BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 36 p. 92-p. 93 par. 7
  • Yon ofisye ki demontre gwo lafwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon ofisye ki demontre gwo lafwa
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Kokenn lafwa yon ofisye genyen
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske Bib la gen kontradiksyon ladan l?
    Repons Bib la bay
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 36 p. 92-p. 93 par. 7
Yon ofisye k ap gade esklav li a ki malad anpil; nan fon imaj la, ansyen pami Juif yo pwoche bò kot Jezi.

CHAPIT 36

Yon ofisye ki demontre gwo lafwa

MATYE 8:5-13 LIK 7:1-10

  • JEZI GERI YON SÈVITÈ YON OFISYE LAME

  • MOUN KI GEN LAFWA YO AP JWENN BENEDIKSYON

Ansyen pami Juif yo pwoche bò kot Jezi.

Lè Jezi fin bay Diskou sou mòn nan, li antre nan vil Kapènawòm. Kèk ansyen pami Juif yo vin kot Jezi pou yo mande l yon bagay. Moun ki voye yo a se yon moun ki pa fè pati nasyon juif la, yon ofisye nan lame women an.

Ofisye a gen yon sèvitè li renmen anpil ki prèske mouri anba yon maladi grav. Byenke ofisye a se yon moun lòt nasyon, l ap chèche èd nan men Jezi. Juif yo fè Jezi konnen sèvitè mesye a ‘kouche lakay mesye a, li paralize, e l ap soufri anpil’, petèt li gen gwo doulè (Matye 8:6). Ansyen ki pami Juif yo bay Jezi asirans ofisye a merite pou Jezi fè sa pou li. Men sa yo esplike: “Li renmen nasyon nou an e se li menm ki bati sinagòg nou an.” — Lik 7:4, 5.

Pandan Jezi toupre kay yon ofisye lame, zanmi ofisye a vin rankontre ofisye a.

San pèdi tan, Jezi ale ak ansyen yo lakay ofisye lame a. Men, lè yo prèske rive, ofisye a voye kèk zanmi l vin di Jezi: “Mesye, ou pa bezwen deranje w, paske mwen pa merite pou w antre lakay mwen. Se poutèt sa, mwen pa t panse m gen dwa vin kote w.” ​(Lik 7:6, 7). Pou yon ofisye ki gen abitid bay moun lòd, pawòl sa yo vrèman demontre imilite li genyen! E pawòl sa yo montre jan mesye sa a diferan parapò ak Women yo ki te konn maltrete sèvitè yo. — Matye 8:9.

Petèt ofisye a konnen Juif yo te konn evite pran kontak ak moun ki pa Juif (Travay 10:28). Petèt se sa ofisye a te gen nan lespri l lè l te voye zanmi l yo al di Jezi pawòl sa yo: “Annik di yon pawòl, e sèvitè m nan ap geri.” — Lik 7:7.

Ebyen, lè Jezi tande sa, li sezi. Li di: “M ap di nou sa: Menm ann Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen yon gwo lafwa konsa.” ​(Lik 7:9). Lè zanmi ofisye a retounen lakay ofisye a, yo jwenn sèvitè a geri epi li anfòm.

Yonfwa Jezi fin fè gerizon sa a, li pwofite okazyon an pou l fè konnen jan moun ki pa Juif ki gen lafwa yo ap jwenn benediksyon. Men sa l di: “Anpil moun ap soti nan zòn lès ak nan zòn lwès, y ap vin chita sou tab ansanm ak Abraram ak Izarak ak Jakòb nan Wayòm syèl la.” E Juif ki pa demontre lafwa yo menm? Jezi fè konnen “yo pral jete [...] yo nan fènwa ki gen deyò a. Se la yo pral kriye e yo pral manje dan”. — Matye 8:11, 12.

Kidonk, yo pral rejte Juif natif natal ki pa aksepte posiblite yo jwenn an premye pou yo antre nan Wayòm nan ansanm ak Kris. Men, moun ki nan lòt nasyon ap gen posiblite pou yo chita avè l sou tab li a, sa vle di y ap ansanm avè l “nan Wayòm syèl la”.

  • Poukisa Juif yo ap sipliye Jezi pou yon ofisye lame ki fè pati moun lòt nasyon?

  • Ki sa petèt ki te fè ofisye a pa t mande Jezi pou l vin lakay li?

  • Ki posiblite Jezi fè konnen moun ki nan lòt nasyon yo genyen?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje