BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 44 p. 108-p. 109 par. 3
  • Yon tanp pou Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon tanp pou Jewova
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Salomon bati tanp lan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Se pou nou apresye Jezi ki Gran David la e Gran Salomon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Salomon, yon wa ki gen sajès
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 44 p. 108-p. 109 par. 3
Jewova te fè dife sot nan syèl la vin boule sakrifis ki te sou lotèl la.

LESON 44

Yon tanp pou Jewova

Wa Salomon k ap priye.

Lè Salomon te vin wa ann Izrayèl, Jewova te mande l: ‘Ki sa w ta renmen m ba ou?’ Salomon di: ‘Mwen jèn e m pa konn sa m ap fè a. Tanpri, ban m sajès pou m pran swen pèp ou a.’ Jewova di l: ‘Kòm ou mande m sajès, m ap fè w vin moun ki gen plis sajès sou tè a. Mete sou sa, m ap fè w vin rich anpil. E si w obeyi m, w ap viv lontan.’

Salomon te kòmanse bati tanp lan. Li te itilize pi bon kalite lò, ajan, bwa ak wòch. Plizyè milye gason ak fi ki te konn travay byen te travay nan tanp lan. Apre setan, moman an te rive pou yo ofri Jewova tanp lan. Te gen yon lotèl nan tanp lan ki te gen ofrann sou li. Salomon te met ajenou devan lotèl la epi li priye Jewova: ‘O Jewova, tanp sa a pa gwo ase e li pa bèl ase pou ou, men, tanpri kite nou adore w epi koute priyè nou.’ Ki sa Jewova te panse de tanp lan ak priyè Salomon te fè a? Salomon annik fin priye, dife desann sot nan syèl la vin boule tout ofrann ki te sou lotèl la nèt. Jewova te aksepte tanp lan. Lè Izrayelit yo wè sa, yo te kontan.

Jewova te fè dife sot nan syèl la vin boule sakrifis ki te sou lotèl la.

Tout moun nan nasyon Izrayèl la e menm moun ki rete byen lwen te konnen Salomon pou sajès li. Moun ki te gen pwoblèm te konn vin kote l pou mande l èd. Menm rèn Cheba te poze l kesyon ki difisil pou l ka teste l. Lè l te tande repons Salomon bay yo, li di: ‘Mwen pa t kwè sa moun te di m sou ou, men kounye a, mwen wè ou menm gen plis sajès pase sa yo rakonte m. Jewova, Bondye w la, beni w.’ Lavi a te bèl pou nasyon Izrayèl la e pèp la t ap viv ak kè kontan. Men, bagay yo t apral chanje.

“Gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon.” — Matye 12:42.

Kesyon: Poukisa Jewova te bay Salomon yon sajès ki espesyal? Ki jan Jewova te montre li aksepte tanp lan?

1 Wa 2:12; 3:4-28; 4:29–5:18; 6:37, 38; 7:15–8:66; 10:1-13; 2 Kwonik 7:1; 9:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje