BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 119 p. 274-p. 275 par. 6
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • L ap prepare apot yo pou lè l ale
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • “ Chemen an e laverite a e lavi a ”
    “Vin suiv mwen”
  • ‘Pitit la vle fè moun konnen Papa a’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 119 p. 274-p. 275 par. 6
Jezi avèk 11 apot li yo nan chanm ki aletaj la.

CHAPIT 119

Jezi se chemen an, verite a, lavi a

JAN 14:1-31

  • JEZI ALE POU L PREPARE YON PLAS

  • LI PWOMÈT MOUN K AP SUIV LI YO YON ÈD

  • PAPA A NAN PI GWO POZISYON PASE JEZI

Jezi toujou nan chanm ki anlè a ak apot li yo apre soupe memoryal la, li ba yo ankourajman sa a: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa nan Bondye, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou.” — Jan 13:36; 14:1.

Jezi bay apot li yo ki fidèl rezon pou yo pa boulvèse apre li fin ale: “Lakay Papa m gen anpil plas. [...] Lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou.” Sepandan, apot yo pa konprann li t ap pale konsènan ale li t aprale nan syèl la. Toma mande l: “Seyè, nou pa konn kote w prale. Kòman nou ka konnen chemen an?” — Jan 14:2-5.

Men sa Jezi reponn: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” Se sèlman si yon moun aksepte Jezi ak ansèyman l yo epi li imite fason l te viv, l ap kapab antre nan kay Papa l nan syèl la. Men sa Jezi di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.

Filip, k ap koute avèk atansyon, mande Jezi: “Seyè, montre nou Papa a, e sa ap ase pou nou.” Sanble Filip vle pou Jezi fè l wè kèk bagay ki montre prezans Bondye, menm jan Moyiz, Eli ak Ezayi te wè sa nan vizyon nan tan lontan. Men, apot yo gen yon bagay ki pi bon lontan pase kalite vizyon sa yo, jan Jezi fè konn sa. Men sa l di: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epoutan, Filip, ou pa rive konnen m? Moun ki wè m wè Papa a tou.” Jezi tèlman byen reflete pèsonalite Papa l, sa fè lè yon moun viv avè l e moun sa a wè l, anfèt se kòmsi li wè Papa a menm. Nòmalman, Papa a nan pi gwo pozisyon pase Pitit la, paske men sa Jezi di: “Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm.” ​(Jan 14:8-10). Apot Jezi yo ka wè se Papa l li bay tout louwanj pou sa l ap anseye yo.

Apot Jezi yo te wè bèl travay li te fè e yo te tande l k ap preche konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a. Kounye a li di yo: “Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa.” ​(Jan 14:12). Jezi pa di yo pral fè pi gwo mirak pase sa l te konn fè yo. Non, men, li vle di yo pral kontinye fè travay predikasyon an pandan yon tan ki pi long, nan yon tèritwa ki pi gwo, e y ap gen pou yo preche plis moun lontan!

Jezi pap abandone disip li yo lè l fin ale. Men pwomès li fè: “Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l.” Anplis de sa, li di: “M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd ki pou avèk nou pou toutan. Èd sa a se lespri ki fè konn verite a.” ​(Jan 14:14, 16, 17). Li ba yo asirans yo pral resevwa lespri sen ki se lòt èd la. Sa te rive nan jou Pannkòt la.

Men sa Jezi di: “Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò, men nou menm, n ap wè m, paske m ap viv e nou pral viv.” ​(Jan 14:19). Nonsèlman Jezi ap parèt devan yo sou fòm moun apre l fin resisite, men, lè moman an rive, l ap resisite yo pou y al viv avè l nan syèl la antanke espri.

Kounye a, Jezi bay yon verite ki senp. Li di: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.” Lè sa a, apot Jida, ki rele Tade tou, pran lapawòl, li di: “Seyè, sa k fè se nou ou vle montre aklè kiyès ou ye, se pa monn nan?” Jezi reponn: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen, Papa m ap renmen l [...]. Moun ki pa renmen m pa obeyi pawòl mwen.” ​(Jan 14:21-24). Kontrèman ak disip li yo, monn nan pa rekonèt Jezi se chemen an, verite a, lavi a.

Jezi prale, men, ki jan disip li yo ap fè sonje tout sa li te anseye yo? Men sa Jezi esplike: “Èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo.” Apot yo te wè jan lespri sen ka fè yon seri gwo travay, se sa k fè sa Jezi di a ankouraje yo. Men sa Jezi di: “Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an. [...] Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou.” ​(Jan 14:26, 27). Disip sa yo pa gen rezon pou yo boulvèse paske Papa Jezi ap ba yo direksyon ak pwoteksyon.

Yo pral wè pwoteksyon Bondye ap bay la aklè. Men sa Jezi di yo: “Chèf monn nan ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen.” ​(Jan 14:30). Jida te kite jwen pou Dyab la antre nan li epi enfliyanse l. Men, pa gen okenn feblès ki kapab fè Jezi peche, pou Satan ta ka jwe sou sa pou l fè l sispann sèvi Bondye. Epitou, Dyab la pa gen pouvwa pou l fè Jezi rete nan lanmò. Sa k fè sa? Jezi montre sa, lè l di: “Mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” Donk, li gen asirans Papa a ap resisite l. — Jan 14:31.

  • Ki kote Jezi prale, e ki asirans li bay Toma konsènan chemen ki mennen kote l prale a?

  • Ki sa Filip sanble mande Jezi pou l fè l wè?

  • Ki jan disip Jezi yo pral fè travay ki pi gwo pase sa Jezi te fè yo?

  • Poukisa sa bon pou nou konnen Papa a nan pi gwo pozisyon pase Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje