BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 2 p. 12-16
  • Wòl Kris genyen nan dispozisyon Jewova pran yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Wòl Kris genyen nan dispozisyon Jewova pran yo
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • WÒL KRIS GENYEN
  • OBLIGASYON NOU GENYEN
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Poukisa nou dwe suiv “Kris”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Sèl Gid nou genyen, se Kris”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • N ap jwenn anpil benediksyon grasa Wa lespri sen Bondye ap gide a!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 2 p. 12-16

CHAPIT 2

Wòl Kris genyen nan dispozisyon Jewova pran yo

“OKÒMANSMAN, Bondye te kreye syèl la ak tè a”, e tout sa l te fè te “bon anpil”. (Jen. 1:1, 31.) Jewova te fè lèzòm e yo te gen yon bèl avni devan yo. Anvan rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, lèzòm t ap viv ak kè kontan, men, akoz rebelyon an, yo te pèdi bèl vi sa a pou yon tan. Sepandan, objektif Bondye genyen pou tè a ak lèzòm pa chanje. Bondye te fè konnen desandan Adan ki obeyisan yo ap jwenn delivrans. Li te fè konnen tou vrè adorasyon an t ap retabli e li t ap detwi mechan an, yon fason pou l kraze travay mechan an (Jen. 3:15). Yon lòt fwa ankò, tout bagay t ap vin “bon anpil”. Jewova te fè konnen se grasa Pitit Gason l lan, Jezi Kris, li t ap rive fè sa (1 Jan 3:8). Se sa k fè li enpòtan pou n aksepte wòl Kris genyen nan dispozisyon Jewova pran yo. — Tra. 4:12; Flp. 2:9, 11.

WÒL KRIS GENYEN

2 Lè nou reflechi sou wòl Kris genyen nan dispozisyon Bondye pran yo, nou rekonèt wòl li genyen an gen plizyè aspè ladan l. Jezi se Sovè limanite, li se yon Gran Prèt, li se Chèf kongregasyon kretyen an, e kounye a li Wa nan Wayòm Bondye a. Si nou medite sou tout wòl sa yo li genyen yo, sa ap fè nou gen plis apresyasyon pou dispozisyon Bondye pran yo e n ap renmen Jezi Kris plis toujou. Labib pale de plizyè nan diferan wòl li genyen yo.

Jezi jwe yon wòl enpòtan nan ede Jewova reyalize objektif li genyen pou limanite.

3 Pandan Jezi t ap preche sou tè a, sa te vin parèt klè se grasa Jezi moun ki obeyisan yo t ap kapab rekonsilye ak Bondye (Jan 14:6). Antanke Sovè limanite, Jezi te ofri tèt li kòm sakrifis pou l bay yon ranson pou libere anpil moun (Mat. 20:28). Kidonk, Jezi pa senpleman yon moun ki te montre ki konduit nou dwe genyen k ap onore Bondye. Li jwe yon wòl enpòtan nan ede Jewova reyalize objektif li genyen pou limanite. Se grasa li menm sèlman n ap kapab rekonsilye ak Bondye (Tra. 5:31; 2 Kor. 5:18, 19). Lefètke Jezi te bay vi l kòm sakrifis e li te resisite, sa bay moun ki obeyisan yo posiblite pou yo jwenn benediksyon pou toutan grasa Wayòm Bondye a ki nan syèl la.

4 Antanke Gran Prèt, Jezi gen kapasite pou l “konprann feblès nou” e pou l padone peche disip li yo sou tè a ki devwe nan sèvis y ap bay Bondye a. Men sa apot Pòl te di: “Nou pa gen yon gran prèt ki pa ka konprann feblès nou, men nou gen yon gran prèt ki te pase anba eprèv nan tout domèn, menm jan avèk nou, men ki san peche.” Apre sa, apot Pòl te ankouraje moun ki gen lafwa nan Jezi yo pou yo pwofite dispozisyon Bondye pran pou l rekonsilye lèzòm avè l. Li te di: “Kidonk, annou pwoche bò kote twòn favè san parèy la e annou alèz pou n priye Bondye pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman.” — Ebre 4:14-16; 1 Jan 2:2.

5 Jezi se Chèf kongregasyon an tou. Disip li te gen nan premye syèk la pa t gen pèsonn sou tè a ki te chèf yo, e se menm bagay la pou nou tou jodi a. Jezi dirije kongregasyon an pa mwayen lespri sen e pa mwayen ansyen yo ki kalifye. Ansyen yo gen pou yo rann Jezi ak Papa l kont pou fason yo pran swen twoupo Bondye a (Ebre 13:17; 1 Pyè 5:2, 3). Anpalan de Jezi, men sa Jewova te di nan yon pwofesi: “Gade! Mwen fè l vin yon temwen pou nasyon yo, yon dirijan e yon chèf pou dirije nasyon yo.” ​(Eza. 55:4). Jezi te montre pwofesi sa a te reyalize sou li lè l te di disip li yo: “Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen se Kris.” — Mat. 23:10.

6 Men sa Jezi te di ki montre jan li vle ede nou ak fason l wè bagay yo: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” ​(Mat. 11:28-30). Lefètke Jezi pran swen kongregasyon an avèk bonte, yon fason ki ban nou fòs, li montre li se “bon bèje a” e li imite Jewova Dye, Papa l ki nan syèl la. — Jan 10:11; Eza. 40:11.

7 Nan premye lèt Pòl te ekri Korentyen yo, Pòl te pale de yon lòt aspè nan wòl Jezi Kris genyen an. Li te di: “Li dwe gouvène antanke wa jiskaske Bondye mete tout ènmi yo anba pye l. Men, lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.” ​(1 Kor. 15:25, 28). Anvan Jezi te vin sou tè a, li te “yon moun ki konn travay byen” bò kote Bondye, e se li menm Bondye te kreye an premye (Pwo. 8:22-31). Se Bondye ki te voye Jezi vin sou tè a, e pandan Jezi te sou tè a, li te toujou fè volonte Bondye. Li te andire devan yon kokennchenn eprèv e li te rete fidèl ak Papa l jiskaske l mouri (Jan 4:34; 15:10). Bondye te resisite Pitit Gason l lan pou l al nan syèl e li te ba l dwa pou l vin Wa nan Wayòm nan nan syèl la paske Pitit li a te rete fidèl menm devan lanmò (Tra. 2:32-36). Antanke wa, Jezi Kris resevwa asiyasyon nan men Bondye pou l elimine gouvènman lèzòm yo e pou l retire mechanste sou tè a. Li pral fè sa avèk yon lame Bondye ba li ki gen plizyè dizèn milye zanj ladan l (Pwo. 2:21, 22; 2 Tes. 1:6-9; Rev. 19:11-21; 20:1-3). Apre sa, se Wayòm Bondye a nan syèl la ki gen Kris kòm wa ladan l ki pral dirije tout tè a. — Rev. 11:15.

OBLIGASYON NOU GENYEN

8 Jezi Kris se Modèl nou e li pafè. Bondye ba l asiyasyon pou l pran swen nou. Pou nou kapab benefisye swen sa a li bay avèk amou, nou dwe rete fidèl ak Jewova e nou dwe kontinye mache pazapa ak òganizasyon Jewova a ki kontinye ap pwogrese.

9 Nan premye syèk la, disip Jezi yo te aksepte wòl Jezi genyen nan dispozisyon Jewova pran yo. Yo te montre sa piske yo te travay nan tèt ansanm anba direksyon Kris, yo te soumèt anba enstriksyon li te ba yo pa mwayen lespri sen (Tra. 15:12-21). Apot Pòl te pale de tèt ansanm kretyen sa yo ki te gen pou al nan syèl la te genyen an lè l te ekri: “Etan n ap di laverite, annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris. Grasa li, tout kò a byen kole ansanm, e li fèt pou l kolabore ansanm grasa tout jwenti k ap founi sa ki nesesè. Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou.” — Efe. 4:15, 16.

10 Lè chak moun nan kongregasyon an kolabore youn ak lòt e yo tout travay nan tèt ansanm anba direksyon Kris, tout moun pwogrese nan relasyon yo ak Jewova, yo gen lanmou nan mitan yo, e nou konnen lanmou se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. — Jan 10:16; Kol. 3:14; 1 Kor. 12:14-26.

11 Evènman k ap pase nan monn nan ki makònen ak pwofesi ki nan Bib la montre aklè Jezi Kris resevwa pouvwa kòm wa nan Wayòm nan depi ane 1914. Jezi ap dirije kounye a nan mitan ènmi l yo (Sòm 2:1-12; 110:1, 2). Ki siyifikasyon sa genyen pou moun k ap viv sou tè a kounye a? Sa montre, talè konsa, Jezi pral fè wè aklè li se Wa tout wa e li se Seyè tout seyè, lè l lage kòlè Bondye sou ènmi l yo (Rev. 11:15; 12:10; 19:16). Lè sa a, pwomès Jewova te fè apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan pral vin yon reyalite pou moun ki adwat Kris yo e ki gen favè l (Mat. 25:34). Se pa ti kontan nou kontan lefètke nou aksepte wòl Kris genyen nan dispozisyon Jewova pran yo! Nou swete n ap rete ini toutpandan n ap patisipe nan travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a nan dènye jou sa yo anba direksyon Kris.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje