CHAPIT 4
Fason kongregasyon an òganize e yo dirije l
NAN premye lèt apot Pòl te ekri Korentyen yo, li te fè konnen yon verite konsènan Bondye ki enpòtan. Men sa l te ekri: “Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè.” Apre sa, pandan l t ap pale de reyinyon yo, li te di: “Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd.” — 1 Kor. 14:33, 40.
2 Nan kòmansman menm lèt sa a, apot Pòl te bay konsèy konsènan mezantant ki te genyen nan kongregasyon Korent lan. Pòl te ankouraje frè ak sè yo pou yo “tout gen menm pawòl” e pou yo “byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon”. (1 Kor. 1:10, 11.) Apre sa, li te ba yo konsèy sou divès bagay ki fè yo pa t ini jan yo ta dwe a. Pòl te itilize kò moun kòm egzanp e li te montre enpòtans pou yo ini e pou yo travay nan tèt ansanm. Li te ankouraje tout moun nan kongregasyon kretyen an, kèlkeswa responsablite yo te genyen, pou yo gen sousi youn pou lòt e pou youn renmen lòt (1 Kor. 12:12-26). Pou kretyen ki nan kongregasyon an te rive travay nan tèt ansanm, yo te dwe òganize.
3 Men, ki jan kongregasyon an te òganize? Kiyès ki te òganize l? Ki diferan aspè ki te genyen nan fason l te òganize a? Kiyès yo te nome pou ba yo responsablite? Lè nou kite Bib la gide nou, nou jwenn repons klè pou kesyon sa yo. — 1 Kor. 4:6.
SE BONDYE KI ÒGANIZE KONGREGASYON AN
4 Kongregasyon kretyen an te vin egziste nan ane 33 epòk nou an, nan jou fèt Pannkòt la. Ki sa nou kapab aprann konsènan kongregasyon ki te la nan premye syèk la? Li te anba dominasyon (kratòs, nan lang grèk) Bondye (teyòs). Nan lang orijinal la, de mo grèk sa yo parèt nan 1 Pyè 5:10, 11. Sa yo di nan Bib la konsènan sa ki te rive Jerizalèm nan, sa gen prèske 2 000 an, ede nou konprann toutbon se Bondye ki te tabli kongregasyon sa a ki te fòme ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la (Tra. 2:1-47). Kongregasyon sa a se kay Bondye te bati, e se te fanmi l (1 Kor. 3:9; Efe. 2:19). Jodi a, kongregasyon kretyen an òganize menm jan e li fonksyone menm jan ak kongregasyon ki te la nan premye syèk la.
Jodi a, nou òganize e nou fonksyone menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la.
5 Kongregasyon ki te la nan premye syèk la te kòmanse ak 120 disip. Se 120 moun sa yo ki te resevwa lespri sen an premye, e se sa ki te anonse nan Jowèl 2:28, 29 la ki te reyalize sou yo (Tra. 2:16-18). Nan menm jou sa a, anviwon 3 000 lòt moun te batize nan dlo e yo te vin fè pati gwoup kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la. Yo te aksepte pawòl konsènan Kris la e yo te “kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo”. Apre sa, “Jewova te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans lan”. — Tra. 2:41, 42, 47.
6 Kongregasyon ki nan Jerizalèm nan te tèlman vin gen moun ladan l, gran prèt la te plenyen poutèt disip yo te preche tout kote nan Jerizalèm. Pami nouvo disip ki te vin genyen nan kongregasyon ki nan vil Jerizalèm nan, te gen anpil Juif ki te prèt anvan sa. — Tra. 5:27, 28; 6:7.
7 Jezi te di: “Nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Kidonk, lè disip yo te vin jwenn anpil pèsekisyon nan vil Jerizalèm, apre lanmò Etyèn, yo te ale toupatou nan Jide ak nan Samari. Men, kèlkeswa kote yo t ale, yo te kontinye preche bon nouvèl la e yo te kontinye fè plis disip. Yo te menm fè disip pami Samariten yo (Tra. 8:1-13). Annapre, yo te preche bon nouvèl la pami moun ki pa t sikonsi yo, moun ki te fè pati nasyon yo e ki pa t Juif (Tra. 10:1-48). Travay predikasyon sa a yo t ap fè a te bay bon rezilta. Yo te fè anpil disip, e te gen nouvo kongregasyon ki te vin egziste lòt kote, apa Jerizalèm. — Tra. 11:19-21; 14:21-23.
8 Ki aranjman ki te fèt ki t apral pèmèt chak nouvo kongregasyon òganize epi yo dirije l fason Bondye vle l la? Pa mwayen lespri Bondye, te gen dispozisyon ki te pran pou gen ansyen k ap pran swen twoupo a. Nan kongregasyon Pòl ak Banabas te vizite pandan premye vwayaj misyonè yo a, yo te nome ansyen (Tra. 14:23). Lik, youn nan moun ki te ekri yon pati nan Bib la, te ekri kèk enfòmasyon ki montre Pòl te fè yon reyinyon ak ansyen ki te nan kongregasyon Efèz la. Pòl te di yo: “Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a.” (Tra. 20:17, 28). Mesye sa yo te kalifye pou yo ansyen paske yo te gen yon seri kalite Bib la fè konnen yon moun dwe genyen pou l vin ansyen (1 Tim. 3:1-7). Tit, yon lòt konpayon travay Pòl te genyen, te gen pouvwa tou pou l nome ansyen nan kongregasyon ki te sou zile Krèt yo. — Tit 1:5.
9 Toutpandan te gen plis kongregasyon k ap fòme, apot yo ak ansyen nan Jerizalèm yo te kontinye sèvi kòm prensipal moun ki t ap siveye sou kretyen yo nan premye syèk la ki te fòme yon kongregasyon entènasyonal. Se yo menm ki te fòme kolèj santral la.
10 Lè apot Pòl te ekri kongregasyon Efèz la, li te fè konnen kongregasyon kretyen an t ap kapab rete ini si l kontinye kite lespri Bondye enfliyanse l e si l te kontinye suiv Jezi Kris kòm chèf li. Apot la te ankouraje kretyen nan vil sa a pou yo gen imilite, pou yo “kenbe inite lespri a” e pou yo tout viv anpè youn ak lòt. (Efe. 4:1-6.) Apre sa, li site Sòm 68:18 e li aplike l anrapò ak dispozisyon Jewova pran pou gen gason ki kalifye pou yo sèvi kongregasyon an antanke apot, pwofèt, evanjelizatè, bèje e antanke anseyan. Mesye sa yo, ki se kado Bondye bay kongregasyon an, t ap kapab ede tout kongregasyon an vin gen matirite, sa ki t ap fè Bondye plezi. — Efe. 4:7-16.
JODI A, KONGREGASYON YO SUIV MENM MODÈL KI TE GEN NAN PREMYE SYÈK LA
11 Jodi a, kongregasyon yo òganize menm jan yo te òganize nan premye syèk la. Ansanm, yo fòme yon kongregasyon entènasyonal ki ini e k ap suiv kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Zak. 8:23). Se Jezi Kris ki fè sa posib. Jezi te fè konnen li t ap avèk disip li genyen ki pral nan syèl yo “toule jou rive jis nan fen sistèm nan”. Vrèmanvre, li kenbe pwomès sa a. Kongregasyon an kontinye gen plis moun k ap vin ladan l. Moun sa yo apresye bon nouvèl Jewova bay la, yo vwe lavi yo ba li e yo batize antanke disip Jezi (Mat. 28:19, 20; Mak 1:14; Tra. 2:41). Yo rekonèt Jezi Kris se “bon bèje a”, li se Chèf tout twoupo a, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak moun ki fè pati “lòt mouton” yo (Jan 10:14, 16; Efe. 1:22, 23). De gwoup moun sa yo fè yon “sèl twoupo”, yo rete ini lefètke yo rekonèt se Jezi Kris ki Chèf kongregasyon an e yo soumèt devan “esklav fidèl ki prevwayan” Kris etabli pou dirije kongregasyon an. Jodi a, se pou nou kontinye met tout konfyans nou nan esklav sa a. — Mat. 24:45.
WÒL ASOSYASYON NOU YO
12 Gen yon seri asosyasyon ki fòme anba sipèvizyon Kolèj santral la ki la pou pèmèt Kolèj santral la bay manje espirityèl la nan bon moman epi preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan anvan lafen an vini. Asosyasyon sa yo nan divès peyi e yo anrejistre devan Leta. Yo kolabore youn ak lòt e yo fè li pi fasil pou travay predikasyon an fèt sou tout tè a.
FASON FILYAL YO ÒGANIZE
13 Lè y ap etabli yon filyal nan yon peyi, yo nome yon Komite filyal ki gen twa ansyen ladan l oubyen plis pou sipèvize travay k ap fèt nan peyi sa a oubyen travay k ap fèt nan tout peyi ki anba sipèvizyon filyal la. Gen youn nan ansyen nan Komite a ki sèvi kòm Kowòdonatè Komite filyal la.
14 Kongregasyon ki anba sipèvizyon yon filyal fòme plizyè sikonskripsyon. Sikonskripsyon sa yo pa gen menm kantite kongregasyon ladan yo. Gwosè sikonskripsyon yo depann de zòn kote kongregasyon yo ye, de ki lang yo pale, e li depann de kantite kongregasyon ki gen nan tèritwa ki anba sipèvizyon filyal la. Pou chak sikonskripsyon, gen yon siveyan yo nome pou desèvi kongregasyon ki nan sikonskripsyon an. Biwo filyal la bay siveyan sikonskripsyon an direksyon sou fason pou l akonpli responsablite l.
15 Kongregasyon yo respekte dispozisyon òganizasyon an pran anrapò ak fason nou òganize, e dispozisyon sa yo nan enterè nou tout. Yo aksepte desizyon òganizasyon an pran pou l nome ansyen pou sipèvize travay k ap fèt nan filyal yo, nan sikonskripsyon yo ak nan kongregasyon yo. Yo konte sou esklav fidèl ki prevwayan an pou yo jwenn manje espirityèl la nan bon moman. Esklav fidèl la bò kote pa l soumèt li anba direksyon Kris, li suiv prensip li jwenn nan Bib la e li suiv direksyon lespri sen. Pandan nou tout ap travay nan tèt ansanm, nou jwenn menm rezilta ak kretyen ki te la nan premye syèk la. Bib la di: “Kòm rezilta, kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun.” — Tra. 16:5.