BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 90 p. 210
  • Jezi mouri Gòlgota

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi mouri Gòlgota
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Pilat voye l bay Ewòd, apre sa Ewòd voye l tounen
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo touye Jezi
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 90 p. 210
Pandan Jezi sou poto a, gen yon sòlda ansanm ak kèk nan disip Jezi yo ki kanpe toupre a. Mari ak Jan te la tou.

LESON 90

Jezi mouri Gòlgota

Prèt an chèf yo te mennen Jezi nan palè gouvènè a. Pilat te mande yo: ‘Ki sa mesye sa a fè?’ Yo di: ‘Li di li se yon wa!’ Pilat mande Jezi: “Èske w se Wa Juif yo?” Jezi reponn: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.”

Lè sa a, Pilat voye Jezi kot Ewòd, dirijan Galile a, pou l wè si yo ka jwenn yon bagay kont Jezi. Ewòd pa t rive jwenn anyen mal kont Jezi. Se sa k fè, li voye l tounen bay Pilat. Lè sa a, Pilat di pèp la: ‘Ni Ewòd, ni mwen menm, nou pa jwenn anyen kont mesye sa a. M ap lage l.’ Epi, foul moun yo tonbe rele: ‘Touye l! Touye l!’ Sòlda yo bat Jezi avèk yon fwèt, yo krache sou li e yo frape l. Yo mete yon kouwòn pikan sou tèt li, e yo t ap pase l nan rizib, yo t ap di: ‘Bonjou, wa Juif yo.’ Yon lòt fwa ankò, Pilat di foul la: ‘Mwen pa jwenn anyen kont mesye sa a.’ Men, yo pran rele pi fò, yo t ap di: “Kloure l sou yon poto!” Konsa, Pilat remèt li bay sòlda yo pou yo touye l.

Sòlda yo mennen Jezi yon kote ki rele Gòlgota, yo kloure l sou yon poto, epi yo mete poto a kanpe. Jezi priye, li di: ‘Papa, padone yo, yo pa konn sa y ap fè.’ Moun yo pran pase Jezi nan rizib, yo t ap di l: ‘Si w se Pitit Bondye, desann sou poto a! Sove tèt ou.’

Youn nan kriminèl ki te sou poto bò kote l yo di: “Sonje m lè w vin wa.” Men pwomès Jezi te fè l: “W ap avè m nan Paradi a.” Nan aprèmidi, te gen yon fènwa ki te kouvri tout peyi a ki te dire twazèdtan. Kèk nan disip Jezi yo te kanpe toupre poto a, e Mari, manman Jezi, te youn ladan yo. Jezi di Jan pou l pran swen Mari kòmsi se te manman l.

Alafen, Jezi di: “Sa reyalize!” Li bese tèt li, epi li bay dènye souf li. Nan moman sa a, te vin gen yon gwo tranblemanntè. Gwo rido nan tanp lan ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an te fann de bò. Gen yon sòlda ki te di: ‘Vrèmanvre, mesye sa a se te Pitit Bondye.’

“Paske, kèlkeswa kantite pwomès Bondye fè, yo vin tounen ‘wi’ grasa li.” — 2 Korentyen 1:20.

Kesyon: Poukisa Pilat te kite yo touye Jezi? Ki jan Jezi te montre li te plis enterese nan lòt moun pase l wè tèt li sèlman?

Matye 27:11-14, 22-31, 38-56; Mak 15:2-5, 12-18, 25, 29-33, 37-39; Lik 23:1-25, 32-49; Jan 18:28–19:30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje