BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 87 p. 204-p. 205 par. 3
  • Dènye soupe Jezi ak disip li yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dènye soupe Jezi ak disip li yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Soupe Seyè a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Nan yon chanm aletaj
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Fè sa pou nou montre nou sonje m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 87 p. 204-p. 205 par. 3
Jezi k ap mete Soupe Seyè a sou pye ansanm ak onz apot fidèl li yo.

LESON 87

Dènye Soupe Jezi ak disip li yo

Juif yo te konn fete fèt Pak la chak ane nan 14yèm jou nan mwa Nizan an. Fèt sa a te raple yo Jewova te libere yo pou yo pa esklav ankò ann Ejip e l te mennen yo nan peyi li te pwomèt yo a. Nan ane 33 epòk nou an, Jezi ak apot li yo te fete fèt Pak la nan yon chanmòt nan Jerizalèm. Lè yo fin manje, Jezi di: ‘Gen youn nan nou ki pral trayi m.’ Apot yo te sezi tande sa, epi yo mande Jezi: ‘Kiyès?’ Jezi di: ‘Se moun m ap lonje pen an ba li a.’ Apre sa, li bay Jida Iskaryòt yon moso pen. Menm kote a, Jida leve e li soti nan chanm nan.

Apre sa, Jezi fè yon priyè, li kase pen an fè plizyè moso, epi li lonje yo bay rès apot yo. Li di: ‘Manje pen sa a. Li reprezante kò m mwen pral bay pou nou an.’ Apre sa, li pran yon ti diven, li priye sou li, epi li bay apot yo li. Li di: ‘Bwè diven sa a. Li reprezante san m mwen pral bay pou moun ka jwenn padon pou peche yo. Mwen pwomèt nou nou pral vin wa avè m nan syèl la. Fè sa chak ane pou nou ka sonje m.’ Moun k ap suiv Jezi yo toujou reyini jou swa sa a chak ane. Jodi a, yo rele reyinyon sa a Soupe Seyè a.

Apre soupe a, apot yo te pran diskite pou yo te ka konnen kiyès ki gen plis enpòtans. Men, Jezi di yo: ‘Moun ki pi gran pami nou an se moun ki wè tèt li kòm moun ki pi piti a, sa vle di moun ki gen mwens enpòtans lan.

‘Nou se zanmi m. Mwen di nou tout sa Papa m vle m di nou. Talè konsa, mwen pral jwenn Papa m nan syèl la. N ap ret dèyè toujou, e moun pral konnen nou se disip mwen paske nou gen lanmou youn pou lòt. Nou youn dwe renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.’

Alafen, Jezi priye pou l mande Jewova pwoteje tout disip li yo. Li te mande Jewova pou l ede yo travay ansanm nan lapè. Li priye pou non Jewova vin sen. Apre sa, Jezi ak apot li yo chante louwanj pou Jewova e yo soti deyò. Lè a te prèske rive pou yo arete Jezi.

“Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan.” — Lik 12:32.

Kesyon: Ki pwomès Jezi te fè apot yo? Ki leson enpòtan Jezi te anseye apot li yo pandan dènye soupe li te pran avèk yo a?

Matye 26:20-30; Lik 22:14-26; Jan 13:1, 2, 26, 30, 34, 35; 15:12-19; 17:3-26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje