BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 116 p. 268-p. 269 par. 1
  • Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak la
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li demontre imilite nan dènye fèt Pak la
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Gran Anseyan an te konn rann moun sèvis
    Koute gran Anseyan an
  • ‘Sa dwe yon memoryal pou nou’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 116 p. 268-p. 269 par. 1
Jezi lave pye apot li yo pou l aprann yo gen imilite.

CHAPIT 116

Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak la

MATYE 26:20 MAK 14:17 LIK 22:14-18 JAN 13:1-17

  • JEZI MANJE MANJE PAK LA AK APOT LI YO YON DÈNYE FWA

  • LI LAVE PYE APOT LI YO POU L ANSEYE YON LESON

Pyè ak Jan suiv enstriksyon Jezi ba yo, yo deja rive Jerizalèm pou yo fè preparasyon pou fèt Pak la. Annapre, Jezi ak dis lòt apot yo met tèt pou Jerizalèm nan aprèmidi. Pandan solèy la ap kouche nan lwès, Jezi ak disip li yo ap desann Mòn Oliv. Se dènye fwa nan lajounen Jezi ap gade vil la detan l sou mòn sa a anvan rezirèksyon l.

Nan yon ti tan, Jezi ak apot li yo rive nan vil la e y al nan kay kote yo pral manje manje Pak la. Yo monte yon eskalye pou y al nan gwo pyès aletaj la, kote yo jwenn tout bagay gentan pare pou yo manje manje Pak la, e yo poukont yo. Jezi t ap tann okazyon sa a, li di: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje manje Pak sa a ansanm avèk nou anvan m soufri.” — Lik 22:15.

Plizyè ane anvan sa, koutim pou moun pase plizyè koup diven bay youn lòt nan fèt Pak la te deja egziste. Kounye a, apre yo fin ba l yon koup, Jezi di Bondye mèsi epi li di: “Pran l, bwè ladan l, e pase l youn bay lòt. Paske, m ap di nou sa: Apati kounye a, mwen pap bwè bwason ki fèt ak rezen ankò jiskaske Wayòm Bondye a vini.” ​(Lik 22:17, 18). Li klè, lanmò li t ap pwoche.

Pandan y ap manje manje Pak la, gen yon bagay ki pa abitye fèt ki rive. Jezi leve, li depoze rad li met pa anlè rad ki sou li a sou kote epi li pran yon sèvyèt. Li mete dlo nan yon kivèt. An jeneral, se moun k ap resevwa moun lakay li a ki aranje l pou yo lave pye moun l ap resevwa a. Petèt, se yon sèvant oswa yon sèvitè ki te konn fè sa (Lik 7:44). Piske nan okazyon sa a, pa gen moun k ap resevwa yo, Jezi pran desizyon fè travay sa a. Nenpòt nan apot yo te ka pwofite okazyon an pou yo fè sa. Men pa gen youn ladan yo ki fè sa. Èske se paske yo toujou gen lespri konpetisyon lakay yo? Antouka, pou kèlkeswa rezon an, yo santi yo jennen pou yo wè se Jezi k ap lave pye yo.

Lè Jezi rive sou Pyè, Pyè reponn: “Jamè, ou pa gendwa lave pye m.” Jezi di: “Si m pa lave pye w, mwen pap annafè avè w.” Pyè pale ak santiman, li di: “Seyè, se pa pye m sèlman pou w lave, ou mèt lave men m ak tèt mwen tou.” Kidonk, se pa ti sezi pawòl Jezi di annapre yo dwe te fè l sezi. Men sa Jezi di: “Yon moun ki benyen deja, se sèlman pye l li bezwen yo lave, paske tout kò l pwòp. Nou menm, nou pwòp, men se pa nou tout.” — Jan 13:8-10.

Lè Jezi fin lave pye toule 12 apot yo, menm pye Jida ki pral livre l la, li met rad la sou li ankò e li retounen chita bò tab la. Epi li mande yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye. Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt. Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an. Anverite m ap di nou sa: Yon esklav pa plis pase mèt li, e moun yo voye a pa plis pase moun ki voye l la. Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” — Jan 13:12-17.

Ala yon bèl leson Jezi anseye lefètke li aksepte fè travay imilyan sa a! Disip Jezi yo pa dwe chèche premye plas, yo pa ta dwe panse yo tèlman enpòtan pou se lòt moun ki ta dwe ap sèvi yo. Okontrè yo dwe suiv egzanp Jezi bay la. Sa pa vle di yo dwe fè yon seremoni lavman pye. Men li ba yo egzanp pou l montre yo jan yo dwe dispoze sèvi youn lòt avèk imilite e san paspouki.

  • Pandan Jezi ak apot li yo t ap manje manje Pak la, ki sa Jezi di yo ki montre li pa lwen mouri?

  • Poukisa sa pa parèt nòmal pou se Jezi ki pou te lave pye apot li yo?

  • Lefètke Jezi fè yon travay imilyan lè l lave pye apot li yo, ki leson sa aprann nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje