BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 93 p. 216-p. 217 par. 5
  • Jezi retounen nan syèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi retounen nan syèl
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dènye fwa li parèt yo, ak fèt Pannkòt ane 33 a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou mòn Olivye a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi preche mesaj Wayòm nan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 93 p. 216-p. 217 par. 5
Jezi k ap monte nan syèl toutpandan apot li yo ap gade.

LESON 93

Jezi retounen nan syèl

Pandan Jezi te Galile, li te reyini ak disip li yo. Li te ba yo yon lòd ki enpòtan anpil, li te di: ‘Ale, epi fè disip pami moun tout peyi. Anseye yo sa m te anseye nou yo, epi batize yo.’ Apre sa, li fè yo yon pwomès, li di yo: ‘Sonje sa, m ap toujou avèk nou.’

Pandan 40 jou apre Jezi fin resisite, Jezi te parèt devan plizyè santèn nan disip li yo nan Galile ak Jerizalèm. Li te aprann yo anpil leson enpòtan e li te fè anpil mirak. Apre sa, Jezi reyini ak apot li yo pou yon dènye fwa sou Mòn Oliv, li di yo: ‘Pa kite Jerizalèm. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la.’

Apot li yo pa t konprann sa l te vle di. Yo mande l: ‘Èske se kounye a w ap vin Wa Izrayèl?’ Jezi di yo: ‘Lè Jewova fikse pou m vin Wa a poko rive. Talè konsa, lespri sen pral ban nou pisans e nou pral sèvi m temwen. Al preche nan Jerizalèm, nan Jide ak nan Samari rive jis nan dènye bout tè a.’

Apre sa, Jezi monte nan syèl e yon nyaj vin bare l. Disip li yo te kontinye ap gade anlè, men yo te vin pa ka wè l ankò.

Disip li yo te kite Mòn Oliv e yo t al Jerizalèm. Yo te konn reyini nan yon chanmòt regilyèman pou yo priye. Yo t ap tann pou Jezi di yo sa pou yo fè.

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Kesyon: Ki lòd Jezi te bay disip li yo? Ki sa k te rive sou Mòn Oliv?

Matye 28:16-20; Lik 24:49-53; Jan 20:30, 31; Travay 1:2-14; 1 Korentyen 15:3-6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje