BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 1 p. 6-11
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PATI NAN ÒGANIZASYON JEWOVA A KI NAN SYÈL LA
  • ÒGANIZASYON JEWOVA A AP BOUJE
  • “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Bondye te kòmanse fè m wè yon seri vizyon”
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
  • Èske w ap mache ak òganizasyon Jewova a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Jewova ap dirije òganizasyon l lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 1 p. 6-11

CHAPIT 1

Nou òganize pou nou fè volonte Jewova

TOUPATOU sou tè a, gen yon pakèt òganizasyon relijye, politik, komèsyal ak yon seri òganizasyon ki la pou ede moun e ki gen objektif, pwennvi ak filozofi ki diferan. Men, gen yon òganizasyon ki diferan parapò ak tout lòt yo. Pawòl Bondye a montre byen klè òganizasyon sa a se òganizasyon Temwen Jewova yo.

2 Nou byen kontan ou vin fè pati òganizasyon sa a. Lefètke ou verifye pèsonèlman sa ki volonte Bondye, kounye a w ap fè volonte l (Sòm 143:10; Wom. 12:2). Ou se yon pwoklamatè k ap patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak tout frè nou yo nan monn nan (2 Kor. 6:4; 1 Pyè 2:17; 5:9). Jan Bondye pwomèt sa nan Pawòl li a, sa fè w jwenn anpil benediksyon ak kè kontan (Pwo. 10:22; Mak 10:30). Lefètke w ap fè volonte Bondye kounye a, gen yon bèl avni k ap tann ou e w gen posiblite pou w viv pou toutan. — 1 Tim. 6:18, 19; 1 Jan 2:17.

3 Jewova, Gran Kreyatè nou an, gen yon sèl òganizasyon sou tout tè a e se li k ap dirije l antanke Sila a ki nan pozisyon ki pi wo a. Nou gen yon konfyans total nan li. Se li ki Jij nou, Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv la, e se li ki Wa nou (Eza. 33:22). Kòm li se yon Dye ki gen lòd, li pran yon seri dispozisyon pou nou ka ‘travay ansanm ak li’ pou nou akonpli objektif li. — 2 Kor. 6:1, 2.

4 Pandan fen sistèm sa a ap pwoche pi pre chak jou, nou kontinye mache anba direksyon Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a (Eza. 55:4; Rev. 6:2; 11:15). Jezi te akonpli anpil bagay nan travay predikasyon li te fè lè l te sou tè a, men, li te fè konnen disip li yo t ap fè plis pase l (Jan 14:12). Yo t ap rive fè plis pase l paske yo t ap preche pi lontan pase l, yo t ap kontinye vin pi plis e yo t ap gen pou yo preche nan yon pi gwo tèritwa. Yo t ap gen pou yo fè konnen bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14; 28:19, 20; Tra. 1:8.

5 Sa te deja yon reyalite. Men, jan Jezi te di sa tou, travay fè konnen bon nouvèl la ap pran fen nan lè Jewova deside pou sa a. Pwofesi ki nan Pawòl Bondye a montre gran jou Jewova a, jou ki bay laperèz la, pa twò lwen. — Jow. 2:31; Sof. 1:14-18; 2:2, 3; 1 Pyè 4:7.

Nou bezwen fè plis efò toujou pou nou fè volonte Bondye. Sa mande pou nou byen konnen fason òganizasyon l lan fonksyone.

6 Piske nou konnen sa Jewova vle nou fè nan epòk sa a n ap viv la, kote lafen an toupre, nou bezwen fè plis efò toujou pou nou kapab fè volonte Bondye. Sa mande pou nou byen konnen fason òganizasyon Jewova a fonksyone e pou nou byen kolabore avè l. Òganizasyon sa a fonksyone sou baz prensip ki nan Bib la, sou baz kòmandman, lwa, lòd ak ansèyman ki gen nan Pawòl Bondye enspire a. — Sòm 19:7-9.

7 Kòm pèp Bondye a suiv enstriksyon li jwenn nan Bib la, moun ki fè pati pèp sa a viv ansanm nan lapè e yo gen tèt ansanm (Sòm 133:1; Eza. 60:17; Wom. 14:19). Ki sa k fè frè ak sè n yo santi yo pwòch youn ak lòt kèlkeswa kote yo ye? Se lanmou. Lanmou motive nou, mete sou sa, nou abiye nou ak lanmou (Jan 13:34, 35; Kol. 3:14). Kòm Jewova pèmèt pèp li a gen tèt ansanm, sa fè nou kapab mache pazapa ak pati nan òganizasyon Jewova a ki nan syèl la.

PATI NAN ÒGANIZASYON JEWOVA A KI NAN SYÈL LA

8 Pwofèt Ezayi, Ezekyèl ak Dànyèl te wè pati nan òganizasyon Jewova a ki nan syèl la nan vizyon (Eza. chap. 6; Eze. chap. 1; Dàn. 7:9, 10). Apot Jan tou te wè pati sa a nan òganizasyon Bondye a nan yon vizyon e li ban nou yon apèsi sou li nan liv Revelasyon an. Li te wè Jewova ki chita sou yon twòn ki gen glwa e ki gen yon seri zanj avè l ki t ap di: “Jewova Dye, li menm ki Toupisan an, li menm ki te la, ki la e k ap vini an, li sen, li sen, li sen.” ​(Rev. 4:8). Jan te wè tou yon “ti mouton ki kanpe toupre twòn nan”, Ti Mouton Bondye a, anpalan de Jezi Kris. — Rev. 5:6, 13, 14; Jan 1:29.

9 Vizyon sa a kote Jan te wè Jewova chita sou twòn nan montre se Li ki alatèt òganizasyon l lan. Konsènan Jewova ak pozisyon l genyen, men sa 1 Kwonik 29:11, 12 di: “O Jewova, ou gran, ou gen anpil pisans, ou gen glwa e ou gen anpil pouvwa. Paske, tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou ou. Wayòm nan se pou ou, o Jewova. Ou mete tèt ou pi wo pase tout bagay. Richès ak glwa soti nan ou. Se ou menm k ap domine sou tout bagay. Ou gen anpil pouvwa ak pisans, ou kapab fè kèlkeswa moun nan vin gran e ou kapab ba l fòs.”

10 Antanke konpayon travay Jewova, Jezi Kris gen yon gwo pozisyon nan syèl la e li resevwa anpil pouvwa. Vrèmanvre, Bondye “fè tout bagay soumèt anba pye l, e li mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon an”. (Efe. 1:22.) Men sa apot Pòl te di konsènan Jezi: “Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo, e avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an, yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, kit se anba tè a, e pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè pou glwa Bondye, Papa a.” ​(Flp. 2:9-11). Kidonk, nou kapab gen yon konfyans total nan kapasite Jezi genyen pou l byen dirije nou.

11 Nan yon vizyon, pwofèt Dànyèl te wè Sila a ki la depi lontan an ki chita sou twòn li an nan syèl la. Te gen “1 000 000 zanj ki t ap travay pou li, e te gen 100 000 000 zanj ki te kanpe devan l”. (Dàn. 7:10.) Bib la pale de lame zanj sa yo, li di: “Èske yo tout se pa espri ki la pou yon sèvis sakre? Èske Bondye pa voye yo pou yo sèvi moun ki pral jwenn delivrans yo?” ​(Ebre 1:14). Jewova òganize tout zanj sa yo an “twòn, otorite, gouvènman oswa pouvwa”. — Kol. 1:16.

12 Lè nou pran tan pou n reflechi sou aspè sa yo ki gen nan pati nan òganizasyon Jewova a ki nan syèl la, nou kapab konprann rezon ki fè Ezayi te reyaji jan l te reyaji a lè l te “wè Jewova ki chita sou yon gwo twòn byen wo” ak “serafen ki te kanpe toutotou l”. Men sa Ezayi te di: “Malè pou mwen! Mwen deja mouri, paske se yon moun mwen ye, pawòl ki sot nan bouch mwen pa pwòp, epi, pawòl ki sot nan bouch pèp m ap viv nan mitan l lan pa pwòp. Paske mwen wè Wa a menm, Jewova, Chèf lame yo, ak je m!” Vrèmanvre, Ezayi te enpresyone e li te santi l piti anpil lè l te wè gwosè òganizasyon Jewova a. Vizyon sa a te tèlman gen gwo efè sou li, lè l te tande vwa Jewova ki t ap chèche yon moun pou pwoklame jijman l yo, Ezayi te di: “Men mwen! Voye m!” — Eza. 6:1-5, 8.

13 Lefètke nou idantifye òganizasyon Jewova a e nou apresye l, sa gen gwo efè sou nou menm jan an. Jodi a, pandan òganizasyon Jewova a kontinye ap vanse, n ap fè sa nou kapab pou nou mache pazapa ak li e n ap kontinye demontre nou fè l konfyans.

ÒGANIZASYON JEWOVA A AP BOUJE

14 Nan chapit 1ye liv Ezekyèl la, ki se yon liv pwofetik, gen yon vizyon kote yo montre Jewova k ap kondui yon gwo charyo ki nan syèl la. Bèl charyo sa a reprezante pati nan òganizasyon Jewova a ki envizib la. Lefètke Jewova ap kondui charyo sa a, sa montre se li menm k ap dirije l avèk amou e li sèvi avè l pou l akonpli objektif li. — Sòm 103:20.

15 Chak wou nan charyo sa a gen yon lòt wou anndan l ki fòme yon ang 90 degre avè l. Se sa k fè Bib la di wou yo te ka “ale nan nenpòt nan kat direksyon yo”. (Eze. 1:17.) Wou yo kapab chanje direksyon bridsoukou. Men, charyo a gen yon moun entèlijan k ap dirije l. Jewova pa kite òganizasyon l lan pran nenpòt direksyon san Li pa gen kontwòl li. Nan Ezekyèl 1:20, Bib la di: “Yo te ale kote lespri a te pouse yo ale.” Kidonk, se Jewova ki itilize lespri sen pou l fè òganizasyon l lan deplase al nan kèlkeswa direksyon li vle. Men, kesyon nou chak dwe poze tèt nou se: ‘Èske m mache pazapa avèk òganizasyon sa a?’

16 Pou nou mache pazapa ak òganizasyon Jewova a, sa mande pou nou fè plis pase annik al nan reyinyon yo epi al preche. Sa ki pi enpòtan, se kontinye fè pwogrè epi fè relasyon nou avèk Jewova vin pi solid. Konsa, n ap montre nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo” e n ap rete ajou ak pwogram ansèyman espirityèl ki gen nan òganizasyon an (Flp. 1:10; 4:8, 9; Jan 17:3). Nou bezwen sonje tou, pou gen bon òganizasyon, fòk gen bon planifikasyon ak bon kolaborasyon. Kidonk, li enpòtan pou n byen sèvi ak tan nou, fòs nou, talan nou ak tout sa Jewova ban nou yon fason pou n ka fè travay li. Toutotan nou kontinye mache pazapa ak charyo Jewova a ki nan syèl la, lavi nou pap depaman ak mesaj n ap preche a.

17 Grasa èd òganizasyon Jewova a ban nou, nou kontinye ap fè volonte Jewova. Nou bezwen sonje se Jewova k ap kondui charyo l la ki nan syèl la. Kidonk, lè nou mache pazapa ak charyo sa a, nou montre nou gen respè pou Jewova, mas wòch nou an, e nou gen konfyans nan li (Sòm 18:31). Men pwomès Bib la fè: “Jewova ap bay pèp li a fòs, Jewova ap beni pèp li a, l ap ba l lapè.” ​(Sòm 29:11). Lefètke nou fè pati òganizasyon Jewova a jodi a, nou jwenn fòs Jewova bay la e nou gen lapè li bay pèp li a ki byen òganize. Vrèmanvre, pa gen dout nan sa: N ap kontinye jwenn anpil benediksyon depi kounye a e pou toutan, depi nou kontinye fè volonte Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje