BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 42 p. 102-p. 103 par. 3
  • Jonatan te brav e l te fidèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jonatan te brav e l te fidèl
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • ‘Anyen pa ka bloke Jewova’
    Annou imite lafwa yo
  • Montre w fidèl ak Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ann kontinye demontre anpil afeksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 42 p. 102-p. 103 par. 3
Jonatan ak sèvitè ki te konn pote zam li yo.

LESON 42

Jonatan te brav e l te fidèl

Jonatan, pi gran pitit gason Sayil la, te yon sòlda ki brav. David te di Jonatan pi rapid pase èg e li gen plis fòs pase lyon. Yon jou, Jonatan te wè kèk sòlda peyi Filisti sou yon ti mòn. Li di sèvitè ki t ap pote zam li yo: ‘N ap atake yo si sèlman Jewova ban nou yon siy. Si sòlda peyi Filisti yo di nou monte, n ap konnen nou ka atake yo.’ Sòlda Filisti yo te di byen fò: ‘Monte vin goumen!’ Se konsa, de mesye yo monte ti mòn nan e yo te touye 20 sòlda.

Jonatan k ap bay David kèk bagay pèsonèl li genyen.

Piske Jonatan se te pi gran pitit gason Sayil, se li ki t apral vin wa. Men, Jonatan te konnen se David Jewova te chwazi kòm pwochen wa ann Izrayèl. Aktout sa, li pa t jalou. Jonatan ak David te vin bon zanmi. Yo te pwomèt youn ap pwoteje lòt e youn ap defann lòt. Pou Jonatan montre David jan l zanmi l, Jonatan te bay David manto l, epe l, banza l ak senti l.

Lè David t ap kouri pou Sayil, Jonatan t al kote l e li di l: ‘Mete fòs sou ou, pran kouraj. Se ou menm Jewova chwazi kòm wa. Menm papa m konn sa.’ Èske w ta renmen gen yon bon zanmi tankou Jonatan?

Pandan plizyè fwa, Jonatan te riske lavi l pou l ede zanmi l lan. Li te konnen wa Sayil te vle touye David, se sa k fè li te di papa l: ‘W ap peche si w touye David paske li pa fè anyen ki mal.’ Sayil te fache anpil sou Jonatan. Kèk ane apre, Sayil ak Jonatan te mouri nan lagè.

Apre lanmò Jonatan, David te chèche Mefibochèt, pitit gason Jonatan. Lè David jwenn Mefibochèt, li di l: ‘Piske papa w te bon zanmi m, m ap pran swen w pou tout rès vi w. Ou pral viv nan palè m nan e w ap manje sou tab mwen.’ David pa t janm bliye Jonatan, zanmi l lan.

“Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” — Jan 15:12, 13.

Kesyon: Ki jan Jonatan te montre li brav? Ki jan Jonatan te montre li fidèl?

1 Samyèl 14:1-23; 18:1-4; 19:1-6; 20:32-42; 23:16-18; 31:1-7; 2 Samyèl 1:23; 9:1-13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje