BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ypq kesyon 7 p. 21-23
  • Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks?
  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Èske fè sèks ak mennaj ou ap fè w vin pi pwòch avè l?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki jan m ka esplike kwayans mwen anrapò ak sèks?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Èske sèks nan bouch se sèks vre?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Pale ak pitit ou sou sèks
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
ypq kesyon 7 p. 21-23
Yon jèn fi k ap repouse yon jèn gason ki vle fè sèks avè l.

KESYON 7

Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Desizyon w pran anrapò ak kesyon sèks la ap gen gwo efè sou avni w.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Sara gen sèlman de mwa depi l konn Michel. Men, pou li menm se kòmsi li gen lontan depi l konnen l. Youn ap voye mesaj bay lòt toutan, yo konn fè plizyè èdtan ap pale nan telefòn, e youn ka menm fini pawòl lòt la ap di. Men, kounye a, Michel vle plis pase yon senp konvèsasyon.

Pandan de mwa ki sot pase yo, Michel ak Sara te konn annik kenbe men epi fè ti bo. Sara pa vle al pi lwen, men, li pa vle Michel kite l. Pa gen okenn lòt moun ki fè l santi l bèl konsa, ki fè l santi l espesyal konsa pase Michel. Anplis, li di tèt li: ‘Mwen ak Michel, nou damou...’

Si w gen laj pou w renmen epi w ta nan menm sitiyasyon ak Sara, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Yon rad yo fè sèvi tòchon.

Sèks se yon kado Bondye bay pou moun ki marye sèlman. Lè yon moun fè sèks anvan l marye, li mal sèvi ak kado sa a. Se kòmsi ou ta pran yon bèl rad yon moun ba ou epi ou fè l sèvi tòchon.

Si w vyole yon lwa fizik, pa egzanp si w ta sot sou yon pyebwa epi w lage kò w anba, ou konnen sa k ap rive w. Se menm bagay la tou si w ta vyole yon lwa moral, tankou lwa nou jwenn nan 1 Tesalonisyen 4:3 a ki di: “Evite imoralite seksyèl.”

Ki sa k ap rive si yon moun ta dezobeyi kòmandman sa a? Labib di: “Yon moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li.” (1 Korentyen 6:18). Jis nan ki pwen se laverite?

Selon rechèch yo fè, yo wè anpil nan jèn ki te fè sèks anvan yo marye gen youn oswa plizyè nan pwoblèm ki vin apre yo:

  • REMÒ. Pifò nan jèn ki t al fè sèks anvan yo marye fè konnen yo regrèt sa.

  • DOUT. Apre de moun fin fè sèks, youn konn ap mande tèt yo: ‘Ak konbyen moun li fè sèks deja?’

  • DESEPSYON. Nan fon kè anpil fi, yo ta prefere jwenn yon gason ki pwoteje yo olye ki pwofite yo. Gen anpil jèn gason ki pa tèlman enterese nan yon fi ki te aksepte kouche avè yo.

  • Sa w dwe sonje: Si w fè sèks anvan w marye, ou rabese tèt ou paske w gaspiye yon bagay ki gen anpil valè (Women 1:24). Kò w gen twòp valè pou w lage l konsa konsa!

Montre ou gen metriz sou tèt ou lè w “evite imoralite seksyèl”. (1 Tesalonisyen 4:3.) E si yon jou w marye, w ap kapab fè sèks. Lè sa a, w ap ka pwofite l jan w vle, san w pa pè e san w pa gen enkyetid moun ki konn fè sèks anvan yo marye yo konn genyen. — Pwovèb 7:22, 23; 1 Korentyen 7:3.

KI SA W PANSE?

  • Si yon moun renmen w toutbon, èske l ap mete sante w an danje? Èske l ap fè yon bagay ki kapab ba w pwoblèm nan domèn afektif?

  • Si yon moun gen sousi pou ou toutbon, èske l ap mete relasyon w ak Bondye an danje? — Ebre 13:4.

POU JÈN FI YO

Yon jèn fi ki chita k ap reflechi.

Gen anpil gason ki di yo pap janm marye ak yon jèn fi ki fè sèks avè yo. Poukisa? Se paske yo t ap prefere marye ak yon fi ki vyèj!

Èske sa fè w sezi, oswa petèt sa fè w fache? Ebyen sonje sa: Nan yon seri fim ak emisyon yo pase nan tele, yo montre se yon bèl bagay lè jèn fè sèks, e yo montre se yon bagay ki pa gen okenn danje. E yo konn vle fè sa pase kòm vrè lanmou an.

Men, pa kouri bwè sa yo di a! Moun k ap ba w pawòl pou w fè sèks yo se enterè yo sèlman y ap chèche. — 1 Korentyen 13:4, 5.

POU JÈN GASON YO

Yon jèn gason ki chita k ap reflechi.

Si w renmen, mande tèt ou: ‘Èske m vrèman respekte mennaj mwen?’ Si se wi, ki jan w ka pi byen montre sa? Ou ka fè sa lè w fè tout sa w kapab pou w suiv lwa Bondye yo, lè w demontre sajès pou w evite sitiyasyon ki ka lage w nan tantasyon ak lè w demontre lanmou ki pouse w wè enterè mennaj ou.

Si w demontre kalite sa yo, mennaj ou an ap santi l menm jan ak Choulamit la ki te yon moun ki gen bon moralite. Men sa l te di: “Sila a mwen renmen anpil la se pou mwen l ye e se pou li mwen ye.” (Chante Salomon an 2:16). Kòm rezilta, mennaj ou an ap vin renmen w plis toujou!

KONSÈY

Si yon moun ap ba w pawòl pou w fè sèks avè l epi l ap di w: “Si w renmen m toutbonvre, w ap fè l avè m.” Se pou w reponn li yon fason fèm, di l: “E ou si w te renmen m toutbonvre, ou pa t ap mande m sa!”

Pou w ka konnen ki jan pou w konpòte w ak yon moun ki pa menm sèks avè w, yon bagay ou ka di tèt ou se: Si m pa vle paran m wè sa m ap fè a, ebyen mwen pa ta dwe fè l.

SA M KONTE FÈ

  • Ki sa m t ap fè si yon moun ta mande m pou m fè sèks avè l?

  • Ki sitiyasyon ki ka fè l pi difisil pou m di non?

  • Ki sa m pral fè pou m evite sitiyasyon sa yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje