BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 41 p. 100-p. 101 par. 2
  • David ak Sayil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • David ak Sayil
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • David oblije chape poul li
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yo mete David wa
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • 1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 41 p. 100-p. 101 par. 2
David k ap pale byen fò ak moun nan kan Sayil la.

LESON 41

David ak Sayil

Apre David te fin touye Golyat, wa Sayil te mete l alatèt lame l la. David te genyen anpil batay e anpil moun te vin konnen l. Chak fwa David te sot nan lagè, medam yo te konn soti vin danse epi chante, yo te konn di: ‘Sayil touye plizyè milye moun, men David touye plizyè dizèn milye moun!’ Sayil vin jalou David e l te vle touye David.

David te fò nan jwe hap. Yon jou, pandan David t ap jwe hap pou Sayil, wa a te tire lans li an dèyè l. David te gentan retire kò l e lans lan t al plante nan mi an. Apre sa, Sayil t ap chèche touye David plizyè lòt fwa. Alafen, David te kouri al kache nan dezè a.

David k ap pran lans Sayil la pandan Sayil ap dòmi.

Sayil te pran 3 000 sòlda e li t al chèche David. Twouve, Sayil t al antre nan gwòt David ak mesye l yo te kache a. Mesye David yo di l tou ba: ‘Jodi a, ou gen chans pou w touye Sayil.’ David te trennen kò l tou dousman jiskaske l rive kot Sayil, epi l koupe yon moso nan ke rad Sayil. Sayil pa t wè sa. Apre sa, sa te fè David mal paske li pa t montre respè pou wa Jewova chwazi a. Li pa t kite mesye l yo fè Sayil mal. Li te menm rele Sayil byen fò, li te fè l konnen li te kapab touye l lè l te ka fè sa a. Èske sa te fè Sayil sispann kouri dèyè David?

Non. Sayil te kontinye kouri dèyè David. Yon jou swa, David ak Abichayi, neve l, te antre nan kan Sayil la san pèsonn pa t konnen. Menm Abnè, sòlda ki t ap veye Sayil la, t ap dòmi. Abichayi di David: ‘Se chans pa nou! Kite m touye l.’ David reponn li: ‘Jewova ap regle ak Sayil. Ann pran lans li an ak bidon dlo l la, epi ann ale.’

David te monte sou yon mòn toupre a, kote l te ka wè tout kan Sayil la. Li di byen fò: ‘Abnè, poukisa w pa t pwoteje wa w la? Kote bidon Sayil la ak lans li an?’ Sayil te rekonèt vwa David e li di: ‘Ou te kapab touye m, men w pa t fè sa. Mwen konnen se ou ki pral vin wa ann Izrayèl.’ Sayil te retounen nan palè l. Men, se pa tout moun nan fanmi Sayil ki te rayi David.

“Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. Pa vanje tèt nou, byenneme, men kite kòlè Bondye aji.” — Women 12:18, 19.

Kesyon: Poukisa Sayil te vle touye David? Poukisa David te refize touye Sayil?

1 Samyèl 16:14-23; 18:5-16; 19:9-12; 23:19-29; 24:1-15; 26:1-25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje