LESON 56
Jozyas te renmen Lwa Bondye a
Jozyas te vin wa Jida lè l te gen uitan. Nan epòk sa a, pèp la te tonbe nan fè maji e yo te konn adore zidòl. Lè Jozyas te gen 16 an, li te eseye aprann ki jan pou l adore Jewova kòmsadwa. Lè l te gen 20 an, li te kòmanse detwi zidòl yo ak lotèl yo nan tout peyi a. Epi, lè Jozyas te gen 26 an, li te fè yo repare tanp Jewova a ki te gen kèk kote ki kraze ladan l.
Ilkiya, gran prèt la, te jwenn yon woulo nan tanp lan ki te gen Lwa Jewova a ladan l. Petèt, se te woulo Moyiz te ekri a. Chafan, sekretè wa a, te pote woulo a bay Jozyas e l te kòmanse li Lalwa byen fò. Tank wa Jozyas t ap koute sa Chafan t ap li yo, li vin rann li kont pèp la te pase anpil ane ap dezobeyi Jewova. Wa Jozyas di Ilkiya: ‘Jewova fache anpil kont nou. Al pale avè l. Jewova ap di nou sa pou n fè.’ Jewova te sèvi ak Oulda, yon fi ki te pwofèt, pou l reponn wa a: ‘Pèp Jida a vire do ban mwen. M ap pini yo, men, mwen pap fè sa pandan Jozyas wa, paske l te imilye tèt li.’
Lè wa Jozyas tande mesaj la, l al nan tanp lan epi l reyini moun Jida yo. Apre sa, li li Lwa Jewova a byen fò pou tout nasyon an. Jozyas ak pèp la te pwomèt y ap obeyi Jewova ak tout kè yo.
Pèp Jida a pa t fete fèt Pak la depi plizyè ane. Men, lè Jozyas te li Lalwa ki montre yo dwe fete fèt Pak la chak ane, li di pèp la: ‘Nou pral fete fèt Pak la pou Jewova.’ Epi, Jozyas te prepare l pou l fè anpil sakrifis e l te fè yo fè yon koral ki gen moun k ap chante nan tanp lan. Apre sa, pèp la te fete fèt Pak la. Annapre, yo te fete fèt Pen san ledven an ki te dire sèt jou. Pa t gen yon fèt Pak konsa depi nan epòk Samyèl la. Jozyas te renmen Lwa Bondye a toutbon. Èske w renmen aprann plis sou Jewova?
“Pawòl ou se yon lanp pou pye m e li se yon limyè pou wout mwen.” — Sòm 119:105.