BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 126 p. 288-p. 289 par. 9
  • Li nye Jezi lakay Kayif

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li nye Jezi lakay Kayif
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li nye Jezi nan lakou a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Mèt la te aprann li sa padone vle di
    Annou imite lafwa yo
  • Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Pyè di li pa konn Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 126 p. 288-p. 289 par. 9
Pandan Jezi sou yon balkon, l ap gade Pyè ki fèk nye l; gen yon kòk ki dèyè Pyè a.

CHAPIT 126

Li nye Jezi lakay Kayif

MATYE 26:69-75 MAK 14:66-72 LIK 22:54-62 JAN 18:15-18, 25-27

  • PYÈ NYE JEZI

Apre yo fin arete Jezi nan Jaden Jetsemane a, apot yo abandone Jezi e yo chape poul yo paske yo pè. Sepandan, rive yon kote, gen de nan yo ki sispann kouri. De apot sa yo se Pyè “ansanm ak yon lòt disip”, sandout ki se apot Jan (Jan 18:15; 19:35; 21:24). Petèt yo jwenn Jezi etandone se lakay Àn yo te mennen l. Lè Àn voye Jezi kay Kayif ki se gran prèt, Pyè ak Jan suiv Jezi nan yon distans. Petèt, yo pè pou pwòp vi yo e anmenmtan yo enkyete paske yo ta renmen konnen sa k pral rive Mèt yo a.

Etandone moun nan lakou gran prèt la konnen Jan, yo kite l antre nan lakou kay Kayif la. Pyè rete deyò pòtay la pou jiskaske Jan retounen e l ap pale ak yon sèvant yo mete la pou veye pòtay la. Apre sa yo kite Pyè antre.

Piske nan nuit sa a li te fè frèt, moun ki te nan lakou yo fè yon boukan dife. Pyè chita avè yo pou l ka chofe dife, l ap tann “pou l wè jan bagay yo ap fini” pou Jezi (Matye 26:58). Kounye a, sèvant ki t ap veye pòtay la ki te kite l antre a wè l pi byen nan limyè dife a, li di l: “Ou se youn nan disip mesye sa a tou, pa vre?” ​(Jan 18:17). E se pa fi a sèlman ki rekonèt Pyè e ki di li te ansanm ak Jezi. — Matye 26:69, 71-73; Mak 14:70.

Sa fè Pyè sezi anpil. Li eseye kamoufle kò l e li menm eseye retire kò l nan rantre lakou a. Donk Pyè nye li te avèk Jezi e rive yon lè li di: “Mwen pa konnen l, ni m pa konprann sa w ap di a.” ​(Mak 14:67, 68). Anplis de sa, li kòmanse “sèmante, li mande pou malè rive l”, sa vle di li vle ba yo garanti sa l di a se laverite sinon se pou malè rive l. — Matye 26:74.

Pandan tan sa a, jijman Jezi ap kontinye. Sanble yo mennen l yon kote nan kay la pa anlè ki bay sou lakou a. Pyè ak lòt moun yo k ap tann anba a wè bann ale vini divès temwen yo mennen vin temwaye yo ap fè.

Lefètke Pyè pale tankou moun Galile sa se yon prèv ki montre sa l di yo pa laverite. Anplis de sa, youn nan moun yo se fanmi Malkis, li menm Pyè te koupe zòrèy li a. Se sa k fè akizasyon an tonbe sou Pyè: “Se pa ou menm mwen te wè nan jaden an avè l la?” Pandan Pyè ap nye Jezi yon twazyèm fwa, yon kòk chante, jan Jezi te fè l konn sa a. — Jan 13:38; 18:26, 27.

E nan moman sa a, sanble Jezi sou yon balkon ki bay sou lakou a e li vire gade Pyè, sa ki dwe fè Pyè mal anpil. Li sonje sa Jezi te di l nan chanm aletaj la sa gen sèlman kèk èdtan. Imajine jan Pyè santi l apre l fin rann li kont sa l sot fè a pa bon! Pyè sot deyò a e li kriye ak anpil lapenn. — Lik 22:61, 62.

Ki jan sa fè rive? Ki jan Pyè fè nye Mèt li, apre l fin montre jan l gen asirans li solid nan domèn espirityèl e li fidèl? Yo tòde laverite e yo prezante Jezi kòm yon gwo kriminèl. Pandan Pyè jwenn okazyon pou l pran pozisyon pou yon moun ki inosan, li vire do bay Sila a ki konn di “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. — Jan 6:68.

Eksperyans trajik sa a Pyè fè a montre menm yon moun ki gen lafwa e ki zele kapab pèdi ekilib li si l pa t prepare pou yon eprèv ki vini sanzatann oswa yon tantasyon. Sa k rive Pyè a se yon avètisman pou tout sèvitè Bondye yo!

  • Ki jan Pyè ak Jan fè antre nan lakou kay Kayif la?

  • Pandan Pyè ak Jan nan lakou a, ki sa k ap pase anndan kay la?

  • Lefètke Pyè sèmante e l mande pou malè rive l, ki sa sa vle di?

  • Ki leson enpòtan eksperyans Pyè fè a aprann nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje