BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 47 p. 114-p. 115 par. 3
  • Jewova te bay Eli fòs

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova te bay Eli fòs
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
    Annou imite lafwa yo
  • Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?
    Anseye pitit ou
  • Li te andire jiska lafen
    Annou imite lafwa yo
  • Li te ret ap veye e li t ap tann
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 47 p. 114-p. 115 par. 3
Eli ki kanpe pa deyò gwo twou wòch ki sou Mòn Orèb la e k ap koute zanj Bondye a.

LESON 47

Jewova te bay Eli fòs

Lè Jezabèl te tande sa k te rive pwofèt Baal yo, li te fache anpil. Li voye yon mesaj pou Eli. Li di l: ‘Demen, w ap mouri menm jan ak pwofèt Baal yo.’ Pwofèt Eli te vin pè anpil, li te kouri al nan dezè a. Pwofèt Eli te priye, li te di: ‘Jewova, mwen pa kapab ankò. Ou mèt kite m mouri.’ Eli te tèlman fatige, dòmi te pran l anba yon pyebwa.

Gen yon zanj ki te vin reveye l e ki te byen pale avè l. Li di l: ‘Leve pou w manje.’ Eli te wè yon gwo pen won sou wòch yo chofe, epi li te wè yon bidon dlo. Li manje, li bwè, epi li retounen al dòmi. Zanj lan te reveye l ankò epi l di l: ‘Se pou w manje, w ap bezwen fòs pou vwayaj la.’ Se konsa, Eli te manje ankò. Epi, li te fè 40 jou ak 40 nuit ap vwayaje jis li rive sou Mòn Orèb. Lè Eli rive sou mòn nan, li antre nan yon gwo twou wòch pou l al dòmi. Men, Jewova te vin pale avè l. Li di l: ‘Ki sa w ap fè isit la Eli?’ Eli reponn: ‘Izrayelit yo pa respekte pwomès yo te fè w la. Yo kraze lotèl ou yo e yo touye pwofèt ou yo. Kounye a, men yo dèyè touye m tou.’

Jewova di l: ‘Al kanpe sou mòn nan.’ Lè sa a, gen yon gwo van ki te soufle bò gwo twou wòch la. Apre gwo van an, te vin gen yon tranblemanntè ak yon dife. Alafen, Eli tande yon vwa ki kalm, k ap pale tou ba. Li kouvri figi l ak rad li e l al kanpe pa deyò gwo twou wòch la. Epi, Jewova mande l pou ki rezon li te kouri ale. Pwofèt Eli di: ‘Se sèl mwen ki rete.’ Men, Jewova di l: ‘Ou pa poukont ou. Gen 7 000 moun ann Izrayèl k ap adore m toujou. Ale, chwazi Elize pou l ranplase w kòm pwofèt.’ Menm moman an, Eli al fè sa Jewova te di l la. Èske w panse Jewova ap ede w tou lè w fè sa l di w fè? Wi, l ap fè sa. Annou wè sa k te rive yon lè pandan sechrès la.

“Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

Kesyon: Poukisa Eli te kouri ale? Ki sa Jewova te di Eli?

1 Wa 19:1-18; Women 11:2-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje