BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 45 p. 110-p. 111 par. 2
  • Yon wayòm ki divize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon wayòm ki divize
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Wayòm nan divize
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jewova pap lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Li te kapab gen favè Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 45 p. 110-p. 111 par. 2
Ayija te chire rad li fè 12 moso devan Jewobowam.

LESON 45

Yon wayòm ki divize

Lè Salomon te konn adore Jewova, te gen lapè ann Izrayèl. Men, Salomon te vin marye ak anpil fi ki te soti nan lòt peyi, e madanm li yo te konn adore zidòl. Tikras pa tikras, Salomon te vin chanje, e l te kòmanse ap adore zidòl tou. Jewova te vin fache anpil. Li te di Salomon: ‘M ap retire pèp Izrayèl la nan men fanmi w e m ap fè l fè de pati. M ap bay youn nan sèvitè w yo pati ki pi gwo a, e fanmi w ap dirije pati ki pi piti a.’

Jewova te fè yon lòt bagay pou l montre byen klè ki desizyon li te pran. Yon lè, Jewobowam, youn nan sèvitè Salomon yo, t ap vwayaje sou yon wout e l te rankontre pwofèt Ayija. Ayija chire rad li fè 12 moso e li di Jewobowam: ‘Jewova ap pran wayòm Izrayèl la nan men fanmi Salomon e l ap separe l an de. Pran dis nan moso sa yo paske w ap vin wa dis tribi.’ Wa Salomon te tande sa e li te vle touye Jewobowam! Se sa k fè, Jewobowam te kouri al ann Ejip. Lè Salomon te mouri, Wobowam, pitit gason l lan te vin wa. Lè sa a, Jewobowam te santi anyen pap rive l si l tounen ann Izrayèl.

Anpil Izrayelit k ap fè sakrifis pou yon ti bèf annò Jewobowam te fè.

Ansyen ann Izrayèl yo te di Wobowam: ‘Si w byen aji ak pèp la, y ap fidèl avè w.’ Men, zanmi Wobowam ki te pi jèn yo te di l: ‘Se pou w di ak pèp la! Fè yo travay pi di!’ Wobowam te koute konsèy jèn zanmi l yo. Li te aji di ak pèp la, se sa k fè yo te leve kont li. Yo te fè Jewobowam wa sou dis tribi ki te vin tounen wayòm Izrayèl la. Yo te rele de lòt tribi yo wayòm Jida a, e de tribi sa yo te ret fidèl ak Wobowam. Kounye a, 12 tribi Izrayèl yo te vin divize.

Jewobowam pa t vle moun li t ap dirije yo al Jerizalèm, nan wayòm Wobowam nan, pou y al adore Bondye. Èske w konn pou ki sa? Se paske Jewobowam te pè pou yo pa t kite l pou y al jwenn Wobowam. Se sa k fè li te fè de ti bèf annò e li di pèp li a: ‘Jerizalèm twò lwen. Nou ka adore isit la.’ Pèp la te kòmanse adore ti bèf annò yo e yo te bliye Jewova ankò.

“Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba. Paske, ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa Lalwa kondane? [...] Oswa ki sa yon moun ki kwayan gen pou l wè ak yon moun ki pa kwayan?” — 2 Korentyen 6:14, 15.

Kesyon: Poukisa pèp Izrayèl la te vin divize? Ki move bagay wa Wobowam ak wa Jewobowam te fè?

1 Wa 11:1-13, 26-43; 12:1-33.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje