYE, PÈSEPTÈ A, VIN SUIV LI

  • KRIS PRAN KONTAK AK MOUN K AP PRATIKE PECHE YO POU L EDE YO

Yon ti tan apre Jezi fin geri mesye ki paralize a, li rete nan zòn Kapènawòm bò lanmè Galile. Yon lòt fwa ankò, foul moun yo vin kote l, e li kòmanse anseye yo. Pandan l ap pase, li wè Matye, ki rele Levi tou, ki chita nan biwo kontribisyon an. Jezi fè l yon bèl envitasyon, li di l: “Vin suiv mwen.” — Matye 9:9.

Sandout, Matye deja konnen ansèyman Jezi yo ak mirak Jezi te fè nan zòn nan, menm jan Pyè, Andre, Jak ak Jan te deja konnen yo. Menm jan ak mesye sa yo, Matye aksepte envitasyon Jezi a san pèdi tan. Men sa Matye fè konnen nan Evanjil li a: “Menm kote a, [Matye] leve, li suiv [Jezi].” ​(Matye 9:9). Kidonk, Matye kite travay li t ap fè a e li vin yon disip Jezi.

Jezi wè Matye ki se yon pèseptè nan biwo l epi li envite l vin suiv li.

Apre sa, Matye òganize yon gwo resepsyon lakay li, petèt pou l montre jan l kontan envitasyon li resevwa a. Kiyès yo envite nan resepsyon an anplis Jezi ak disip li yo? Natirèlman, mesye ki te konn fè menm travay ak Matye yo nan fèt la tou. Pèseptè yo te konn ranmase taks pou otorite women yo Juif yo pa vle wè. Yo te konn pran taks sou bato ki te konn nan waf yo, nan men gwoup moun ki konn ap vwayaje sou wout yo, e yo te konn pran taks sou machandiz k ap antre yo. Moun yo meprize pèseptè yo paske yo konn mande plis lajan pase sa yo ta dwe mande nòmalman. Anplis de sa, yo te konn fè ‘move’ bagay nan fèt yo, e yo te konnen yo kòm moun k ap fè sa k pa sa. — Lik 7:37-39.

Lè Farizyen yo, yon seri moun ki jis nan je pa yo, remake Jezi nan resepsyon an ak mesye sa yo, yo di disip Jezi yo: “Poukisa anseyan nou an ap manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” ​(Matye 9:11). Jezi tande kesyon yo poze a, li reponn: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Kidonk, al aprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis.’ Paske, mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” ​(Matye 9:12, 13; Oze 6:6). Farizyen yo pa t sensè lè yo te rele Jezi “anseyan”, men, yo ka aprann kèk bagay nan men l konsènan sa ki jis.

Sanble Matye envite pèseptè ak moun k ap pratike peche yo lakay li yon fason pou yo koute Jezi e pou yo jwenn gerizon nan domèn espirityèl, “paske, te gen anpil nan yo ki te vin ap suiv li”. (Mak 2:15.) Jezi vle ede yo gen bonjan relasyon ak Bondye. Jezi pa meprize moun sa yo, kontrèman ak Farizyen yo ki panse yo jis. Li santi l gen konpasyon ak mizèrikòd pou yo, e li kapab aji tankou yon doktè pou tout moun ki malad nan domèn espirityèl.

Kidonk, si Jezi demontre mizèrikòd anvè pèseptè yo ak moun k ap pratike peche yo, se pa fèmen li fèmen je sou peche yo fè, men se yon fason pou l montre li gen konpasyon pou moun sa yo, menm jan li gen konpasyon pou moun ki malad fizikman yo. Pa egzanp, nou sonje li te demontre konpasyon anvè yon mesye ki gen lèp lè l te lonje men l pou l touche l, e li te di l: “Wi, mwen vle. Ou geri.” ​(Matye 8:3). Menm jan ak Jezi, èske nou pa ta dwe demontre mizèrikòd pou moun ki bezwen èd yo, sitou pou moun ki bezwen èd nan domèn espirityèl?

  • Ki sa Matye t ap fè lè Jezi wè l la?

  • Poukisa Juif yo meprize pèseptè yo?

  • Poukisa Jezi pran kontak ak moun k ap pratike peche?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje