BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 13 p. 130-140
  • “Fè tout bagay pou glwa Bondye”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Fè tout bagay pou glwa Bondye”
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ADORASYON KI PWÒP AK KONDUIT KI PWÒP
  • PWÒPTE NAN DOMÈN FIZIK
  • DETANT AK DIVÈTISMAN KI PWÒP
  • AKTIVITE KI GEN NAN LEKÒL
  • TRAVAY E ZANMITAY AK MOUN NAN MONN NAN
  • ANNOU RETE INI ANTANKE KRETYEN
  • Bondye renmen moun ki pwòp
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Moman detant ki sen e k ap fòtifye nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Jewova vle pou pèp li a pwòp
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 13 p. 130-140

CHAPIT 13

“Fè tout bagay pou glwa Bondye”

ANTANKE sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou gen obligasyon pou n pale e pou n aji yon fason k ap fè l jwenn glwa. Apot Pòl ban nou yon prensip pou nou suiv. Men sa l te ekri: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” ​(1 Kor. 10:31). Sa mande pou nou aplike prensip Jewova yo ki jis nan lavi nou. Prensip sa yo makònen ak pèsonalite Jewova ki pa gen fay ladan l (Kol. 3:10). Antanke yon pèp ki sen, nou dwe imite Jewova. — Efe. 5:1, 2.

2 Apot Pyè te atire atansyon kretyen yo sou sa lè l te ekri: “Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an, paske men sa ki ekri: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.’” ​(1 Pyè 1:14-16). Menm jan Bondye te egzije pou Izrayelit nan tan lontan yo rete sen, se konsa tou li egzije pou kretyen yo rete sen jodi a. Sa vle di yo dwe rete san tach, yo pa dwe pratike peche e yo pa dwe wè bagay yo menm jan ak moun yo nan monn nan. Konsa, yo met tèt yo apa pou sèvis Bondye. — Egz. 20:5.

3 N ap rete sen lè nou suiv lwa Jewova yo ak prensip li yo. Nou jwenn lwa l yo ak prensip li yo nan Bib la (2 Tim. 3:16). Nan etid nou fè nan Bib la, nou aprann konnen Jewova ak chemen l yo, e se sa k fè nou vle sèvi l. Lefètke nou etidye Bib la, sa fè nou wè enpòtans pou n chèche Wayòm Bondye a an premye e pou n toujou fè volonte Jewova nan lavi nou (Mat. 6:33; Wom. 12:2). Sa mande pou nou devlope nouvo pèsonalite a. — Efe. 4:22-24.

ADORASYON KI PWÒP AK KONDUIT KI PWÒP

4 Li pa toujou fasil pou nou suiv prensip Jewova yo ki jis, paske, advèsè nou an, Satan Ledyab, ap chèche wè si l a fè nou kite laverite. Mete sou sa, move enfliyans monn nan gen sou nou ak tandans nou gen lakay nou pou n peche fè li difisil pafwa pou n suiv prensip Jewova yo. Pou n kontinye respekte ve nou te fè lè n te vwe lavi nou bay Bondye a, sa mande pou n kontinye goumen. Bib la fè nou konnen nou pa dwe sezi lè nou jwenn opozisyon ak lòt eprèv. N ap oblije kontinye soufri pou sa ki dwat (2 Tim. 3:12). Lè nou jwenn eprèv, nou dwe kontan paske eprèv yo se yon prèv ki montre n ap fè volonte Bondye. — 1 Pyè 3:14-16; 4:12, 14-16.

5 Byenke Jezi te san peche, li te aprann obeyisans grasa eprèv li te jwenn yo. Li pa t janm tonbe nan tantasyon Satan te mete devan l yo, ni li pa t janm anvi genyen sa l te wè nan monn nan nan epòk li a (Mat. 4:1-11; Jan 6:15). Jezi pa t janm gen nan lespri l pou l ta fè konpwomi. Byenke monn nan te rayi l poutèt li te rete fidèl devan Jewova, li te kontinye suiv prensip Jewova yo ki jis. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te fè disip li yo konnen monn nan t ap rayi yo tou. Depi lè sa a, disip Jezi yo kontinye ap jwenn tribilasyon, men yo pran kouraj lefètke yo konnen Pitit Gason Bondye a pot laviktwa sou monn nan. — Jan 15:19; 16:33; 17:16.

6 Pou n pa fè pati monn nan, nou bezwen suiv prensip Jewova yo ki jis, menm jan Mèt nou an te fè sa. Nou pa dwe antre nan zafè politik monn nan e nou pa dwe antre nan deba k ap fèt sou pwoblèm sosyal. Mete sou sa, nou dwe reziste ak tandans moun yo genyen nan monn nan pou yo fè sa ki mal. Men yon konsèy nou pran oserye nou jwenn nan Jak 1:21: “Voye tout salte jete ansanm ak tout tras mechanste, epi, avèk dousè, aksepte pou pawòl ki ka sove nou an anrasinen nan nou.” Lè nou etidye Bib la e nou asiste reyinyon yo, nou pèmèt “pawòl ki ka sove nou an anrasinen” nan lespri nou ak nan kè nou. Konsa, nou pap janm vin anvi genyen sa monn nan ka ofri nou. Men sa disip Jak te ekri: “Èske nou pa konnen lè yon moun fè zanmi ak monn nan li vin ènmi ak Bondye? Donk, nenpòt moun ki vle zanmi monn nan, li fè tèt li tounen ènmi Bondye.” ​(Jak 4:4). Se rezon sa a ki fè Bib la bay konsèy pou nou kontinye suiv prensip Jewova yo ki jis e pou nou pa fè pati monn nan.

7 Pawòl Bondye a avèti nou pou nou pa gen move konduit. Men sa l di nou: “Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou, etandone sa pa konvnab pou moun ki sen.” ​(Efe. 5:3). Se sa k fè nou pa dwe kite lespri nou ap reflechi sou bagay ki pa bon, ki sal, oswa ki bay degoutans. E se sèten nou pa dwe pale de bagay sa yo. Lè nou aji konsa, nou demontre aklè nou vle kontinye suiv prensip Jewova yo ki jis e ki fè nou konnen sa ki byen ak sa ki mal anrapò ak konduit.

PWÒPTE NAN DOMÈN FIZIK

8 Antanke kretyen, nonsèlman nou dwe bay Jewova yon adorasyon ki pwòp e nou dwe gen yon konduit ki pwòp, men tou, nou dwe pwòp nan domèn fizik. Nan Izrayèl tan lontan an, Dye ki sen an te mande pou kan moun Izrayèl yo te rete pwòp. Nou menm tou nou dwe pwòp yon fason pou Jewova “pa wè anyen ki pa kòrèk” nan nou. — Det. 23:14.

9 Bib la montre aklè moun ki sen yo se moun ki pwòp. Pa egzanp, men sa apot Pòl te ekri: “Byenneme, piske nou gen pwomès sa yo, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” ​(2 Kor. 7:1). Se sa k fè ni gason ni fi ki kretyen dwe veye pou yo kenbe kò yo pwòp lè yo benyen e yo lave rad yo. Byenke sitiyasyon yo pa menm nan tout peyi, an jeneral, nou kapab jwenn savon ak dlo pou nou kenbe kò nou pwòp e pou nou kenbe pitit nou pwòp.

10 Grasa travay predikasyon n ap fè a, an jeneral, moun yo konnen nou nan kominote n ap viv la. Lè nou kenbe kay nou annòd e nou kenbe l pwòp ni anndan ni deyò, sa sèlman se yon temwayaj pou vwazen nou yo. Tout moun nan fanmi an ka bay konkou yo nan sans sa a. Frè yo sitou dwe veye sou kay yo ak lakou lakay yo, paske, lè lakou a annòd e li pwòp, sa fè yon bèl enpresyon sou lòt moun. Yon chèf fanmi ki fè sa e ki pran latèt nan ede moun nan fanmi l gen bon relasyon ak Bondye se yon chèf fanmi ki dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk (1 Tim. 3:4, 12). Sè yo tou gen responsablite pou yo pran swen kay yo, sitou anndan kay la (Tit 2:4, 5). Si timoun yo jwenn bon fòmasyon, yo menm tou y ap kapab kenbe kò yo pwòp e y ap kapab kenbe chanm yo pwòp e annòd. Konsa, fanmi an ap travay ansanm pou yo vin gen abitid pou yo fè pwòpte, sa k ap prepare yo pou lè tè a vin anba dominasyon Wayòm nan.

11 Anpil Temwen Jewova jodi a itilize machin pou y al nan reyinyon. Nan kèk zòn, si yon moun pa gen yon machin, li prèske enposib pou l patisipe nan travay predikasyon an. Nou dwe kenbe machin nou pwòp e an bon eta. Kay nou ak machin nou dwe montre aklè nou fè pati pèp Jewova a, yon pèp ki pwòp e ki sen. Se menm bagay la tou pou valiz predikasyon nou ak Bib nou.

12 Aparans nou ak fason nou abiye dwe montre nou se moun k ap suiv prensip Bondye yo. Si nou ta gen rad ki chifonnen sou nou oubyen nou ta abiye yon fason ki twò rilaks, sa pa t ap janm vin nan lide nou pou n parèt konsa devan yon moun ki enpòtan. Si se sa, èske nou pa ta dwe veye plis toujou sou fason nou abiye lè nou pral nan predikasyon oswa lè nou gen pou nou monte sou estrad pou nou anseye pèp Bondye a? Aparans nou ak fason nou abiye kapab enfliyanse fason lòt moun wè adorasyon n ap bay Jewova a. Li pa t ap bon pou nou abiye yon fason ki estravagan oswa ki montre nou pa gen okenn konsiderasyon pou lòt moun (Miche 6:8; 1 Kor. 10:31-33; 1 Tim. 2:9, 10). Kidonk, lè n ap prepare nou pou n al preche oswa pou n al nan reyinyon, pou n al nan asanble oswa pou n al nan kongrè, nou dwe sonje sa Bib la di konsènan enpòtans pou kò nou pwòp e pou nou gen yon aparans ki kòrèk. Nou dwe toujou onore Jewova e nou dwe toujou fè tout bagay pou glwa li.

Antanke sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou gen obligasyon pou n pale e pou n aji yon fason k ap fè l jwenn glwa.

13 Se menm bagay la tou lè nou pral vizite syèj mondyal la oswa nou pral vizite yon filyal. Sonje sa, mo Betèl la vle di “Kay Bondye”. Kidonk, lè nou pral vizite lokal sa yo, se pou nou abiye menm jan ak lè n al nan reyinyon e se pou nou konpòte nou kòmsi se nan yon Sal Wayòm nou te ye.

14 Nou dwe veye sou aparans nou ak fason nou abiye menm lè n ap pran yon ti detant. Yon kesyon nou kapab poze tèt nou se: ‘Èske fason mwen abiye a ap fè m jennen pou m ta bay temwayaj enfòmèl?’

DETANT AK DIVÈTISMAN KI PWÒP

15 Repo ak divètisman nesesè pou nou rete ekilibre e pou nou rete an sante. Yon lè, Jezi te envite disip li yo al yon kote apa avè l pou yo “pran yon ti repo”. (Mak 6:31.) Lè nou pran repo e nou pran plezi nou nan detant oswa nan divètisman ki pwòp, se yon bon mwayen pou n fè yon ti chanjman. Sa pèmèt nou reprann fòs pou n ka kontinye ak aktivite nòmal nou genyen yo.

16 Jodi a, gen anpil fason pou yon moun detann li. Se sa k fè kretyen yo bezwen fè bon chwa. Sa ap montre yo kite sajès ki sot nan Bondye a gide yo. Se vre detant gen plas li nan lavi nou, men, se pa sa ki pi enpòtan pou nou. Bib la fè konnen, “nan dènye jou yo”, moun yo t ap “renmen plezi olye yo renmen Bondye”. (2 Tim. 3:1, 4.) Pifò nan detant ak divètisman ki genyen yo pa bon pou moun ki vle suiv prensip Jewova yo ki jis.

17 Premye kretyen yo te oblije goumen pou yo reziste kont move enfliyans moun ki t ap viv nan epòk yo a te kapab gen sou yo lefètke se plezi yo t ap chèche. Moun ki te konn al nan arèn ki te genyen nan anpi women an te pran plezi pou yo gade moun k ap soufri. Yo te konn òganize yon seri aktivite vyolan, yon seri aktivite kote moun ap touye moun, kote moun ap fè imoralite seksyèl nan entansyon pou moun k al gade yo kapab amize yo. Men, kretyen yo pa t konn al gade bagay sa yo. Jodi a, pifò divètisman ki gen nan monn nan gen bagay sa yo ladan yo e yo ankouraje move tandans lèzòm genyen lakay yo. Nou bezwen “byen veye” sou fason n ap mache, nou bezwen evite tout divètisman ki kapab gen move enfliyans sou nou (Efe. 5:15, 16; Sòm 11:5). Menmsi sa n ap fè pou n detann nou an pa gen anyen mal ladan l, anbyans kote n ap detann nou an gendwa pa bon. — 1 Pyè 4:1-4.

18 Gen divès detant ak divètisman ki pwòp kretyen yo kapab pran plezi yo ladan yo. Gen anpil frè ak sè ki suiv konsèy yo jwenn nan Bib la ak sijesyon yo jwenn nan piblikasyon nou yo, e sa ede yo.

19 Pafwa, plizyè fanmi kapab reyini lakay yon moun pou yo pase yon ti tan ansanm. Kèk frè ak sè kapab jwenn envitasyon pou y al nan yon resepsyon maryaj oswa yon lòt anbyans konsa (Jan 2:2). Moun ki bay envitasyon an dwe santi l responsab sa k ap fèt nan anbyans li envite moun vin ladan l lan. Nòmalman, lè gen anpil moun ki rasanble yon kote, fòk nou pran prekosyon. Anbyans lan konn tèlman rilaks, pafwa kèk frè ak sè konn gen konduit ki ale twò lwen. Yo ka manje twòp, yo ka bwè twòp, e yo ka fè lòt peche ki grav. Pou rezon sa a, gen kèk kretyen ki twouve li saj pou yo limite kantite moun y ap envite nan yon ti anbyans e pou yo limite kantite tan anbyans lan ap dire. Si gen posiblite pou moun yo bwè alkòl, moun k ap bwè yo dwe veye sou kantite alkòl y ap bwè (Flp. 4:5). Si nou fè tout sa n kapab pou detant n ap òganize yo pwòp e pou yo ankouraje frè ak sè yo kontinye sèvi Jewova, se pa manje ak bwason k ap pi enpòtan pou nou.

20 Se yon bèl bagay lè yon moun renmen akeyi moun lakay li (1 Pyè 4:9). Lè n ap envite lòt kretyen vin lakay nou pou yon repa, pou yo bwè yon ti bagay, pou yo vin rilaks yo e pou nou pase yon ti tan ansanm ak yo, se pou nou sonje moun ki pa gen gwo mwayen yo (Lik 14:12-14). Si yon moun envite nou lakay li, nou pa dwe konpòte nou yon fason ki depaman ak kòmandman nou jwenn nan Mak chapit 12, vèsè 31 an. Li toujou bon pou nou montre apresyasyon pou moun ki fè bèl aksyon anvè nou.

21 Kretyen yo kontan lefètke Bondye ba yo yon pakèt kado e lefètke yo konnen yo kapab ‘manje, yo kapab bwè epi yo kapab gen kè kontan pou tout travay di yo fè’. (Ekl. 3:12, 13.) Si nou “fè tout bagay pou glwa Bondye”, ni moun ki te envite moun lakay li a, ni moun ki te aksepte envitasyon an ap sonje yo te pase yon bon moman ki te ankouraje yo pou yo kontinye sèvi Jewova.

AKTIVITE KI GEN NAN LEKÒL

22 Lè pitit Temwen Jewova yo al lekòl pou yo jwenn yon fòmasyon de baz, sa nan avantaj yo. Li enpòtan pou yo aprann li byen e pou yo aprann ekri byen. Gen lòt bagay toujou pitit Temwen Jewova yo aprann lekòl ki kapab ede yo atenn objektif yo fikse ki gen rapò ak Bondye n ap sèvi a. Pandan ane yo pase lekòl yo, yo dwe fè anpil efò pou yo ‘sonje Gran Kreyatè yo a’. Y ap fè sa lè yo bay adorasyon Bondye premye plas nan lavi yo. — Ekl. 12:1.

23 Si w se yon jèn kretyen ki lekòl toujou, fè atansyon pou w pa twò nan kòkòday ak jèn yo nan monn nan (2 Tim. 3:1, 2). Piske Jewova ba w tout sa w bezwen pou w pwoteje tèt ou, ou gen kont zouti nan men w pou w goumen kont move enfliyans monn nan (Sòm 23:4; 91:1, 2). Kidonk, pou w ka pwoteje tèt ou, se pou w pwofite tout sa Jewova ba ou yo. — Sòm 23:5.

24 Pifò jèn ki Temwen Jewova e ki lekòl toujou prefere pa patisipe nan yon seri aktivite k ap fèt nan lekòl yo ki pa gen rapò ak kou y ap suiv yo. Yo fè sa pou yo pa fè pati monn nan. Lòt elèv yo ak pwofesè yo gendwa pa konprann rezon ki fè yo aji konsa, men, sa k pi enpòtan pou yo se fè Bondye plezi. Kidonk, ou bezwen kite konsyans ou ki fòme grasa Labib gide w e w bezwen pran detèminasyon pou w pa patisipe nan okenn konpetisyon k ap fèt nan lekòl ou oswa nan okenn aktivite nasyonalis (Gal. 5:19, 26). Nou menm jèn yo, lè nou koute konsèy paran nou ki kretyen ban nou e nou fè zanmi pito ak moun nan kongregasyon an ki kapab gen bon enfliyans sou nou, n ap kapab kontinye suiv prensip Jewova yo ki jis.

TRAVAY E ZANMITAY AK MOUN NAN MONN NAN

25 Selon Labib, chèf fanmi yo gen obligasyon pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen (1 Tim. 5:8). Menm lè sa, antanke moun k ap sèvi Bondye, yo konnen sa k pi enpòtan se kontinye travay nan enterè Wayòm nan, se pa travay yo genyen nan monn nan (Mat. 6:33; Wom. 11:13). Piske yo sèvi Jewova ak tout kè yo, yo satisfè ak manje ak rad e yo pa materyalis, gen yon seri strès yo pa genyen e gen yon seri pyèj yo pa tonbe ladan yo. — 1 Tim. 6:6-10.

26 Tout kretyen ki gen yon travay nan monn nan dwe kenbe yon seri prensip nan lespri yo. Pou nou bay tèt nou sa nou bezwen e pou nou rete onèt anmenmtan, sa mande pou nou refize fè yon seri bagay ki kont lwa Bondye yo oswa ki kont lwa peyi a (Wom. 13:1, 2; 1 Kor. 6:9, 10). Nou bezwen sonje gen danje lè nou fè move zanmi. Antanke sòlda Kris, nou pa patisipe nan yon seri aktivite komèsyal ki depaman ak prensip Bondye yo, nou refize mele nan zafè monn nan oswa mete relasyon nou ak Bondye an danje (Eza. 2:4; 2 Tim. 2:4). Mete sou sa, nou pa danse kole ak “Gran Babilòn nan”, ki reprezante fo relijyon e ki se ènmi Bondye. — Rev. 18:2, 4; 2 Kor. 6:14-17.

27 Lefètke nou suiv prensip Bondye yo ki jis, sa ap anpeche nou fè pwomosyon pou biznis nan reyinyon kongregasyon an oswa pou lòt bagay ki pa gen rapò ak adorasyon n ap bay Bondye a. Sèl rezon ki fè nou rasanble ansanm nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo, se pou nou adore Jewova. Nan rasanbleman sa yo, nou manje sou tab Jewova e “youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12; Ebre 10:24, 25.) Lè nou nan rasanbleman sa yo, nou dwe konsantre sou bagay ki gen rapò ak adorasyon n ap bay Bondye a.

ANNOU RETE INI ANTANKE KRETYEN

28 Prensip Jewova yo ki jis mande tou pou moun ki nan pèp li a “kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:1-3.) Olye nou chèche fè tèt nou plezi, nou chak dwe chèche fè sa ki nan avantaj lòt moun (1 Tes. 5:15). Se sèten ou remake se konsa frè ak sè yo ye nan kongregasyon w lan. Kèlkeswa ras nou, nasyonalite nou, ran sosyal nou, sitiyasyon ekonomik nou, kèlkeswa kantite klas nou fè, kèlkeswa metye nou, nou tout se prensip Jewova yo ki jis k ap gide nou. Menm moun ki pa Temwen Jewova remake sa lakay moun ki nan pèp Jewova a. — 1 Pyè 2:12.

29 Apot Pòl te fè konnen rezon ki fè nou ini an lè l te ekri: “Gen yon sèl kò e gen yon sèl lespri, menm jan yo te rele nou pou nou vin gen yon sèl esperans. Gen yon sèl Seyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye ki Papa nou tout, ki sou tèt nou tout, ki aji nan nou tout e ki nan nou tout.” ​(Efe. 4:4-6). Sa mande pou nou konprann ansèyman de baz ki nan Bib la ak ansèyman ki pi difisil yo menm jan. Konsa, n ap montre nou rekonèt se Jewova ki Souvren linivè a. Vrèmanvre, Jewova fè pèp li a konprann langaj verite a, sa ki pèmèt yo sèvi l kòtakòt. — Sof. 3:9.

30 Inite ak lapè ki gen nan kongregasyon yo se yon sous ankourajman pou tout moun k ap adore Jewova yo. N ap viv yon pwomès Jewova te fè lè l te di: “M ap fè yo gen inite nan mitan yo, y ap tankou mouton ki nan pak.” ​(Miche 2:12). Nou vle kenbe inite sa a nan mitan nou. N ap fè sa lè nou kontinye suiv prensip Jewova yo ki jis.

31 Byennere moun ki vin fè pati òganizasyon Jewova a. Lefètke Jewova pèmèt nou pote non l, nou dwe dispoze fè nenpòt sakrifis pou li. Pandan n ap fè efò pou nou kenbe bon relasyon nou gen ak Jewova a, nou dwe kontinye fè tout sa n kapab pou n suiv prensip li yo ki jis e pou n ankouraje lòt moun fè menm jan an. — 2 Kor. 3:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje