BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rr p. 10
  • Ki sa adorasyon ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa adorasyon ye?
  • Jewova retabli vrè adorasyon an!
  • Sou menm sijè a
  • Vrè adorasyon an ap fè w gen plis kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ann imite Jezi annou adore Bondye yon fason ki fè l plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Adorasyon ki moun Bondye asepte ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore”
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
Gade plis
Jewova retabli vrè adorasyon an!
rr p. 10
Yon fanmi k ap fè adorasyon an fanmi.

KARE REVIZYON 1A

Ki sa adorasyon ye?

Nou ka defini adorasyon kòm “aksyon moun fè pou demontre respè ak lanmou pou yon dye”. Nan Bib la, mo lè yo tradui yo mete “adorasyon” pou yo a kapab gen ide yon moun k ap demontre gwo respè oswa soumisyon pou lòt kreyati (Mat. 28:9). Mo sa yo kapab vle di tou aksyon yon moun fè pou Bondye oswa pou nenpòt lòt dye (Jan 4:23, 24). Se kontèks la k ap fè konnen ki jan pou n konprann mo sa yo.

Se sèl Jewova, li menm ki Kreyatè a e ki Souvren linivè a, ki merite pou nou adore l (Rev. 4:10, 11). Nou adore Jewova lè nou demontre respè pou pozisyon l antanke Souvren ak lè nou onore non l (Sòm 86:9; Mat. 6:9, 10). Sijè ki gen rapò ak souvrènte Jewova ansanm ak non l se de sijè yo pale anpil sou yo nan liv Ezekyèl la. Nan liv Ezekyèl la sèlman, ekspresyon “Jewova, Seyè ki Souvren an” parèt 217 fwa, e ekspresyon “konnen mwen se Jewova” a parèt 60 fwa. — Eze. 2:4; 6:7.

Men, adorasyon nou bay Bondye a pa yon senp bagay nou santi nan kè nou, se yon adorasyon ki sensè ki mache ak aksyon (Jak 2:26). Lè nou vwe lavi nou bay Jewova, nou pwomèt li n ap obeyi l antanke Souvren nan tout aspè nan lavi nou e n ap demontre yon gwo respè pou non l. Sonje, nan repons Jezi te bay Satan apre twazyèm tantasyon an, Jezi te montre adorasyon gen rapò ak “sèvis ki sakre”. (Mat. 4:10.) Antanke moun k ap adore Jewova, nou chofe pou nou sèvi la (Det. 10:12). Nou bay Bondye nou an yon sèvis sakre lè nou patisipe nan aktivite ki gen yon rapò dirèk ak adorasyon n ap ba l la e ki mande pou nou fè sakrifis. Ki aktivite konsa?

Plizyè foto: Sèvis sakre. 1. Yon sè k ap fè kòmantè nan yon reyinyon. 2. Frè ak sè k ap netwaye lokal yon kongrè.

Gen plizyè fason yon moun ka bay yon sèvis sakre, e tout fason sa yo gen valè pou Jewova. Lè nou bay lòt moun temwayaj, lè nou patisipe nan reyinyon yo nan Sal Wayòm nan, lè nou konstwi kote nou reyini yo e nou pran swen yo, se sèvis sakre nou bay Bondye. Mete sou sa, nou bay Bondye yon sèvis sakre lè nou patisipe nan adorasyon an fanmi, lè nou soutni travay pote sekou k ap fèt pou ede kwayan parèy nou ki nan bezwen, lè nou pote nou volontè nan kongrè yo oswa lè nou sèvi nan Betèl (Ebre 13:16; Jak 1:27). Lè nou bay vrè adorasyon an premye plas nan lespri nou ak nan kè nou, nou bay “yon sèvis sakre lajounen kou lannuit”. Nou pran plezi adore Jewova, Bondye nou an! — Rev. 7:15.

Gade chapit 1, paragraf 9

a Youn nan mo ebre lè yo tradui l ki ka bay sans adorasyon vle di “sèvi” tou. Kidonk, adorasyon gen sèvis ladan l. — Egz. 3:12, nòt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje