BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 129 p. 294-p. 295 par. 2
  • Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • “Gade! Men nonm nan!”
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Pilat voye l bay Ewòd, apre sa Ewòd voye l tounen
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 129 p. 294-p. 295 par. 2
Jezi gen yon kouwòn pikan sou tèt li, yon rad ki gen koulè wouj vyolèt sou li, epi Pilat mennen l deyò a.

CHAPIT 129

Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”

MATYE 27:15-17, 20-30 MAK 15:6-19 LIK 23:18-25 JAN 18:39–19:5

  • PILAT ESEYE LIBERE JEZI

  • JUIF YO MANDE POU YO LAGE BARABAS

  • YO PASE JEZI NAN RIZIB E YO MALTRETE L

Pilat di foul moun k ap chèche touye Jezi yo: “Mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon nou lage sou do l yo. An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis.” ​(Lik 23:14, 15). Kounye a, Pilat ap eseye jwenn yon fason pou l lage Jezi, li sèvi ak yon lòt metòd, li di pèp la: “Nou gen koutim pou m lage yon moun pou nou nan moman fèt Pak la. Èske nou vle m lage Wa Juif yo pou nou?” — Jan 18:39.

Pilat konnen gen yon prizonye yo rele Barabas, tout moun konnen se yon vòlè, yon moun k ap ankouraje moun leve kont gouvènman epi l se yon asasen tou. Se sa k fè Pilat mande yo: “Ki moun nou vle m lage pou nou, Barabas oswa Jezi, sila a yo rele Kris la?” Lefètke prèt an chèf yo chofe tèt pèp la, pèp la mande pou yo lage Barabas olye yo lage Jezi. Pilat mande yo ankò: “Kiyès nan yo de a nou vle m lage pou nou?” Foul la reponn byen fò: “Barabas.” — Matye 27:17, 21.

Pilat santi l kontrarye, li mande: “Ebyen, ki sa m dwe fè ak Jezi, sila a yo rele Kris la?” Pèp la rele byen fò: “Mete l sou yon poto!” ​(Matye 27:22). Yo pran responsablite yo, yo mande pou yo touye yon moun ki inosan. Li mande yo: “Poukisa? Ki mal misye fè? Mwen pa wè l fè anyen ki merite lanmò. Se sa k fè m ap pini l epi m ap lage l.” — Lik 23:22.

Malgre tout sa Pilat fè, foul moun yo ki te fache anpil kontinye ap di byen fò: “Mete l sou yon poto!” ​(Matye 27:23). Chèf relijye yo tèlman chofe foul la, moun yo fin dechennen, yo vle wè san! E se pa san kèk kriminèl, kèk asasen, men se san yon moun ki inosan yo te byen akeyi l antanke Wa lè l t ap antre Jerizalèm. Si disip Jezi yo la, ou mèt konnen yo ret an silans e yo met kò yo apa.

Lè Pilat wè tout efò l fè yo pa bay anyen, men okontrè sa fè moun yo fè plis eskandal toujou, li pran dlo, li lave men l devan foul la, li di yo: “Mwen inosan nan lanmò mesye sa a. Se nou ki responsab san l.” Malgre sa, sa pa chanje atitid pèp la genyen. Olye de sa, yo di: “Se pou san l vin sou nou ak sou pitit nou.” — Matye 27:24, 25.

Gouvènè a te plis vle satisfè foul la pase pou l fè sa l konnen ki jis. Se sa k fè, li lage Barabas, jan foul la te mande sa. Li fè retire rad sou Jezi epi li fè bat li ak kout fwèt.

Apre yo fin tòtire Jezi, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout batayon sòlda yo rasanble, yo maltrete l plis toujou, yo trese yon kouwòn pikan e yo foure l nan tèt li. Yo mete yon wozo nan men dwat li e yo abiye l ak yon rad wouj vyolèt ki tankou rad wa konn abitye mete. Apre sa, yo pase l nan rizib, yo di l: “Bonjou, Wa Juif yo!” ​(Matye 27:28, 29). Epitou, yo krache sou li, yo ba l kalòt nan figi l. Yo pran wozo ki nan men l lan ki solid, yo sèvi avè l pou yo ba l kou nan tèt, sa ki lakòz pikan pwenti ki nan “kouwòn” yo met sou tèt li pou imilye l la antre pi fon nan po tèt li.

Diyite ak kouraj estrawòdinè Jezi demontre parapò ak fason y ap maltrete l yo tèlman fè Pilat sezi, sa pouse l fè yon lòt tantativ pou l eseye retire chay sa a sou do l. Li di: “Gade! M ap mennen l deyò a pou nou dekwa pou nou ka konnen mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab.” Èske Pilat panse lè moun yo wè Jezi apre yo fin tòtire l epi l ap senyen sa ap touche kè yo? Pandan Jezi kanpe devan foul moun sa yo ki san pitye, Pilat di byen fò: “Gade! Men nonm nan!” — Jan 19:4, 5.

Malgre yo matirize l e malgre yo bat li byen bat, Jezi demontre yon diyite ak yon kalm ki fè menm Pilat dwe rekonèt, paske pawòl Pilat di yo sanble montre respè ak pitye.

FWÈT

Yon kòd pou bat moun.

Men sa doktè William D. Edwards di nan yon jounal (The Journal of the American Medical Association) pou l esplike fason Women yo te konn abitye bat moun:

“Yo te abitye sèvi ak yon fwèt kout (ki rele flagrum oubyen flagellum) ki gen plizyè branch ki fèt an po, ki pa menm longè, e pafwa yo te konn trese chak branch e yo te konn mare ti boul an fè oswa ti moso zo mouton byen file nan branch yo. [...] Tank sòlda women yo t ap frape fwèt sa a nan do viktim nan ak tout fòs yo, se tank ti boul an fè yo t ap metri chè a pa anndan, e se tank branch an po yo ak zo mouton yo t ap fann po moun nan ak chè l. Ansuit, tank yo t ap bat moun nan, se tank blese li genyen yo t ap antre pi fon rive jis nan mis ki kole ak zo l yo, e sa fè gen moso chè ki pandye k ap tranble e k ap senyen.”

  • Ki sa Pilat eseye fè pou l ka lage Jezi yon fason pou l eseye retire chay sa a sou do l?

  • Ki jan yo te konn abitye bat moun?

  • Apre yo fin bat Jezi, ki jan yo maltrete l ankò?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje