BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 27 p. 68-p. 69 par. 2
  • Yo te leve kont Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo te leve kont Jewova
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Flè pouse sou baton Arawon an
    Liv istwa biblik mwen an
  • Èske Jewova konnen w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 27 p. 68-p. 69 par. 2
Kora ak patizan l yo kanpe devan Moyiz ak Arawon.

LESON 27

Yo te leve kont Jewova

Kèk tan annapre, pandan Izrayelit yo te nan dezè a, Kora, Datan, Abiram ak 250 lòt moun te leve kont Moyiz. Yo te di l: ‘Sa se twòp atò! Poukisa se ou ki chèf nou e se Arawon ki gran prèt? Jewova avèk nou tout, li pa sèlman avè w ak Arawon.’ Sa yo te fè a pa t fè Jewova plezi. Li te wè se leve yo leve kont li!

Moyiz te di Kora ak patizan l yo: ‘Vini demen nan tabènak la, e pote veso dife ki gen lansan ladan yo. Jewova ap montre nou kiyès li chwazi.’

Nan demen, Kora ak lòt 250 mesye yo al kot Moyiz bò tabènak la. Pandan yo lòtbò a, yo boule lansan kòmsi se prèt yo te ye. Jewova te di Moyiz ak Arawon: ‘Retire kò nou bò kot Kora ak mesye l yo.’

Byenke Kora t al kot Moyiz nan tabènak la, Datan, Abiram ak fanmi yo te refize ale. Jewova te di Izrayelit yo pou yo retire kò yo bò tant Kora, Datan ak Abiram. San pèdi tan, Izrayelit yo te retire kò yo. Datan, Abiram ak fanmi yo te kanpe deyò tant yo. Bridsoukou, tè a fann e li vale yo! Pandan Kora ak 250 mesye l yo bò tabènak la, gen yon dife ki sot nan syèl la ki boule yo nèt.

Tè a te fann e l te vale Datan, Abiram ak fanmi yo.

Epi, Jewova di Moyiz: ‘Pran yon baton nan men chak chèf tribi e ekri non yo sou li. Men, ekri non Arawon sou baton ki pou tribi Levi a. Mete baton yo nan tabènak la, e baton moun mwen chwazi a ap fleri.’

Nan demen, Moyiz te pran tout baton yo e li t al fè chèf yo wè baton yo. Baton Arawon an te fleri e l te gen zanmann mi sou li. Se konsa, Jewova te montre byen klè se Arawon li chwazi kòm gran prèt.

“Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo.” — Ebre 13:17.

Kesyon: Poukisa Kora ak patizan l yo te leve kont Moyiz? Ki jan n fè konnen Jewova te chwazi Arawon kòm gran prèt?

Nonb 16:1–17:13; 26:9-11; Sòm 106:16-18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje