BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 83 p. 194-p. 195 par. 1
  • Jezi bay plizyè milye moun manje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi bay plizyè milye moun manje
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Li sèvi ak kèk pen ansanm ak kèk pwason pou l bay plizyè milye moun manje
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sa nou aprann nan mirak Jezi te fè lè l te bay pen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jezi bay anpil moun manje
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 83 p. 194-p. 195 par. 1
Apot yo k ap separe manje bay yon gwo foul moun.

LESON 83

Jezi bay plizyè milye moun manje

Yon ti tan anvan fèt Pak ane 32 epòk nou an, apot yo te sot nan yon kanpay predikasyon. Yo te fatige, se poutèt sa Jezi te mennen yo Betsayida nan bato pou yo te ka repoze. Men, lè bato a rive toupre tè, Jezi wè plizyè milye moun te suiv yo rive jis kote yo ye a. Byenke Jezi te anvi ret poukont li ak apot li yo, li te byen resevwa moun yo. Li te geri moun ki malad yo e l te kòmanse anseye yo. Pandan tout jounen an, Jezi anseye yo konsènan Wayòm Bondye a. Lè l vin aswè, apot Jezi yo vin kote l, yo di l: ‘Moun yo dwe grangou. Voye yo ale pou yo ka al chèche yon bagay pou yo manje.’

Yon tigason k ap lonje yon pànye ki gen pen ak pwason bay Jezi.

Jezi di: ‘Yo pa bezwen ale. Ba yo yon bagay pou yo manje isit la.’ Apot yo mande l: ‘Èske w vle n al achte pen pou yo?’ Filip, youn nan apot yo, di: ‘Menmsi n ta gen anpil lajan, nou pa t ap kapab achte ase pen pou foul moun sa a.’

Jezi mande yo: ‘Ki valè manje nou gen la a?’ Andre reponn: ‘Nou gen senk pen ak de ti pwason. Sa pap menm ase pou yo.’ Jezi di: ‘Pote pen yo ak pwason yo pou mwen.’ Li di moun yo pou yo chita nan zèb la, pou yo fè gwoup 50 moun ak gwoup 100 moun. Jezi pran pen yo ak pwason yo, li gade syèl la, epi li priye. Apre sa, li bay apot yo manje a, e yo bay moun yo manje. Te gen 5 000 gason, te gen fi ak timoun, yo tout te manje vant plen. Apre sa, apot yo te ranmase sa k te rete a, yon fason pou anyen pa gaspiye. Te ret 12 pànye byen plen! Se te yon gwo mirak, pa vre?

Moun yo te tèlman sezi, yo te vle fè Jezi vin wa. Men, Jezi te konnen se pa t nan moman sa a Jewova t apral fè l vin wa. Se sa k fè l te voye foul moun yo ale, epi li di apot li yo pou y al pa lòtbò Lanmè Galile a. Yo monte bato a, e Jezi t al nan mòn nan poukont li. Poukisa? Paske Jezi te bezwen tan pou l priye Papa l. Menmsi Jezi te okipe anpil anpil, li te toujou chèche tan pou l priye.

“Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an, manje Pitit lòm nan ap ban nou an.” — Jan 6:27.

Kesyon: Ki jan Jezi te montre li konn pran ka moun? Ki sa sa aprann nou sou Jewova?

Matye 14:14-22; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje