LESON 77
Dam ki te bò pi a
Apre fèt Pak la, Jezi ak disip li yo te pase Samari pandan yo te sou wout pou yo retounen Galile. Lè Jezi rive toupre vil Sicha, li fè yon ti kanpe yon kote ki te rele Pi Jakòb la. Pandan l t ap repoze la, disip li yo t al achte manje nan vil la.
Gen yon dam ki te vin pran dlo nan pi a. Jezi di dam nan: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” Dam nan di l: ‘O! Apa w ap pale avè m? Mwen se yon fi ki moun Samari. Juif yo pa konn pale ak moun Samari yo.’ Jezi di l: ‘Si w te konn kiyès mwen ye, se ou menm ki t ap mande m dlo pou w bwè e m t ap ba w dlo lavi a.’ Dam nan mande Jezi: ‘Ki sa w vle di? Ou pa menm gen yon bokit nan men w.’ Jezi di: ‘Nenpòt moun ki bwè nan dlo m ap ba li a pap janm swaf ankò.’ Dam nan di: “Mesye, ban m nan dlo sa a non.”
Lè sa a, Jezi di l: ‘Mennen mari w bò pi a.’ Dam nan di: ‘Mwen pa gen mari.’ Jezi di l: ‘Sa w di a se vre. Ou marye senk fwa, e kounye a w ap viv ak yon mesye ki pa mari w.’ Dam nan di: ‘Mwen wè ou se yon pwofèt. Moun nan pèp mwen an kwè nou kapab adore Bondye sou mòn sa a, men, Juif yo di se sèlman nan Jerizalèm nou dwe adore. Mwen kwè lè Mesi a vini, l ap di nou ki jan pou n adore.’ Lè sa a, Jezi di l yon bagay li pa t janm di pèsonn anvan sa: ‘Se mwen menm ki Mesi a.’
Dam nan kouri al nan vil kote l te rete a, epi li di moun Samari yo: ‘Mwen panse m jwenn Mesi a. Li konn tout bagay sou mwen. Vin wè!’ Yo tounen bò pi a avè l, epi yo koute Jezi k ap anseye.
Moun Samari yo te envite Jezi rete nan vil yo a. Li te pase de jou ap anseye nan vil sa a, epi anpil moun te met lafwa nan li. Moun yo te di dam ki moun Samari a: ‘Apre nou fin koute mesye sa a, nou wè se li k ap sove monn nan toutbon.’
“‘Vini!’ Se pou tout moun ki swaf vini. E se pou tout moun ki vle, pran dlo lavi a gratis.” — Revelasyon 22:17.