BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 92 p. 214-p. 215 par. 1
  • Jezi parèt devan pechè pwason yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi parèt devan pechè pwason yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Bò Lanmè Galile a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Bò lanmè Galile
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te konbat dout ak laperèz
    Annou imite lafwa yo
  • Gen kat nan disip li yo ki vin pechè moun
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 92 p. 214-p. 215 par. 1
Jezi k ap pale ak disip li yo pandan pwason yo ap kuit sou dife a.

LESON 92

Jezi parèt devan pechè pwason yo

Kèk tan apre Jezi te parèt devan apot yo, Pyè te deside al peche pwason nan Lanmè Galile. Toma, Jak, Jan ak kèk lòt disip te ale avè l. Yo pase tout nuit lan ap peche, men, yo pa t jwenn anyen.

Byen bonè nan demen maten, yo wè yon mesye ki kanpe bò lanmè a. Li rele yo, li di yo: ‘Èske nou pran pwason?’ Yo di l: “Non!” Mesye a di yo: “Lage filè a adwat bato a.” Lè yo fè sa, filè a te tèlman plen ak pwason, yo pa t ka rale l monte nan bato a. Menm kote a, Jan vin wè mesye a se Jezi, e li di: “Se Seyè a!” Lapoula, Pyè lage kò l nan dlo a e li naje al sou tè. Lòt disip yo te suiv li nan bato a.

Lè yo rive sou plaj la, yo wè gen pen ak pwason k ap kuit sou yon dife. Jezi di yo pou yo mete kèk nan pwason yo te pran yo sou sa li t ap boukannen yo. Apre sa, li di yo: ‘Vini pou nou manje.’

Pyè naje al jwenn Jezi bò lanmè a e lòt disip yo suiv li nan bato a.

Apre yo fin manje, Jezi mande Pyè: ‘Èske w renmen m plis pase peche pwason?’ Pyè di: ‘Wi Seyè, ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: ‘Ebyen, bay ti mouton m yo manje.’ Jezi mande l ankò: ‘Pyè, èske w renmen m?’ Pyè di: ‘Seyè, ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: “Pran swen ti mouton m yo.” Jezi mande Pyè menm bagay la yon twazyèm fwa. Pyè vin santi l tris. Li di: ‘Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje.” Apre sa li di Pyè: “Kontinye suiv mwen.”

“[Jezi] di yo: ‘Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun.’ Lamenm, yo abandone filè yo e yo suiv li.” — Matye 4:19, 20.

Kesyon: Ki mirak Jezi te fè pou pechè pwason yo? Poukisa w panse pandan twa fwa Jezi te mande Pyè “èske w renmen m”?

Jan 21:1-19, 25; Travay 1:1-3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje