BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 28 p. 70-p. 71 par. 6
  • Poukisa disip Jezi yo pa fè jèn?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa disip Jezi yo pa fè jèn?
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yo poze l kesyon konsènan fè jèn
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Ki sa Bib la di sou kesyon fè jèn nan?
    Repons Bib la bay
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 28 p. 70-p. 71 par. 6
Disip Jan yo poze Jezi kesyon sou zafè jèn nan.

CHAPIT 28

Poukisa disip Jezi yo pa fè jèn?

MATYE 9:14-17 MAK 2:18-22 LIK 5:33-39

  • DISIP JAN YO POZE JEZI KESYON SOU FÈ JÈN

Kèk tan apre Jezi te fin asiste fèt Pak ane 30 epòk nou an, yo mete Jan ki konn batize moun nan nan prizon. Jan vle pou disip li yo vin disip Jezi, men, se pa yo tout ki vin disip Jezi pandan mwa Jan gentan pase nan prizon yo.

Kounye a, fèt Pak ane 31 epòk nou an ap pwoche, e gen kèk nan disip Jan yo ki vin kot Jezi epi yo mande l: “Poukisa nou menm ak Farizyen yo nou fè jèn, men disip pa w yo pa fè jèn?” ​(Matye 9:14). Farizyen yo te konsidere fè jèn kòm yon pratik relijye. Yon lè Jezi te menm pran egzanp yon Farizyen, ki jis nan je pa l, k ap priye konsa: “O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo [...]. Mwen fè jèn de fwa pa semèn.” ​(Lik 18:11, 12). Petèt, se menm koutim fè jèn nan disip Jan yo ap suiv. Li posib tou se paske Jan nan prizon ki fè yo fè jèn pou montre yo nan lapenn, e y ap mande tèt yo poukisa disip Jezi yo pa fè jèn, petèt pou montre yo nan lapenn pou sa k rive Jan an.

Jezi ba yo yon egzanp, li di: “Toutotan lemarye a la avèk zanmi l yo, yo pa gen okenn rezon pou yo nan lapenn, pa vre? Men, gen jou k ap vini kote y ap pran lemarye a nan men yo, lè sa a y ap fè jèn.” — Matye 9:15.

Jan li menm te pale de Jezi antanke Lemarye a (Jan 3:28, 29). Se sa k fè, pandan Jezi la avèk yo, disip Jezi yo pa wè li bon pou yo fè jèn. Men, apre Jezi mouri, disip li yo t apral nan lapenn e yo pa t ap anvi manje. Men, sa t ap chanje lè Bondye resisite Jezi! Kidonk, yo pa t ap gen okenn rezon ankò pou yo fè jèn pou montre yo nan lapenn.

Apre sa, Jezi bay de egzanp sa yo: “Pèsonn pap pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Paske, moso twal nèf la ap pati ak moso nan vye rad la, e rad la ap vin chire plis toujou. Nitou, pèsonn pap mete diven ki fèk fèt nan vye bidon ki fèt ak po bèt. Si yo fè sa, bidon yo ap pete, diven an ap koule atè e bidon yo ap tou pa itil anyen ankò. Men, moun met diven ki fèk fèt nan bidon nèf ki fèt ak po bèt.” ​(Matye 9:16, 17). Ki sa Jezi vle di?

Jezi te bay egzanp sa yo pou l te ka ede disip Jan ki te konn batize moun nan konprann pèsonn pa ta dwe atann pou disip pa l yo konfòme yo ak ansyen koutim ki nan relijyon juif la, tankou koutim fè jèn nan. Jezi pa t vin pou l pyese ansyen koutim Juif yo t ap suiv nan fason yo adore Bondye, ni li pa t vin pou l kontinye kenbe koutim sa yo ki te rive nan moman pou yo rejte yo. Adorasyon Jezi t ap ankouraje a pa t gen pou l konfòme l ak relijyon Juif yo t ap pratike nan epòk la, yon relijyon ki chaje ak tradisyon lèzòm. Non, li pa t ap sanble ni ak yon moso twal nèf yo pyese sou yon vye rad, ni ak diven ki fèk fèt yo mete nan yon vye bidon an po ki vin di.

KÈK EGZANP ANRAPÒ AK FÈ JÈN

Yon bidon an po.

Jezi sèvi ak yon egzanp anpil moun t ap ka sonje byen fasil: koud rad. Si yon moun koud yon moso twal nèf ak yon moso twal ize, sa k ap rive? Lè yo lave rad la, moso twal ki nèf la ap detire twal ki ize a, l ap dekole sot ladan l epi l ap chire l.

Menm jan an tou, pafwa yo te konn mete diven nan bidon ki fèt ak po bèt. Tank tan ap pase, bidon sa a ap vin di epi li pap elastik ankò. Se t ap yon risk pou yon moun ta mete diven ki fèk fèt nan yon bidon konsa, paske diven sa a ki gen pou l fèmante t ap fè presyon sou bidon an, sa ki t ap lakòz bidon an pete.

  • Ki moun nan epòk Jezi a ki te konn fè jèn, e poukisa?

  • Poukisa disip Jezi yo pa t fè jèn pandan l te avèk yo, men, ki sa ki t apral lakòz yo fè jèn annapre?

  • Ki sa egzanp Jezi te bay anrapò ak moso twal tounèf ak diven ki fèk fèt la vle di?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje