BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 67 p. 158
  • Miray Jerizalèm yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Miray Jerizalèm yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Miray Jerizalèm nan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pwen enteresan ki nan liv Neyemya a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “ Kontinye venk mal la avèk byen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Neyemi — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 67 p. 158
Neyemi k ap dirije moun k ap bati miray Jerizalèm yo e k ap mete gad nan plas yo.

LESON 67

Miray Jerizalèm yo

Pandan epòk Esdras la, te gen yon Izrayelit ki te rele Neyemi ki te yon sèvitè wa Atagzèsès, ki t ap viv nan vil Souz, yon vil nan peyi Pès. Yon frè Neyemi te sot nan peyi Jida e li te pot move nouvèl. Li te di: ‘Moun ki retounen Jerizalèm yo pa an sekirite. Yo poko janm rebati miray vil la ak pòtay moun Babilòn yo te kraze yo.’ Neyemi te tris. Li te vle al Jerizalèm pou l ede moun yo, se sa k fè li te priye Bondye pou wa a kite l ale.

Annapre, wa a te remake Neyemi te yon ti jan tris. Li di l: ‘Mwen pa janm wè w konsa, sa k pase?’ Neyemi di l: ‘Ki jan pou m ta fè pa tris lè Jerizalèm, vil mwen an, tou kraze?’ Wa a mande l: ‘Ki sa w vle m fè pou ou?’ Lapoula, Neyemi priye nan kè l. Epi, li di wa a: ‘Tanpri, kite m al Jerizalèm pou m rebati miray la.’ Wa Atagzèsès di Neyemi li mèt ale, e wa a te asire l Neyemi t ap an sekirite pandan gwo vwayaj li t apral fè a. Epitou, li te fè Neyemi vin gouvènè Jida e l te fè l jwenn bwa pou pòtay vil la.

Lè Neyemi rive Jerizalèm, li byen gade tout miray vil la. Apre sa, li reyini prèt yo ak chèf yo, epi, li di yo: ‘Sa terib. Fò n travay.’ Moun yo te dakò, e yo te rekòmanse bati miray la.

Men, gen kèk ènmi Izrayelit yo ki t ap pase yo nan rizib, yo t ap di: ‘Menm yon rena ka kraze miray n ap bati a.’ Travayè yo pa t okipe yo, e yo te kontinye travay. Miray la te vin pi wo, e l te vin pi solid.

Ènmi yo te deside sot nan plizyè direksyon pou yo vin atake Jerizalèm pa sipriz. Lè Juif yo te vin aprann ki plan yo genyen, yo te pè anpil. Men, Neyemi di yo: ‘Pinga nou pè. Jewova avèk nou.’ Li te mete yon seri gad pou pwoteje travayè yo e ènmi yo pa t ka atake yo.

Nan 52 jou sèlman, yo te fin rebati tout miray la ak pòtay yo. Neyemi te mennen tout Levit yo Jerizalèm pou yo fè fèt paske travay la te fini. Li te fè moun k ap chante yo fè de gwoup. Yo te pase nan mach eskalye yo pou yo monte miray la bò Pòtay Sous, epi yo mache fè wonn vil la, chak gwoup te fè yon direksyon ki opoze ak lòt. Yo te jwe twonpèt, senbal, hap e yo te chante pou Jewova. Esdras te pran yon gwoup avè l e Neyemi te ale avèk lòt gwoup la, jiskaske y al rankontre nan tanp lan. Tout pèp la nèt, gason kou fi, san wete timoun yo, te ofri sakrifis pou Jewova e yo t ap fè fèt. Moun byen lwen te ka tande vwa yo tèlman yo te kontan.

“Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” — Ezayi 54:17.

Kesyon: Poukisa Neyemi t al Jerizalèm? Konbyen tan sa te pran pou yo rebati miray Jerizalèm yo?

Neyemi 1:1-11; 2:1-20; 4:1-23; 5:14; 6:1-19; 12:27-43.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje