Entwodiksyon pou seksyon 1
Bib la kòmanse ak istwa kreyasyon an, sa gen ladan l bagay Jewova kreye moun kapab wè yo. Sa atire atansyon nou sou bèl bagay li te fè ni nan syèl la, ni sou tè a. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou wè tout kalite bèl bagay ki nan kreyasyon an. Montre l Bondye te fè nou siperyè ak bèt yo, paske li ban nou kapasite pou n pale, pou n rezone, pou n envante nouvo bagay, pou n chante e pou n priye. Ede pitit ou konprann kantite pisans ak sajès Jewova genyen, e sitou kantite lanmou li gen pou tout sa l kreye yo ak lanmou li gen pou nou chak.