BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 70 p. 166-p. 167 par. 2
  • Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li geri yon mesye ki fèt tou avèg
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Farizyen yo refize kwè
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi geri moun nan jou saba a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 70 p. 166-p. 167 par. 2
Yon mandyan ki te avèg ki vin wè apre l fin benyen nan pisin Silowam nan.

CHAPIT 70

Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg

JAN 9:1-18

  • LI GERI YON MANDYAN KI FÈT TOU AVÈG

Jezi toujou Jerizalèm nan jou saba a. Pandan li menm ak disip li yo ap mache nan vil la, yo wè yon mandyan ki fèt tou avèg. Disip yo mande Jezi: “Anseyan, kiyès ki te peche ki fè mesye sa a fèt tou avèg la? Èske se li menm oubyen paran l?” — Jan 9:2.

Disip yo konnen mesye a pa t gen yon nanm envizib anvan l fèt, men, yo ka ap mande tèt yo si yon moun ka peche pandan l nan vant manman l. Jezi di: “Se pa ni mesye a ni paran l ki peche, men sa rive dekwa pou travay Bondye ka parèt aklè nan ka pa l.” ​(Jan 9:3). Se pa ni fot ni peche mesye a oswa paran l fè ki lakòz li avèg. Okontrè, se peche Adan an ki lakòz tout moun vin enpafè, e konsa sa fè yo vin gen yon seri domaj, pa egzanp gen moun ki avèg. Domaj sa a mesye a genyen an bay Jezi okazyon pou l fè travay Bondye yo parèt aklè, jan l te deja fè sa lè l te geri moun ki malad yo.

Jezi montre ijans ki genyen pou travay sa yo fèt. Li di: “Nou dwe fè travay Sila a ki voye m nan pandan l jou. Lannuit ap rive kote pèsonn pap ka travay. Toutotan mwen nan monn nan, mwen se limyè pou monn nan.” ​(Jan 9:4, 5). Talè konsa, lanmò Jezi pral lage l nan fènwa ki gen nan tonm lan kote li pap ka fè anyen ankò. Annatandan, li se yon sous limyè pou monn nan.

Jezi mete yon mas labou nan je yon mesye ki avèg.

Men, èske Jezi ap geri mesye a? Si l ap geri l, kòman l ap fè sa? Jezi krache atè, e li fè yon labou ak krache a. Li pran enpe labou, li mete l sou je mesye ki avèg la, li di: “Al lave je w nan pisin Silowam.” ​(Jan 9:7). Mesye a obeyi. E lè l fè sa, li vin ka wè. Nou pa bezwen mande jan l kontan paske se premye fwa li wè nan vi l!

Gen kèk moun nan zòn nan ak moun ki te konnen l avèg ki sezi anpil. Yo mande: “Èske se pa mesye ki te konn chita ap mande a?” Gen kèk moun ki reponn, yo di: “Se li menm.” Men, gen lòt ki pa ka kwè ki di: “Se pa li, men li sanble avè l.” Mesye a li menm reponn, li di: “Se mwen.” — Jan 9:8, 9.

Kidonk, yo mande l: “Kòman w fè vin wè?” Li reponn: “Mesye ki rele Jezi a fè yon labou, li pase l sou je m e li di m: ‘Al lave je w nan pisin Silowam.’ Vrèmanvre, mwen ale, mwen lave je m e mwen wè.” Apre sa, yo mande: “Kote misye?” Mandyan an reponn: “Mwen pa konnen.” — Jan 9:10-12.

Moun yo mennen mesye a kot Farizyen yo, yo menm tou ki vle konnen kòman mesye a fè wè. Mesye a di yo: “Li mete yon ti labou sou je m, mwen lave je m epi mwen wè.” Farizyen yo ta dwe rejwi ak mandyan an ki geri kounye a! Men, olye yo fè sa, yo kritike Jezi, yo di: “Li pa yon moun ki soti nan Bondye, paske li pa obsève saba.” Men, gen lòt moun ki di: “Kòman yon moun ki se yon pechè ta ka fè kalite mirak sa yo?” ​(Jan 9:15, 16). Se konsa vin gen yon divizyon nan mitan yo.

Etandone gen tout pale anpil sa yo, yo mande mesye ki ka wè kounye a: “Ki sa w panse de li, piske li fè w wè?” Li pa gen dout konsènan ki moun Jezi ye, li di: “Li se yon pwofèt.” — Jan 9:17.

Juif yo refize kwè sa. Yo gen konviksyon Jezi dwe antann li ak mesye a an kachèt pou l twonpe moun yo. Se konsa, pou yo rezoud pwoblèm nan, yo rele paran mesye a pou yo mande yo si se vre mesye a te avèg.

  • Ki sa k lakòz mesye a avèg, men ki sa yon moun pa ta dwe panse?

  • Ki jan moun ki konnen mesye avèg la te reyaji lè yo wè li vin wè?

  • Ki sa k fè vin gen divizyon nan mitan Farizyen yo lè yo wè mesye ki avèg la vin wè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje