BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 23 p. 60-p. 61 par. 4
  • Yo fè Jewova yon pwomès

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo fè Jewova yon pwomès
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jewova bay lwa li yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Yo pa t kenbe pwomès yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 23 p. 60-p. 61 par. 4
Izrayelit yo ki kanpe devan Mòn Sinayi.

LESON 23

Yo fè Jewova yon pwomès

Sa gen anviwon de mwa depi Izrayelit yo kite peyi Ejip. Kounye a, yo rive devan Mòn Sinayi e yo monte tant yo la. Jewova te rele Moyiz e Moyiz te monte sou mòn nan. Epi, Jewova di Moyiz: ‘Mwen te sove Izrayelit yo. Si yo obeyi m e yo obeyi lwa m yo, y ap vin yon pèp espesyal pou mwen.’ Moyiz te desann mòn nan e li fè Izrayelit yo konnen sa Jewova te di. Ki sa yo te fè? Men sa yo te di: ‘N ap fè tout sa Jewova mande nou fè.’

Moyiz monte mòn nan ankò, e pandan l sou mòn nan, Jewova di l: ‘Nan twa jou, mwen pral pale avè w. Avèti pèp la pou yo pa eseye monte sou Mòn Sinayi.’ Moyiz desann e li di Izrayelit yo pou yo pare yo pou yo koute sa Jewova pral di.

Izrayelit yo wè zèklè ak yon nyaj tou nwa sou Mòn Sinayi.

Twa jou apre, Izrayelit yo wè zèklè ak yon nyaj tou nwa sou mòn nan. Mete sou sa, yo tande gwo kout loray ak yon kòn k ap sonnen. Apre sa, Jewova desann vin sou mòn nan nan mitan yon dife. Izrayelit yo te pè anpil, yo t ap tranble. Tout mòn nan t ap tranble byen fò e l te kouvri ak lafimen. Son kòn nan te kontinye ap vin pi fò. E Bondye te di: ‘Mwen se Jewova. Nou pa dwe adore okenn lòt dye.’

Moyiz t al sou mòn nan ankò e Jewova te ba l yon seri lwa pou l bay pèp la pou yo konnen ki jan yo dwe adore l e ki konduit yo dwe genyen. Moyiz te ekri lwa yo e li te li yo pou Izrayelit yo. Lè sa a, yo te di: ‘Nou pral fè tout sa Jewova di nou fè.’ Se yon pwomès yo te fè Bondye. Men, èske yo t ap respekte pwomès sa a?

“Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” — Matye 22:37.

Kesyon: Ki sa k te rive sou Mòn Sinayi? Ki sa Izrayelit yo te pwomèt y ap fè?

Egzòd 19:1–20:21; 24:1-8; Detewonòm 7:6-9; Neyemi 9:13, 14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje