Entwodiksyon pou seksyon 3
Pandan plizyè ane ki te pase apre delij la, Bib la pa di si gen anpil moun ki t ap sèvi Jewova. Pami moun ki te konn sèvi Jewova yo, te gen Abraram, yon moun yo te vin konnen kòm zanmi Jewova. Poukisa yo te rele l zanmi Jewova? Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou konprann Jewova enterese avè l pèsonèlman e li vle ede l. Menm jan ak Abraram ak lòt moun ki te fidèl tankou Lòt ak Jakòb, nou mèt santi nou alèz pou n mande Jewova èd. Nou mèt gen konfyans Jewova ap respekte tout pwomès li fè.