BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 15 p. 157-161
  • Nou jwenn byenfè lè nou soumèt nou devan Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou jwenn byenfè lè nou soumèt nou devan Bondye
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • DOMÈN KOTE NOU DWE SOUMÈT NOU ANBA OTORITE BONDYE
  • Otorite ki moun ou ta dwe rekonèt ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Nou menm medam yo, poukisa nou dwe soumèt nou anba otorite?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Madanm, se pou nou gen yon gwo respè pou mari nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 15 p. 157-161

CHAPIT 15

Nou jwenn byenfè lè nou soumèt nou devan Bondye

POU nou òganize pou nou fè volonte Jewova, Souvren linivè a, li enpòtan anpil pou nou soumèt nou devan l. Nou rekonèt se Pitit Gason l lan ki Chèf kongregasyon an e nou respekte prensip otorite a nan plizyè domèn nan lavi nou. Se nou tout ki jwenn byenfè lè nou soumèt nou devan Bondye.

2 Premye fwa lèzòm te fè fas ak kesyon soumèt devan otorite a, se te nan jaden Edenn nan. Kesyon sa a parèt nan kòmandman Bondye te bay nou jwenn nan Jenèz 1:28 ak Jenèz 2:16, 17. Bèt yo te dwe soumèt devan lèzòm, e Adan ak Èv te dwe aksepte fè volonte Bondye epi soumèt devan otorite l. Soumisyon devan otorite Bondye t ap fè gen lapè ak lòd. Bib la pale sou prensip otorite a pi devan nan 1 Korentyen 11:3. Men sa apot Pòl te ekri: “Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye.” Kòm nou kapab wè sa, nan dispozisyon Jewova pran yo, se li menm sèl ki pa gen yon chèf sou tèt li.

3 Pifò moun jodi a pa konnen prensip otorite a oubyen yo pa respekte l. Poukisa? Pwoblèm nan te kòmanse nan jaden Edenn lè premye paran nou yo te fè espre yo soti anba otorite Souvren linivè a (Jen. 3:4, 5). Men, sa pa t fè yo jwenn plis libète pou sa. Olye de sa, yo te vin anba enfliyans yon espri mechan, Satan Ledyab. Premye rebelyon ki te fèt la fè lèzòm vin lwen Bondye (Kol. 1:21). Kòm rezilta, pifò moun jodi a anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.

4 Lefètke nou aprann verite ki nan Pawòl Bondye a e nou aplike l nan lavi nou, nou soti anba pouvwa Satan. Antanke Temwen Jewova ki vwe lavi nou bay Jewova, Souvren linivè a, nou aksepte se li menm ki pou dirije lavi nou. Nou dakò ak wa David ki te rekonèt se Jewova ki “pi wo pase tout bagay”. (1 Kwo. 29:11.) Vrèmanvre, avèk imilite, nou dakò ak sa Bib la di a: “Se pou nou konnen Jewova se Bondye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Nou se pèp li e nou se mouton ki nan patiraj li.” ​(Sòm 100:3). Nou rekonèt Jewova gran e li merite pou nou soumèt devan l nèt piske se li ki kreye tout bagay (Rev. 4:11). Antanke moun k ap sèvi vrè Dye a, nou suiv Jezi Kris ki kite yon egzanp san fay pou nou nan fason li te soumèt li devan Bondye.

5 Ki sa Jezi te aprann nan bagay li te sibi yo lè l te sou tè a? Men repons nou jwenn nan Ebre 5:8: “Aktout li te yon pitit Li, li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo.” Wi, avèk fidelite, Jezi te kontinye soumèt devan Papa l ki nan syèl la, menm lè li te konn rankontre pwoblèm. Anplis de sa, Jezi pa t konn deside poukont li pou l fè anyen. Li pa t konn pale pawòl pa l, ni li pa t konn chèche pwòp glwa li (Jan 5:19, 30; 6:38; 7:16-18). Pandan ministè Jezi, Jezi te pran plezi nan fè volonte Papa l, menm lè sa te fè l jwenn opozisyon ak pèsekisyon (Jan 15:20). Malgre sa, li te soumèt devan Bondye e li “te imilye tèt li” jis li “mouri sou yon poto soufrans”. Lefètke Jezi te soumèt devan Jewova totalman, sa pote anpil byenfè. Sa ap pèmèt limanite jwenn delivrans pou toutan, sa pèmèt Bondye leve Jezi met nan yon pozisyon ki pi wo, e sa pèmèt Bondye, Papa a, jwenn glwa. — Flp. 2:5-11; Ebre 5:9.

DOMÈN KOTE NOU DWE SOUMÈT NOU ANBA OTORITE BONDYE

6 Lè nou fè volonte Bondye, nou montre nou soumèt nou devan l, nou evite anpil enkyetid ak desepsyon moun jwenn akoz yo refize soumèt devan otorite Jewova genyen antanke Souvren an. Advèsè nou an, Dyab la, toujou ap chèche devore nou. N ap delivre anba mechan sa a si nou kenbe tèt ak li e si nou imilye tèt nou devan Jewova lè nou soumèt nou devan l ak tout kè nou. — Mat. 6:10, 13; 1 Pyè 5:6-9.

7 Nou rekonèt se Kris k ap dirije kongregasyon an e nou rekonèt otorite li bay “esklav fidèl ki prevwayan an”. Sa gen efè sou mantalite nou ak sou fason nou boule youn ak lòt. Lefètke nou soumèt nou devan Bondye, sa pouse nou obeyi Pawòl Bondye a nan tout domèn ki gen rapò ak adorasyon n ap ba li a. Nou montre sa lè n patisipe nan travay predikasyon an, lè n asiste reyinyon yo ak lè n patisipe ladan yo. Nou montre sa tou lè nou gen bon relasyon ak ansyen yo e soutni dispozisyon òganizasyon an pran. — Mat. 24:45-47; 28:19, 20; Ebre 10:24, 25; 13:7, 17.

8 Lefètke nou soumèt nou devan Bondye, sa ede kongregasyon an gen lapè, sekirite ak bonjan lòd ladan l. Kalite Bondye yo parèt nan pèsonalite sèvitè l yo (1 Kor. 14:33, 40). Eksperyans nou fè nan òganizasyon Jewova a fè nou eksprime menm santiman ak wa David. Apre wa David te fin remake diferans ki genyen ant sèvitè Jewova yo ak mechan yo, men sa l te di ak kè kontan: “Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la.” — Sòm 144:15.

9 Nan maryaj ak nan fanmi, “chèf fi se gason”. Anmenmtan tou, gason yo dwe soumèt yo anba otorite Kris, tandiske Bondye se chèf Kris (1 Kor. 11:3). Medam yo dwe soumèt devan mari yo, e timoun yo dwe obeyi paran yo (Efe. 5:22-24; 6:1). Lè chak moun nan fanmi an respekte prensip otorite a, sa fè gen lapè nan fanmi an.

10 Mari yo dwe egzèse otorite yo avèk amou, konsa, y ap montre yo imite Kris (Efe. 5:25-29). Lè yon mari pa mal sèvi ak otorite l e li pran responsablite l antanke chèf fanmi, madanm li ak pitit li pran plezi soumèt devan l. Wòl madanm nan se ede mari l, oubyen sèvi l konpay (Jen. 2:18). Lè madanm nan soutni mari l avèk pasyans e li gen respè pou li, l ap fè mari l pran plezi nan li e l ap fè Bondye jwenn glwa (1 Pyè 3:1-4). Lè mari ak madanm suiv prensip otorite a ki nan Bib la, yo bay pitit yo bèl egzanp nan fason yo soumèt yo devan otorite Bondye.

Lè nou soumèt nou devan Bondye, nou dwe fè sa nan tout domèn nan lavi nou.

11 Lefètke nou soumèt nou devan Bondye, sa gen efè tou sou fason nou konsidere “otorite yo” ‘Bondye etabli nan pozisyon yo ye a’. (Wom. 13:1-7.) Kretyen yo se moun ki respekte lalwa, se sa k fè yo peye enpo, yo bay “Seza sa k pou Seza, men yo bay Bondye sa k pou Bondye”. (Mat. 22:21.) Mete sou sa, yo dwe fè aranjman pou preche tèritwa a ann amoni ak sa lalwa mande sou jan n ap itilize enfòmasyon nou gen sou moun yo. Lefètke nou soumèt nou devan otorite yo e nou obeyi yo nan tout bagay yo mande nou fè ki pa depaman ak lwa Jewova yo ki jis, sa pèmèt nou konsantre efò nou ak enèji nou nan travay predikasyon an. — Mak 13:10; Tra. 5:29.

12 Lè nou soumèt nou devan Bondye, nou dwe fè sa nan tout domèn nan lavi nou. Grasa lafwa, nou deja imajine epòk k ap vini kote tout moun pral soumèt yo devan Jewova Dye (1 Kor. 15:27, 28). Vrèmanvre, moun ki rekonèt souvrènte Jewova ak kè kontan e ki soumèt yo devan Jewova pou tout tan gen tan pral jwenn anpil benediksyon!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje