BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 43 p. 104
  • Peche wa David te fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Peche wa David te fè a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi David gen anpil pwoblèm
    Liv istwa biblik mwen an
  • Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Natàn te defann vrè adorasyon an avèk fidelite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “Moutre m jan pou m fè sa ou vle”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 43 p. 104
Pwofèt Natan k ap bay wa David konsèy.

LESON 43

Peche wa David te fè a

Lè Sayil mouri, David te vin wa. Li te gen 30 an. David te gentan gen kèk ane depi l wa, epi, yon jou swa, pandan l sou do kay li, li wè yon bèl dam. David vin aprann dam nan rele Batcheba e li se madanm yon sòlda ki rele Ouri. David fè yo mennen Batcheba nan palè a. David kouche ak Batcheba, e Batcheba vin ansent. David eseye kache sa l te fè a. Li di jeneral lame l la pou l met Ouri devan nèt lè lame a ap batay e pou l fè sòlda yo soti dèyè l. Lè Ouri fin mouri nan gè a, David marye ak Batcheba.

Wa David k ap priye pou mande Bondye padon.

Men, Jewova te wè tout move bagay ki te fèt yo. Ki sa l t apral fè? Jewova voye pwofèt Natan al pale ak David. Natan di l: ‘Gen yon mesye rich ki gen anpil mouton, men, gen yon mesye pòv ki gen yon sèl ti mouton li renmen anpil. Mesye rich la pran sèl ti mouton mesye ki pòv la genyen an.’ David fache e li di: ‘Mesye rich sa a merite mouri!’ Lè sa a, Natan di David: ‘Mesye rich sa a se ou menm!’ Sa te fè David mal anpil, e li di Natan: ‘Mwen peche kont Jewova.’ Akoz peche sa a, David ak fanmi l te vin gen anpil pwoblèm. Jewova te pini David, men, li te kite l viv paske l te onèt e li te gen imilite.

David te vle fè yon tanp pou Jewova, poutan, se Salomon, pitit David, Jewova te chwazi pou fè tanp lan. David te kòmanse prepare tout bagay pou Salomon, epi li di: ‘Tanp Jewova a dwe bèl anpil e li dwe san parèy. Salomon jèn toujou, men, m ap prepare tout bagay pou m ka ede l.’ David te bay anpil nan kòb li te genyen kòm ofrann pou yo te ka fè tanp lan. Li te chwazi moun ki konn travay byen. Li te rasanble lò ak ajan epi li te fè pote bwa sèd ki soti Ti ak Sidon. Lè David te prèske mouri, li te bay Salomon plan pou l fè tanp lan. Li te di l: ‘Jewova te fè m ekri tout bagay sa yo pou ou. Jewova ap ede w. Pinga w pè. Mete kouraj sou ou epi travay.’

David pale de plan tanp lan ak Salomon ki te yon jèn gason.

“Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.” — Pwovèb 28:13.

Kesyon: Ki peche David te fè? Ki sa David te fè pou l ede Salomon, pitit gason l?

2 Samyèl 5:3, 4, 10; 7:1-16; 8:1-14; 11:1–12:14; 1 Kwonik 22:1-19; 28:11-21; Sòm 51:1-19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje