SEKSYON TWA
‘M ap rasanble nou’ Bondye pwomèt l ap retabli vrè adorasyon an
IDE KLE: Pwofesi Ezekyèl yo montre Bondye pral retabli vrè adorasyon an.
Pèp Izrayèl la fin depafini. Apostazi kraze tèt ansanm li te genyen an. L ap soufri akoz konsekans aksyon l yo. Li sal adorasyon ki pwòp la e l sal non Bondye. Nan yon sitiyasyon sanzespwa konsa, Jewova pouse Ezekyèl anonse yon seri pwofesi ki bay espwa. Jewova sèvi ak imaj ki frapan ansanm ak vizyon ki bay lakrentif pou ankouraje nonsèlman Izrayelit ki prizonye yo, men tou, tout moun ki pa ka tann pou yo wè vrè adorasyon an retabli.