BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 92 p. 216-p. 217 par. 7
  • Li geri dis moun ki gen lèp men se yon sèl ki montre l gen rekonesans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li geri dis moun ki gen lèp men se yon sèl ki montre l gen rekonesans
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Dis moun ki gen lèp geri pandan Jezi ap fè dènye vwayaj li pou l al Jerizalèm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske w konn sonje di mèsi?
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi fè anpil mirak
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Evite bagay ki ka distrè nou nan epòk nou gen yon “bòn nouvèl” pou nou preche a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 92 p. 216-p. 217 par. 7
Youn nan dis mesye ki te gen lèp Jezi te geri yo retounen vin di l mèsi.

CHAPIT 92

Li geri dis moun ki gen lèp men se yon sèl ki montre l gen rekonesans

LIK 17:11-19

  • JEZI GERI DIS MOUN KI GEN LÈP

Jezi fè plan Sanedren an genyen pou l touye l la echwe, li vwayaje al nan vil Efrayim, nan zòn nòdès Jerizalèm. Li rete la ansanm ak disip li yo, lwen ènmi l yo (Jan 11:54). Sepandan, fèt Pak ane 33 epòk nou an ap pwoche, se sa k fè Jezi pap pran tan pou l deplase ankò. Li vwayaje al nan nòdwès, li pase nan Samari e li monte Galile. Se dènye vizit l ap fè nan zòn sa a anvan l mouri.

Nan kòmansman vwayaj la, pandan Jezi ap vwayaje sot nan yon bouk al nan yon lòt bouk, li rankontre ak dis mesye ki gen lèp. Tikras pa tikras, maladi terib sa a manje plizyè pati nan kò yon moun ki genyen l, tankou dwèt li, zòtèy li ak zòrèy li (Nonb 12:10-12). Selon Lwa Bondye a yon moun ki gen lèp te dwe rele byen fò: “Mwen pa pwòp! Mwen pa pwòp!” e li te dwe viv lwen lòt moun. — Levitik 13:45, 46.

Dis moun ki gen lèp yo suiv lwa sa a paske yo rete byen lwen Jezi. Sepandan, yo rele byen fò: “Jezi, Anseyan, gen pitye pou nou!” Lè Jezi wè yo, li ba yo lòd sa a: “Al fè prèt yo wè nou.” ​(Lik 17:13, 14). Konsa Jezi montre l respekte Lwa Bondye a. Lè yon moun ki gen maladi lèp refè, Lwa sa a bay prèt yo otorite pou yo fè konnen moun sa a geri. Apre sa y ap kapab viv ankò nan mitan moun ki an sante. — Levitik 13:9-17.

Jezi rankontre dis mesye ki gen lèp.

Dis mesye ki gen lèp yo gen konfyans nan pouvwa Jezi genyen pou l fè mirak. Se poutèt sa yo kouri al wè prèt yo menm lè yo poko geri. Pandan yo sou wout, yo jwenn rekonpans poutèt yo gen lafwa nan Jezi. Yo kòmanse wè y ap geri e yo kòmanse santi y ap refè!

Nèf nan moun ki te gen lèp yo kontinye fè wout yo, men, gen yon Samariten pami yo ki retounen al chèche jwenn Jezi. Pou ki rezon? Paske mesye a gen anpil rekonesans pou sa Jezi sot fè a. Moun sa a ki te gen lèp la “bay Bondye glwa byen fò”, paske li rann li kont se Bondye ki fè l rejwenn lasante kounye a (Lik 17:15). Lè l rive jwenn Jezi, li lage kò l nan pye l pou l di l mèsi.

Pandan te gen moun ki te toupre Jezi, li di: “Se nou toule dis ki geri, pa vre? Men, kote nèf lòt yo? Yo youn pa t wè nesesite pou yo tounen vin bay Bondye glwa, eksepte mesye sa a ki soti nan yon lòt nasyon?” Apre sa, Jezi di Samariten an: “Leve, ou mèt ale. Lafwa w geri w.” — Lik 17:17-19.

Lefètke Jezi geri dis mesye ki te gen lèp yo, li montre Jewova ap soutni l. Kounye a, gen youn nan dis mesye ki geri pa mwayen aksyon Jezi a ki petèt sou chemen lavi a tou. Nou pap viv nan yon epòk kote Bondye ap itilize Jezi pou l fè jan de gerizon sa yo. Sepandan, si n gen lafwa nan Jezi n ap ka mache sou chemen lavi a, anpalan de lavi ki pap janm fini an. Èske n montre nou gen rekonesans men jan ak Samariten sa a?

  • Apre Jezi fin fè plan yo te fè pou touye l la echwe, ki kote l ale?

  • Poukisa dis mesye ki gen lèp yo ret byen lwen, e poukisa Jezi di yo pou y al kot prèt yo?

  • Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive Samariten an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje