BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rj pati 5 p. 12-15
  • Retounen vin jwenn “bèje k ap siveye nanm nou an”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Retounen vin jwenn “bèje k ap siveye nanm nou an”
  • Retounen vin jwenn Jewova
  • Sou menm sijè a
  • “Tounen vin jwenn mwen”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • L ap fè w vin djanm
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • L ap fè w vin djanm
    Ann chante pou Jewova
  • Ou gen anpil valè pou Jewova!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Retounen vin jwenn Jewova
rj pati 5 p. 12-15

PATI 5

Retounen vin jwenn “bèje k ap siveye nanm nou an”

Èske w santi gen youn oswa plizyè nan difikilte yo pale de yo nan bwochi sa a ki konsène w? Si se wi, konnen se pa ou menm sèl. Gen anpil sèvitè fidèl Bondye ki te fè fas ak menm pwoblèm sa yo, kit se nan tan biblik yo kit se nan epòk nou an. Menm jan Jewova te ede yo fè fas ak pwoblèm yo, konsa tou l ap ede w.

Jewova ap la avè w toutpandan w ap retounen vin jwenn li.

OU MÈT gen asirans Jewova ap la avè w toutpandan w ap retounen vin jwenn li. L ap ede w fè fas ak enkyetid, l ap ede w si yo te blese santiman w epi l ap ede w vin gen yon konsyans ki pwòp yon fason pou w santi w anpè ni nan panse w ni nan kè w. Konsa, yon lòt fwa ankò, ou gendwa vin anvi sèvi Jewova ak kwayan parèy ou yo. Lè sa a, sitiyasyon w ap vin sanble ak sitiyasyon kèk kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, yon seri moun apot Pyè te di: “Nou te tankou mouton ki pèdi wout yo, men kounye a, nou retounen vin jwenn bèje k ap siveye nanm nou an.” — 1 Pyè 2:25.

Vrèmanvre, retounen vin jwenn Jewova se pi bon bagay ou ka fè. Sa k fè sa? Se paske w ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Jan w deja konn sa, Jewova gen santiman, donk, aksyon w yo gen efè sou li. Nòmalman, li pa fòse n renmen l e l pa fòse n sèvi l nonplis (Detewonòm 30:19, 20). Men ki jan yon biblis esplike sa: “Kè lòm pa tankou yon pòt ki gen yon manch pa deyò pou moun ouvri. Men, se anndan sèlman l ka ouvri.” Nou ka chwazi ouvri pòt sa a lè se lanmou ki pouse n adore Jewova. Lè n fè sa, nou ba l yon kado ki gen anpil valè anpalan de entegrite nou, e nou fè kè l kontan anpil. Vrèmanvre, pa gen anyen nou ka konpare ak lajwa n jwenn dèske n ap bay Jewova adorasyon l merite a. — Travay 20:35; Revelasyon 4:11.

Frè ak sè nan kongregasyon an kontan akeyi yon sè ki te inaktif.

Mete sou sa, lè w rekòmanse adore Jewova, w ap konble bezwen w genyen nan domèn espirityèl (Matye 5:3). Nan ki sans? Se tout kote nan monn nan moun yo ap mande tèt yo: ‘Poukisa nou sou tè a?’ Yo swaf pou yo jwenn repons pou kesyon anrapò ak objektif lavi a. Lèzòm gen bezwen sa a paske Jewova te kreye yo avè l. Li kreye n yon fason pou n jwenn satisfaksyon nan sèvis n ap ba li a. Nou pa ka jwenn plis satisfaksyon pase satisfaksyon nou jwenn lefètke n konnen se lanmou ki pouse n adore Jewova. — Sòm 63:1-5.

Tanpri, konnen Jewova vle w retounen vin jwenn li. Ki sa k ka fè w sèten de sa? Fè yon ti reflechi: Yo te fè tout sa yo kapab pou yo te byen prepare bwochi sa a e yo te priye anpil sou sa. Petèt se yon ansyen oswa yon lòt kwayan parèy ou ki te fè w jwenn li. Apre sa, ou te vin anvi li l epi w te suiv konsèy ki ladan l yo. Tout sa se prèv ki montre Jewova pa bliye w. Okontrè, se rale l ap rale w vin jwenn li avèk tandrès. — Jan 6:44.

Lefètke n konnen Jewova pa janm bliye mouton ki te pèdi yo, sa ka fè n jwenn rekonfò. Se sa yon sè ki rele Donna te vin apresye. Men sa l di: “M te kite laverite tikras pa tikras, men, byen souvan, m te konn reflechi ak Sòm 139:23, 24 ki di: ‘Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.’ M te konnen m pa fè pati monn nan, m pa t janm santi m alèz ladan l vre, e m te konnen se nan òganizasyon Jewova a m te vle ye. M te kòmanse konprann Jewova pa t janm abandone m; m te jis bezwen retounen vin jwenn li. Se pa ti kontan m kontan dèske m te fè sa!”

“M te kòmanse konprann Jewova pa t janm abandone m; m te jis bezwen retounen vin jwenn li.”

Se ak tout kè n n ap priye pou ou menm tou w retounen jwenn “lajwa Jewova bay la”. (Neyemi 8:10.) Ou pap janm regrèt dèske w te retounen vin jwenn Jewova.

Repons kèk kesyon anrapò ak retounen vin jwenn Jewova

KI SA M KA KÒMANSE FÈ?

Yon sè ki inaktif k ap li Bib la.

Yon moun ki te malad fizikman gendwa bezwen rekòmanse ak aktivite l tikras pa tikras. Menm jan an tou, antanke kretyen, ou ka rejwenn fòs lè w eseye pran omwen yon ti manje nan domèn espirityèl chak jou. Pinga w santi w oblije fè tout bagay yon sèl kou. Petèt ou ka pran kèk minit pou w li Bib la oswa koute anrejistreman Bib la, pou w etidye youn nan piblikasyon nou yo, al sou sit Entènèt jw.org la. Anplis de sa, fè efò pou w asiste yon reyinyon kou sa posib. Sa k pi enpòtan an, priye Jewova pou w mande l èd. Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

“Apre m te vin inaktif, m pa t menm ka priye tèlman m te wont. Lè m te fin ranmase kouraj mwen pou m priye, gen yon ansyen nan kongregasyon ki nan zòn kote m te abite a ki te vin vizite m. Li te ede m konprann Jewova pa t janm lage m. Li te ankouraje m pou m kòmanse li Bib la chak jou. Lè m te fè sa, m te vin jwenn fòs pou m rekòmanse asiste reyinyon yo. Rive yon lè, m te rekòmanse patisipe nan travay predikasyon an. M kontan anpil dèske Jewova pa t janm lage m.” — Eeva.

KI JAN KONGREGASYON AN AP AKEYI M?

Ou mèt gen asirans moun nan kongregasyon an ap kontan wè w. Olye yo kritike w oswa jije w, y ap ba w asirans yo renmen w e y ap fè tout sa yo kapab pou ankouraje w. — Ebre 10:24, 25.

“M te santi m jennen pou m al nan Sal Wayòm nan. M t ap mande tèt mwen kòman zanmi m yo t ap reyaji. Gen youn nan sè aje nou yo ki te la sa fè 30 an ki te di m: ‘M kontan w tounen lakay pitit gason m!’ Sa te vrèman touche kè m. M te vrèman lakay mwen.” — Javier.

“M t al nan Sal Wayòm nan epi m te chita nan dènye ranje a yon fason pou pèsonn pa t wè m. Sepandan, gen anpil moun ki te konnen m lè m te konn asiste reyinyon depi m te toupiti ki te kòmanse rekonèt mwen. Yo te byen akeyi m epi yo te tèlman anbrase m avèk afeksyon opwen m te santi lapè anvayi m. Se kòmsi m te vin lakay mwen.” — Marco.

KI JAN ANSYEN YO PRAL EDE M?

Ansyen yo ap trete w ak jantiyès. Y ap felisite w dèske w vle rejwenn “lanmou w te genyen okòmansman an”. (Revelasyon 2:4.) Y ap demontre mizèrikòd anvè w nan fason yo pral ede w korije nenpòt erè w te fè e y ap fè sa “avèk dousè”. (Galat 6:1; Pwovèb 28:13.) Ansyen yo ka pran dispozisyon pou yon moun etidye youn nan piblikasyon yo avè w, petèt liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an oswa liv “Annou pwoche bò kote Jewova” a. Ou mèt gen asirans ansyen yo ap rekonfòte w e y ap ede w nan chak pa w ap fè. — Ezayi 32:1, 2.

“Pandan uit an m te fè inaktif la, ansyen yo pa t janm lage m. Yon jou, gen yon ansyen ki te montre m kèk foto l te fè pou nou. Foto sa yo te tèlman fè m sonje anpil bèl moman opwen m te kòmanse anvi retounen jwenn lajwa m te genyen lè m t ap sèvi Jewova a. Avèk lanmou, ansyen yo te ede m retounen vin gen yon abitid espirityèl.” — Victor.

“L ap fè w vin djanm”

De sè ki kenbe yon liv kantik pou yo chante ansanm nan yon reyinyon.

Liv kantik nou an ki gen tit ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova a gen yon seri kantik ki enteresan ki ka rekonfòte w e ki ka ankouraje w rekòmanse fè aktivite espirityèl yo. Pa egzanp, ann konsidere pawòl ki nan kantik 38 la. Kantik sa a baze sou 1 Pyè 5:10. Tit kantik la se: “L ap fè w vin djanm.”

  1. Gen yon rezon ki fè w vin konn laverite,

    Ki fè Bondye rale w vin nan limyè.

    Menm lè w te nan fènwa, li te wè nan fon kè w,

    Ou te vle konnen l byen, ou te sensè.

    Ou te pwomèt li w ap fè sa li vle.

    Li te ede w, l ap fè sa nètale.

  2. Bondye te bay Pitit li renmen an pou ou,

    Sa montre klè li vle ou reyisi.

    Si l te chwazi ba w Kris, Pitit Gason li an,

    Se sèten l ap ba w fòs pou w fè l plezi.

    L ap sonje lafwa ak lanmou w genyen.

    Sèvitè l yo pap janm manke anyen.

    (REFREN)

    Bondye achte w ak san Kris, ou se byen l kounye a.

    Pa pè, l ap fè w vin fèm, epi l ap fè w vin djanm.

    L ap gide w, l ap pwoteje w jan l te toujou fè sa.

    San mank, l ap fè w vin fèm, epi l ap fè w vin djanm.

Ann chante pou Jewova — Vèsyon koral.

Pou w ka koute kantik sa a ak lòt kantik Wayòm yo nan plizyè lang, al sou sit jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje