BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb p. 160-161
  • Entwodiksyon pou seksyon 11

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Entwodiksyon pou seksyon 11
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Entwodiksyon pou seksyon 13
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Entwodiksyon pou seksyon 4
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Entwodiksyon pou seksyon 12
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb p. 160-161
Jozèf k ap montre Jezi travay bwa ak Mari ki toupre a ansanm ak kèk nan frè ak sè Jezi yo.

Entwodiksyon pou seksyon 11

Seksyon sa a pale sou Liv ki te ekri an grèk yo. Jezi te fèt nan yon fanmi ki pa t gen gwo mwayen ki t ap viv nan yon ti vil. Li te konn travay ak papa l ki te yon bòs chapant. Se Jezi ki t ap gen pou l sove lèzòm. Jewova te chwazi l pou l vin Wa nan Wayòm syèl la. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou byen konprann fason Jewova te pran tan pou l byen chwazi yon fanmi ki renmen l, kote moun ap viv ak kè kontan pou Jezi grandi. Gade ki jan Jewova te pwoteje Jezi pou Ewòd pa t touye l e jan anyen pa ka anpeche Jewova reyalize objektif li. Aprann ki jan Jewova te bay Jan responsablite pou l fè moun yo konnen Jezi t apral vini. Montre byen klè ki jan Jezi te pi renmen suiv lwa ak konsèy Jewova bay olye l te konte sou tèt li.

KÈK LESON ENPÒTAN

  • Se pou w toujou fidèl ak dispozisyon Jewova pran.

  • Jezi, Pitit Bondye ki gen anpil pisans lan, te dispoze vin fèt sou tè a kòm yon tibebe.

  • Avèk imilite, Jan ki te konn batize moun nan te ede moun yo prepare yo pou lè Mesi a vini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje