BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 60 p. 144-p. 145 par. 7
  • Aparans li chanje: Yon apèsi sou Kris nan glwa li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aparans li chanje: Yon apèsi sou Kris nan glwa li
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yon apèsi sou glwa Kris nan Wayòm li
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
    Annou imite lafwa yo
  • Li te andire jiska lafen
    Annou imite lafwa yo
  • Li te rete fidèl devan eprèv
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 60 p. 144-p. 145 par. 7
Aparans Jezi chanje devan Pyè, Jak ak Jan; Moyiz ak Eli parèt.

CHAPIT 60

Aparans li chanje: yon apèsi sou Kris nan glwa li

MATYE 16:28–17:13 MAK 9:1-13 LIK 9:27-36

  • VIZYON SOU APARANS LI KI CHANJE

  • APOT YO TANDE VWA BONDYE

Jezi ap anseye yon foul moun nan zòn Sezare Filip ki nan anviwon 25 kilomèt parapò ak Mòn Èmon. Li anonse yon bagay ki fè moun sezi. Men sa l di apot yo: “Anverite m ap di nou sa: Gen kèk nan moun ki kanpe la a ki pap mouri toutotan yo pa wè Pitit lòm nan k ap vini nan Wayòm li.” — Matye 16:28.

Disip yo dwe ap mande tèt yo ki sa pawòl Jezi yo vle di. Anviwon yon semèn apre, Jezi pran twa nan apot li yo, anpalan de Pyè, Jak ak Jan. Li monte avèk toule twa sou yon mòn ki byen wo. Petèt se lannuit li fè sa, piske disip li yo gen dòmi nan je. Pandan Jezi ap priye, aparans li chanje devan yo. Twa apot yo wè figi Jezi vin klere tankou solèy la, e rad sou li vin tou blan, l ap briye tankou limyè.

Ansuit, gen de mesye, yo di ki se “Moyiz ak Eli”, ki parèt e k ap pale ak Jezi sou ‘ale li gen pou l ale detan l Jerizalèm nan’. (Lik 9:30, 31.) Sa klè, ale Jezi gen pou l ale a gen rapò ak lanmò l ansanm ak rezirèksyon l ki t apral fèt annapre, e sa pa t gen twò lontan depi l te pale de bagay sa yo (Matye 16:21). Kidonk, kontrèman ak sa Pyè te ankouraje Jezi fè a, konvèsasyon sa a montre Jezi pa ka evite imilyasyon lanmò l la t apral fè l jwenn.

Kounye a, disip yo reveye nèt, yo sezi pou sa yo sot wè ak sa yo sot tande. Byenke se yon vizyon, li tèlman parèt reyèl, Pyè kòmanse wè fòk li patisipe nan sa k ap pase a, li di: “Anseyan, se yon bon bagay lefètke nou la a. Ebyen, annou monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz e youn pou Eli.” ​(Mak 9:5). Èske Pyè te vle monte tant yo yon fason pou vizyon an te ka dire plis tan?

Pandan Pyè ap pale, gen yon nyaj klere ki kouvri yo, e gen yon vwa ki soti nan nyaj la ki di: “Se Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” Lè apot yo tande vwa Bondye, yo pè anpil e yo tonbe fas atè. Men, Jezi ankouraje yo, li di: “Leve. Nou pa bezwen pè.” ​(Matye 17:5-7). Lè apot yo leve, yo pa wè pèsonn, sof Jezi. Se konsa vizyon an fini. Lè l vin fè jou, pandan y ap desann mòn nan, Jezi ba yo lòd sa a: “Pa rakonte pèsonn vizyon an toutotan Bondye pa leve Pitit lòm nan sot nan lanmò.” — Matye 17:9.

Lefètke Eli parèt nan vizyon an, sa fè apot yo vin ap poze kesyon sa a: “Poukisa espè nan Lalwa yo di Eli dwe vini anvan?” Men sa Jezi reponn: “Eli vini deja, men yo pa t rekonèt li.” ​(Matye 17:10-12). Se konsènan Jan ki te konn batize moun nan Jezi ap pale, li menm ki te jwe yon wòl ki sanble ak wòl Eli te jwe a. Jan te prepare chemen an pou Kris, menm jan Eli te fè sa pou Elize.

Se pa ti fòs vizyon sa a bay ni Jezi ni apot yo! Vizyon an bay yon apèsi sou glwa Kris nan Wayòm li an. Donk, disip yo te wè “Pitit lòm nan k ap vini nan Wayòm li”, jan Jezi te pwomèt sa (Matye 16:28). Pandan yo te sou mòn nan, yo te “temwen ki wè ak je [yo] jan li gran”. Farizyen yo te mande Jezi pou l ba yo yon siy ki montre li se sila a Bondye chwazi pou vin Wa a. Jezi pa t ba yo okenn siy. Yon lòt bò, disip ki pwòch Jezi yo te gen posiblite wè l lè aparans li te chanje a, sa ki pwouve pwofesi konsènan Wayòm nan se verite. Se poutèt sa Pyè te ekri annapre: “Pawòl ki ekri nan pwofesi yo vin pi sèten pou nou.” — 2 Pyè 1:16-19.

  • Ki jan kèk nan apot yo te wè Jezi k ap vini nan Wayòm li an anvan yo mouri?

  • Konsènan ki sa Moyiz ak Eli ap pale ak Jezi nan vizyon an?

  • Poukisa vizyon sa a fòtifye disip Kris yo anpil?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje