CHAPIT 12
Nou soutni aktivite Wayòm nan nan tèritwa pa nou e nan lemonnantye
TEMWEN Jewova yo ap preche bon nouvèl Wayòm nan “nan zòn ki pi lwen sou tè a”. Travay sa a y ap fè a akonpli yon pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo (Tra. 1:8; Mat. 24:14). Pou yo rive fè travay sa a, yo bay tan yo ak enèji yo nan pataje bèl panse ki soti nan Bib la ak moun yo. Lefètke yo gen konfyans Jewova pran swen moun k ap kolabore avè l, yo kontinye bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo (Mat. 6:25-34; 1 Kor. 3:5-9). Bon rezilta yo jwenn yo montre aklè Jewova soutni yo e li beni yo.
NOU SOUTNI TRAVAY WAYÒM NAN NAN LEMONNANTYE
2 Gen moun lè yo wè metòd nou itilize pou nou preche e yo remake nou distribye Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la bay moun yo gratis, yo mande tèt yo: “Kòman sa fè posib?” Vrèmanvre, òganizasyon an depanse anpil lajan pou l enprime Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la e pou l distribye yo. Òganizasyon an depanse anpil lajan tou pou l konstwi Betèl e pou l loje sèvitè Bondye nan lokal sa yo k ap travay sou près ki nan enprimri òganizasyon an genyen yo, k ap voye je sou travay predikasyon an e k ap sèvi lòt fason ankò pou yo fè bon nouvèl la avanse. Mete sou sa, òganizasyon an bay siveyan sikonskripsyon yo, misyonè yo, pyonye espesyal yo ak lòt moun ankò ki nan sèvis aplentan yon ti lajan pou l ede yo kontinye nan sèvis y ap bay Bondye a. Pa gen dout nan sa, travay n ap fè jodi a, kote n ap preche bon nouvèl la, mande pou òganizasyon an depanse yon pakèt kòb, kit se nan peyi kote w ye a, kit se nan lemonnantye. Ki kote tout kòb sa a soti?
3 Anpil moun ki apresye travay ansèyman Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a byen kontan fè ofrann pou travay sa a. Men, se Temwen Jewova yo yo menm ki plis soutni travay la. Gen nan yo ki konn voye ofrann bay biwo filyal yo. Yo demontre yo renmen bay menm jan ak sèvitè Bondye nan tan lontan ki te konn bay sa yo posede pou konstwi kay kote yo te konn adore Jewova a (Egz. 35:20-29; 1 Kwo. 29:9). Òganizasyon an konn resevwa byen moun ba li pa mwayen testaman yo te fè. Li resevwa ofrann moun voye ba li ak ofrann kongregasyon yo ak sikonskripsyon yo voye ba li. An jeneral, ofrann li resevwa yo pa anpil. Men, se ofrann sa yo yo mete ansanm ki pèmèt travay predikasyon an kontinye avanse.
Temwen Jewova yo konsidere se yon privilèj sa ye pou yo sèvi ak lajan yo ak lòt bagay yo posede pou yo fè travay predikasyon an avanse.
4 Temwen Jewova yo konsidere se yon privilèj sa ye pou yo sèvi ak lajan yo ak lòt bagay yo posede pou yo fè travay predikasyon an avanse. Jezi ansanm ak disip li yo te gen yon kès ki te gen lajan ladan l, e se ak lajan sa a yo te konn kouvri depans yo te gen pou yo fè (Jan 13:29). Labib pale de yon seri medam ki te konn rann Jezi ak disip li yo sèvis (Mak 15:40, 41; Lik 8:3). Apot Pòl te byen kontan aksepte èd materyèl kèk moun te ba li ak tout kè yo paske yo te vle fè bon nouvèl la avanse e yo te vle soutni l nan travay li t ap fè a (Flp. 4:14-16; 1 Tes. 2:9). Nan epòk pa nou an, Temwen Jewova yo kontinye suiv bèl egzanp premye kretyen yo te bay nan fason yo te chofe nan sèvis yo t ap bay Bondye a e nan fason yo te donan. Konsa, li posib pou moun tout kote ki sensè resevwa “dlo lavi a gratis”. — Rev. 22:17.
NOU BAY OFRANN POU DEPANS KONGREGASYON AN
5 Se ofrann nou bay ak tout kè nou ki pèmèt kongregasyon an kouvri depans li gen pou l fè. Nan kongregasyon yo, yo pa fè lakòlèt, yo pa di moun konbyen kòb pou yo bay kòm ofrann, ni yo pa fòse moun bay kòb. Kote nou fè reyinyon yo, gen bwat ofrann ki disponib pou chak moun fè ofrann “jan l te deside nan kè l”. — 2 Kor. 9:7.
6 Ofrann frè ak sè yo bay yo sèvi an premye pou kouvri depans ki gen pou fèt pou Sal Wayòm nan. Gwoup ansyen an gendwa deside y ap voye yon pòsyon nan ofrann yo bay biwo filyal Temwen Jewova yo pou ede travay predikasyon an avanse nan lemonnantye. Yo dwe prezante yon rezolisyon devan kongregasyon an konsènan kantite kòb y ap voye bay biwo filyal la. Gen kongregasyon ki fè sa regilyèman pou yo fè ofrann pou travay mondyal la. Lè tout frè ak sè yo konsyan gen kèk depans ki bezwen fèt pou kongregasyon an detanzantan, li pa nesesè pou gen anons k ap fèt souvan konsènan kesyon bay ofrann nan.
FASON YO JERE OFRANN YO
7 Apre chak reyinyon, de frè ap ranmase kòb ki nan bwat ofrann yo e y ap anrejistre montan yo jwenn nan (2 Wa 12:9, 10; 2 Kor. 8:20). Gwoup ansyen an fè aranjman pou lajan sa a sere yon kote jiskaske yo voye l bay biwo filyal la oswa jiskaske yo itilize l pou kongregasyon an. Frè ki responsab kont kongregasyon an prepare yon rapò chak mwa pou l enfòme kongregasyon an konsènan kòb ki antre yo, e chak twa mwa kowòdonatè gwoup ansyen an fè aranjman pou yo verifye kont kongregasyon an.
DEPANS POU SIKONSKRIPSYON YO
8 Se ofrann Temwen Jewova ki nan sikonskripsyon an fè ki kouvri depans ki fèt pou asanble yo ak lòt depans sikonskripsyon an. Nan Sal asanble yo, gen yon seri bwat ofrann ki la pou tout moun nan sikonskripsyon an kapab fè ofrann pou sikonskripsyon an. Mete sou sa, kongregasyon yo ka fè ofrann nan lòt moman pou kouvri depans ki toujou ap fèt yo.
9 Nòmalman, sikonskripsyon yo dwe kapab kouvri depans ki gen pou fèt yo. Lè kantite ofrann yo plis pase depans ki te fèt yo, yo bay sa k anplis la pou travay mondyal la. Si pa gen ase kòb nan kont sikonskripsyon an pou kouvri diferans lan oswa pou kouvri kantite depans ki gen pou fèt nan preparasyon pou asanble k ap vini an, pa egzanp, gendwa pa gen ase kòb pou yo bay kòm depo pou rezève lokal la, siveyan sikonskripsyon an ka mande pou yo fè kongregasyon yo konnen yo gen privilèj pou yo fè ofrann pou sikonskripsyon an. Lè sa a, chak gwoup ansyen ap reyini sou kesyon an pou yo deside ki kantite kòb kongregasyon an ap kapab voye bay sikonskripsyon an. Apre sa, y ap prezante yon rezolisyon devan kongregasyon yo.
10 Lè gen kesyon anrapò ak kòb sikonskripsyon an ki mande pou ansyen yo nan sikonskripsyon an pran yon desizyon, y ap fè yon reyinyon ak ansyen sa yo nan youn nan asanble sikonskripsyon yo. Ansyen yo nan sikonskripsyon an pa bezwen pran rezolisyon pou depans sikonskripsyon yo, men, yo dwe pran rezolisyon pou tout lòt kalite depans sikonskripsyon an ap fè. Rezolisyon sa yo dwe gen montan egzak ladan yo e yo dwe prezante yo devan ansyen yo chak fwa yo vle itilize kòb sikonskripsyon an pou depans ki pa gen rapò ak asanble yo.
11 Y ap pran dispozisyon pou yo verifye kont sikonskripsyon an regilyèman.
NOU EDE MOUN KI PÒV YO
12 Youn nan rezon ki fè Jezi ak disip li yo te gen yon kès ki gen kòb ladan l, se te pou ede moun ki pòv yo (Mak 14:3-5; Jan 13:29). Kretyen yo gen responsablite pou yo fè sa toujou, paske men sa Jezi te di: “N ap toujou gen pòv yo avèk nou.” (Mak 14:7). Ki jan Temwen Jewova yo jere kesyon sa a jodi a?
13 Pafwa, gen moun nan kongregasyon an ki fidèl ki konn bezwen èd materyèl paske yo granmoun, yo gen yon andikap oswa gen kèk move bagay ki rive yo. Fanmi pwòch moun sa yo, lòt fanmi yo genyen ak lòt moun ki konnen yo bezwen èd materyèl dwe fè sa yo kapab pou yo ede yo. Lè yo aji konsa, yo fè byen. Paske, men sa apot Jan te di: “Yon moun ki gen mwayen nan monn sa a, ki wè frè l nan nesesite, epi malgre sa li refize montre li gen pitye pou li, ki jan nou ka di moun sa a gen lanmou pou Bondye? Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa.” (1 Jan 3:17, 18; 2 Tes. 3:6-12). Vrè adorasyon an mande pou nou ede kretyen fidèl ki ka bezwen èd materyèl yo. — Jak 1:27; 2:14-17.
14 Nan premye lèt apot Pòl te ekri Timote a, li te pale de ki jan kretyen ki merite pou yo jwenn èd materyèl kapab resevwa èd sa a. Ou kapab li sa l te ekri a nan 1 Timote 5:3-21. Chak kretyen gen responsablite pou l pran swen moun lakay li ki sou kont li. Granmoun yo oswa moun ki pa ka itil tèt yo anyen dwe resevwa èd nan men pitit yo, pitit pitit yo oswa nan men fanmi pwòch yo. Pafwa, li gendwa posib pou yo jwenn èd materyèl nan men gouvènman yo oswa grasa pwogram sosyal. Fanmi yo oswa moun ki pa fanmi yo kapab ede yo fè demach pou yo jwenn kalite èd sa yo. Sa ka rive li vin nesesè pou kongregasyon an pran dispozisyon pou l ede kèk frè ak sè ki gen lontan y ap sèvi Bondye fidèlman e ki vin nan bezwen. Si gen kèk frè ak sè konsa ki pa gen fanmi pwòch oswa lòt fanmi pou ede yo e ki pa ka jwenn èd yo bezwen an nan men Leta, gwoup ansyen an gendwa pran bonjan dispozisyon pou yo bay frè ak sè sa yo èd ki nesesè. Pou kretyen yo, se yon privilèj sa ye pou yo sèvi ak bagay materyèl yo posede pou yo ede kretyen parèy yo ki nan bezwen.
15 Gen anpil frè ki konn vin nan bezwen akoz pèsekisyon, lagè, tranblemanntè, inondasyon, gwo grangou oswa akoz lòt katastwòf ki rive souvan nan epòk difisil n ap viv la (Mat. 24:7-9). Nan ka sa yo, kongregasyon ki nan zòn nan gendwa pa ka ede youn lòt. Nan ka sa yo, Kolèj santral la kowòdone efò k ap fèt lòt kote pou ede frè ak sè yo jwenn sa yo bezwen. Sa Kolèj santral la fè nan ka nou sot mansyone yo sanble ak sa kretyen nan Azi Minè yo te fè pou yo ede frè ak sè nan Jide yo jwenn manje yo te bezwen nan yon moman ki te gen gwo grangou (1 Kor. 16:1-4; 2 Kor. 9:1-5). Lè nou imite egzanp yo, nou demontre nou gen lanmou pou frè ak sè n yo e nou se vrè disip Jezi Kris. — Jan 13:35.
DISTRIBISYON PIBLIKASYON NOU YO
16 Bib la ak piblikasyon nou genyen ki baze sou Bib la jwe yon gwo wòl nan simaye mesaj Wayòm nan. An jeneral, gwoup ansyen an chwazi yon sèvitè ministeryèl ki pou responsab piblikasyon yo. Frè ki gen privilèj sa yo pran responsablite yo oserye. Yo jere travay y ap fè a byen yon fason pou kongregasyon an ka toujou gen ase piblikasyon ak peryodik.
17 Antanke kretyen ki vwe lavi nou bay Bondye, nou konnen tan nou, kapasite mantal nou, fòs nou, talan nou, bagay materyèl nou posede, e menm lavi nou se kado Bondye ban nou pou nou itilize nan adorasyon n ap ba li a (Lik 17:10; 1 Kor. 4:7). Lè nou sèvi Jewova ak tout sa nou genyen, nou demontre nan ki pwen nou renmen l. Nou vle onore Jewova ak sa nou posede ki gen valè, paske nou konnen li kontan resevwa nenpòt sa nou ba li poutèt nou devwe nan sèvis li (Pwo. 3:9; Mak 14:3-9; Lik 21:1-4; Kol. 3:23, 24). Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” (Mat. 10:8). Pandan n ap bay tout nou menm nan sèvis Jewova e n ap itilize tout sa nou posede nan sèvis li, sa fè kè nou kontan anpil. — Tra. 20:35.